KOU KREYÒL AYISYEN - FÒMILÈ ENSKRIPSYON | Haitian Creole Class - Registration form | ITIAHaiti
top of page
Event Info: Events

Wed, Jun 16

|

ITIAHaiti

KOU KREYÒL AYISYEN - FÒMILÈ ENSKRIPSYON | Haitian Creole Class - Registration form (2)

ITIAHaiti twouve ap gen plis materyèl didaktik a dispozisyon pitit sòyèt si plis otè ta ka rive pwodywi an kreyòl. Poutèt sa, volontè òganizasyon an pran desizyon pou ta mete yon kou a nivo pou tout moun ki vle aprann konprann, pale ak ekri kreyòl san grate tèt.

Tickets Are Not on Sale
See other events
KOU KREYÒL AYISYEN - FÒMILÈ ENSKRIPSYON | Haitian Creole Class - Registration form (2)
KOU KREYÒL AYISYEN - FÒMILÈ ENSKRIPSYON | Haitian Creole Class - Registration form (2)

Time & Location

Jun 16, 2021, 3:00 PM – 7:00 PM

ITIAHaiti

About the Event

Apre plizyè reyinyon dyalòg ITIAHaiti fè pandan ane 2020 ak 2021 sou diferan tematik, tankou:  

Enpòtans yon òganizasyon literè  

ITIAHaiti epi ou menm 

Lajenès epi lidèchip 

Konnen tèt nou 

Jenès epi kreyativite 

Lajenès epi lespri ekip 

Oryantasyon jenès ayisyen-an 

Edikasyon kreyòl nan lekòl 

Mouvman kreyolofoni 

Opòtinite biznis 

Elatriye;

Ak lòt aktivite kiltirèl, konkou pwezi, epi atelye literè ITIAHaiti prezante an dirèk sou fòm ribrik chak dimanch a 3è, tankou:  

Pwezi lawouze (Deklamasyon ak lekti) 

Parabòl savan (Pwovèb powèt kontanporen) 

Jagon literè (Vokabilè ak sans mo yo) 

Plim an aksyon (Etid tèks ak koreksyon);

Nou jije nesesè pou ta gen yon kou kreyòl a dispozisyon moun ki ta renmen ekri lang lan san grate tèt. Lide sa pral vin konkrè aprè de (2) premye rankont “Parabòl savan”, kote nou ta pral jwenn de (2) gwo ekriven ayisyen (Frantz Jean Baptiste ak Gontrand Lamour) ki deklare ke yo pa pibliye an kreyòl akoz lakin yo genyen pou ekri lang manman-an.

ITIAHaiti twouve ap gen plis materyèl didaktik a dispozisyon pitit sòyèt si plis otè ta ka rive pwodywi an kreyòl. Poutèt sa, volontè òganizasyon an pran desizyon pou ta mete yon kou a nivo pou tout moun ki vle aprann konprann, pale ak ekri kreyòl san grate tèt.

KLIKE LA POU W ENSKRI :

KOU KREYÒL AYISYEN - FÒMILÈ ENSKRIPSYON 

Haitian Creole Class - Registration form

Ou ka pataje l ak zanmi w tou: https://forms.gle/GJBXjBkbzSFBEF7X8

Klike sou lyen sa chak 4èm dimanch pou w patisipe

Pataje lyen zoom nan ak zanmi w: https://zoom.us/j/96182335287

Rete konekte avèk nou paske klas la ka transfere sou GOOGLE CLASSROOM / GOOGLE MEET

Share This Event

Alfabe kreyol Ayiti

Subscribe Form

Thanks for submitting!

Subscribe Form

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO w.png
bottom of page