MOUVMAN POU LEKÒL KREYÒL

Kijan lang KA kapab sèvi zouti pou diminye osinon anpeche echèk eskolè?

 

Plan

- Entwodiksyon

- Ti istwa sou kreyòl

- Lang, pi bon mwayen pou pataje lakonesans

- Enpòtans lang nan edikasyon

 

Entwodiksyon

 

Potomitan tout vi sosyal, san jeretyen, lang yon pèp se nannan pati patrimwàn kiltirèl, edikatif, politik li. Lang yon pèp se pi bon zouti ki pou bay libète li ak pwogrè li fòm (Victor Hugo, les miserables, 1862). Nou tanmen atik la ak diksit sa a, yon mannyè pou nou moutre gen yon dyalite ki anrasinen ledikasyon ak sosyete. Kidonk, tout baz travay la pral chita sou refleksyon ki konsène enpòtans lang KA ak ledikasyon jouk nou rive pote plis limyè epi fè plis moun konprann rapò de tèm yo marande pi byen. Anmenmtan , nou ap di li enpòtan anpil pou nou presize, refleksyon sou dyalite lang-ledikasyon nan KA perèt nan je nou, yon travay ekstwòdinè pou yon bann rezon, menmsi tout travay la ap blayi kò li sou de nan rezon yo sèlman : enpòtans lang nan yon sosyete_ edikasyon yon pèp nan lang ki rele li chèmètchèmètrès) . aprè kèk konsta, nou rive wè se pa tout lokitè kreyolofòn ayisyen ki fin byen konprann itilite yon lang nan yon sosyete . Anpil nan yo pa gen bon jan diskou sou tèm yo, e sa konn lakòz yo itilize yo jan yo vle ak jan yo pito. Kidonk , kesyon nou ka poze nan kad travay sa, se Kijan nou ka rive ede lokitè yo byen konprann fenomèn sa ? Ki pi bon politik lengwistik ki pou ta fèt? Jan plan atik la te anonse li a, Nou ap demare ak ti listwa sou lang kreyòl , pou nou pase pran avantaj ki genyen lè nou chwazi fè ansèyman yon pèp nan lang li, epi pou nou bout nan enpòtans lang KA menm.

 

1- Ti listwa sou kreyòl

Pale sou jenèz kreyòl se yon kesyon lengwistik jeneral ki dire plis pase yon syèk, yon elatriye chèchè syantifik vini deja ak anpil teyori pou yo esplike pwosesis chanjman lengwistik sa yo rele << Kreyolizasyon>>. Mufwene (2002). Pou Mufwene, nou ka defini kreyòl yo tankou nouvo varyete ki soti nan lang ki te la deja, ki devlope nan kontak yon lang ewopeyen ak plizyè lòt lang ki pa ewopeyen, sa te konn fèt alantou Atlantik la, Oseyan endyen ak Oseyan pasifik, soti 17èm syèk rive 19èm syèk. Nou jwenn tou Robert Chaudenson, ki pa fin ale nan sans kontrè pawòl Mufwene yo, men li di : li toujou enpòtan pou nou presize tèm kreyòl la, nan yon premye tan, te konn anplwaye tankou adjektik ( lang kreyòl, men jounen jodi a, li anpwaye tankou sibtantif ( kreyòl yo) pou nou pale de tout lang ki fèt nan sitiyasyon kolonyàl ewopeyen an.

 

Tèm kreyòl la soti nan mo espanyòl criollo oubyen nan mo pòtigè crioulo, ki soti nan vèb pòtigè criar ki vle di << leve>> oubyen nan vèb laten creare ki vle di << pwodui, kreye>>. ( Holm, 1988). Tèm nan te fèt nan moman komès maritim ewopeyen an te ap payaya kò li ak lè koloni ewopeyen an te tabli katye jeneral yo nan kèk peyi an Amerik, Afrik, End, tout alantou kote sid ak sidès kontinan Azi jouk rive Endonezi, Filipin, Lachin ak Oseyani. Yo te konn itilize li pou nonmen tout moun ki fèt nan epòk la , yon mannyè pou nou ka distenge yo pami imigran ki fèt an Ewop yo. ( yo te konsidere imigran ki fèt an Ewop yo siperyè). Yo te vin adopte tèm nan nan peyi Lespay, epi an franse, pita, an angle, nan kòmansman 17èm syèk la. Nan menm mwatye syèk sa, tèm nan vin jeneralize pou desandan Afriken ak Ewopeyen ki fèt nan koloni a. Espansyon tèm nan vin pèmèt nou sèvi ak li pou nou nonmen lang moun sa yo pale a . La ankò , li enpòtan pou nou presize gen plis pase yon santèn kreyòl nan monn lan, men yo gen baz leksikal diferan. Paregzanp, an Ayiti , Lagrenad, Lamatinik, lwizyàn, yo pale yon kreyòl ki gen baz leksikal franse, sa ta vle di , ki gen anpil mo franse ki antre nan fòmasyon lang la, alòs nan peyi Lajamayik, Lagiyàna ak Awayi yo pale kreyòl ki gen baz leksikal angle.

 

Pou nou antre drèt nan kreyòl ayisyen an, nou ap di, se yonn nan kreyòl ki gen plis lokitè nan tout monn lan. Anpil chèchè konsidere li tankou varyete kreyòl ki pi devlope nan tout kreyòl ki genyen baz leksikal fransè, men tou nan tout kalite varyete kreyòl kèlkeswa lang endo-ewopeyen ki domine nan vokabilè yo. Nou genyen Albert Vadman (2005) ki afime kreyòl ayisyen an se varyete kreyòl ki te deja rive nan yon wo nivo prestij ki fè yo te kapab sèvi ak li nan lavi piblik depi nan kòmansman 19èm syèk. Yo te kapab anseye li depi nan epòk sa a kòmsadwa. San nou pa bliye di ki gwo tonton wòl lang kreyòl la te jwe nan anpil konba politik peyi a konnen epi tou nan literati ayisyen an ki pa sispann fè pale de li nan lemon antye jouk jounen jodi. Sou pwen sa , nou ap mande kijan fè yon lang ap fè bèl literati ki ap bay anpil lòt peyi tiz, epi pou nou pa ka sèvi ak lang sa pou nou fè ledikasyon yon pèp? Se literati ki pèmèt moun konsève konsyans ki fè li moun lan. (Gao Xingjan, pri Nobèl literati, 2000, la raison d’être de la littérature)

 

2- Lang, pi bon mwayen pou pataje lakonesans

 

Nan yon sans laj, nou ka di tout langaj se kominikasyon, e tout mòd kominikasyon se yon langaj. Lè yon foumi kwaze yon lòt epi yo kole tèt yo ansanm, se kominike yo komike, e pou sa fèt yo itilize yon langaj. Pou Claude Lévis-Strauss, se yon ansanm kominikasyon ki divize an twa òd ki defini lavi sosyal. Premye a se echanj enfòmasyon yo, ki fèt sou mwayen langaj. Dezyèm nan se echanj byen , ki fèt sou mwayen ekonomi. Twazyèm nan se echanj moun, ki fèt sou mwayen rityèl, paregzanp, maryaj. Men nan kad travay sa nou ap plis chita sou premye òd la pou nou elaji agiman nou yo. Avan nou touche nannan atik la, an nou eseye konprann kisa ki kominikasyon.

 

Daprè Richard Archand (titilè yon metriz nan lengwistik, pwofesè nan depatman literati ak kominikasyon nan Cégep de Trois-Rivieres, nan peyi Kanada, depi lane 1971) , nan liv li ki pote tit << La communication efficace>>, ki pibliye nan mezon edisyon << Centre Educatif et Culturel inc>>, nan lane 1995. Li di : Nan sa ki konsène moun, nou ka defini kominikasyon tankou yon pwosesis dinamik moun sèvi pou tabli relasyon avèk yon lòt pou twoke lide, lakonesans epi emosyon, pandan yo ka itilize lang oral oubyen lang ekri, e menm pafwa lòt sistèm siy, tankou : jès, mizik, desen, elatriye. Se komikasyon ki tabli lyen ki pèmèt tout sosyete egziste epi byen fonksyone. Jan filozòf Rene Descartes di li a : nan tout espès sou latè, se moun ki gen dwa ak lapawòl. Lengwis Andre Martinet ale nan menm sans lan, menm lè li plis mete anfaz sou kesyon doub atikilasyon ( mòfèm/fonèm) pou li distenge langaj moun ak langaj bèt. E depi ou di lapawòl ou di lang, menm lè gen lengwis tankou Ferdinand Saussure ki pale de dikotomi lang/pawòl , nan sans pou li di de tèm yo pa fin menm , li kwè pawòl la endividyèl epi lang lan kolektik.

 

Soti nan estad jestyèl, pase pran lengwistik pou rive nan estad odyovizyèl, kominikasyon an pa sispann swiv devlopman limanite. Jounen jodi, malgre tout pwogrè teknolojik, echanj moun yo ap fè pap janm ka depase pouvwa lang. Adrese yon moun ak yon gadjèt elekronik pa sifi pou fè mesaj ou vle pase a byen pase, yon fason pou nou di ou, efikasite kominikasyon lengwistik chita sou anpil faktè, men li toujou pi fasil, pi senp e pi klè lè ou sèvi ak lapawòl/lang pou ou fè sa.

 

 

3- Enpòtans lang nan edikasyon

 

Gen anpil deba ki fèt sou rapò langaj ak panse. Kèk chèchè, rive dakò yo pa makonnen, Spinoza, Bergson, Descartes, elt. Nan sans pou di yonn pa vrèman depann de lòt. Genyen tou ki di, panse ak lang se senkant kòb ak degouden, tankou filozof grèk antik yo Pythagore, Platon, Antisthene, Cratyle elt. Yon fason pou di pa gen mwayen pou nou separe yo. Men , malgre tout sa yo ka di sou tèm sa yo, nou ap toujou tonbe dakò okenn moun pap fasil rive panse pi byen nan yon lòt lang pase nan lang ki rele li chèmètchètrès la. Alòs an nou mande tèt nou nan ki lang nou panse Ayisyen ka bi byen panse ? Poukisa depi lontan rive jouk jounen jodi, yo ap fòse nou panse nan lang nou pa menm byen metrize ? Ki rezilta nou ap jwenn apre mòd vyolans lengwistik sa ?

 

Akòz yon bann rezon san jèvrin, anpil ayisyen, sitou leta nan peyi a pa janm rive konprann enpòtans lang kreyòl la genyen nan ledikasyon peyi Dayiti. Yo pa janm vle rive konprann se paske nou pase lang nou anba pye ki fè nou pa ka fè wonn pòt. Se paske nou pa bay lang nou valè ki fè yonn pa janm ka konprann lòt. Nou kondane pou nou viv de men pandye, sou tout plan : sosyal, edikatif, ekonomik, politik, kiltirèl, elatriye, toutotan nou pa aprann renmen sa ki rele nou pa nou, toutotan nou pa chwazi lang nou pou nou trase chimen devlopman.

 

Pa gen sekrè nan sa , tout peyi ki ap bouje byen, tout peyi ki ka frape lestomak yo di yo granmoun lakay yo, se nan lang pèp yo pi maton an yo fè ledikasyon, yo toujou fyè epi enpoze nenpòt lòt imigran ki ap vin etidye nan peyi yo a pou yo degaje yo kou mèt jan jak pou yo pale lang lan. Yo pap janm mete yo nan kondisyon pou yo fòse konprann yon etranje ki vin sou bout tè yo a ! Kèk moun ka wè sa mal, men se yonn nan pi bon modèl politik lengwistik ki ta ka fèt pou kore estati ak valè yon lang. Pouki nou pa ka fè sa an Ayiti ?

 

Nou te gentan gen plis pase yon santèn lane depi nou te endepandan, apre anpil voyepye, soti lane 1980 rive 1987 , sou lobedyans minis Jozèf C. Bèna, konstitisyon an te deklare kreyòl la ofisyèl epi lang nasyonal peyi a. Apre gwo pa sa lang lan te make a , ki lòt travay ki fèt pou fè li fè chimen li ? Poukisa nou toujou gen tèt fèmal lè nou ap konte dividal elèv ayisyen ki ap sibi echèk lekòl paske yo pa sispann fòse yo aprann nan yon lang yo pa menm konprann ? Se pa jounen jodi kesyon sa yo ap poze, men okenn repons makonnen ak aksyon pa janm lanse ? pouki rezon ?

 

Listwa fè nou konnen, depi nesans lekòl ayisyen an apre endepandans lan , an 1804, jouk rive nan refòm edikatif 1979 la, se lang franse sèlman yo te sèvi pou ansenye elèv ayisyen yo. Yonn nan rezon sitiyasyon kritik sa, se paske se blan franse ki te responsab fè lekòl nan peyi a nan epòk sa. Kreyòl la ap vin payaya kò li nan lekòl la an 1982, apre refòm edikatif 1979 la. Dapre preskri ofisyèl refòm nan, lekòl dwe kòmanse an kreyòl, kote elèv yo t ap aprann franse nan nivo oral, sa ki ta dwe mennen yo pase nan franse a nèt nan finisman nivo primè ( Chaudenson & Vernet)[2]. Kreyòl la antre nan lekòl , se vre, men gen anpil lekòl ki toujou derefize ansenye li. Malgre tout pwogrè sa yo, kreyòl pa janm rive jwenn plas li merite nan sistèm edikatif ayisyen an vre. Anpil lekòl, politik lengwistik yo, se entèdi kreyòl pale nan etablisman an. Genyen ki menm sèvi ak politik senbòl la toujou, yon eksperyans nou pran lakay Lafrans kolónyal ki t ap degèpiye lang rejyonal yo sou teritwa li a.

 

Pou kreyòl la rive jwe wòl lang ansèyman san jeretyen, genyen anpil mezi ki dwe pran, gen anpil jefò ki dwe fèt. Pami mezi sa yo, nou kapab kenbe yon politik edikatif ekilibre ki lyannen ak yon politik lengwistik kote Leta bay 2 lang ofisyèl peyi a plas yo chak merite selon demografi popilasyon an ki pratike yo chak, selon jan nou sèvi avèk yo chak, selon sa lasyans kognitif anseye nou sou wòl ak enpòtans lang matènèl genyen nan pwofesis aprantisaj lekòl. ( Govain , 2013)[3] Politik edikatif sa ki lyannen ak yon bon politik lengwistik dwe pwopoze desizyon yo selon valè reyèl chak lang genyen nan sistèm kominikasyon reyèl nan kominote a.

 

Yon bon politik edikadif privilejye reyalite lengwistik, sosyo-ekonomik, politik, kiltirèl ou menm fòlklorik kominote a. li chita sou eksperyans majorite a pou kèlkeswa dimansyon li konsidere a. Leta dwe defini yon nouvo politik edikatif pou yon nouvo lekòl kote tout lekòl yo ap gen menm pwogwam, kote anseyan yo genyen menm fòmasyon, kote tout aprenan yo gen menm materyèl didaktik, kote lang kreyòl la byen didaktize, kote tout moun gen menm chans pou yo reyisi nan sistèm nan, pou lekòl sispann sèvi pou achouche menm elit la, kote edikasyon an pa favorize mobilite nan klas sosyal yo ankò.

Gen anpil lòt kichòy nou te ka pwopoze ki ta ka pèmèt nou anpeche kèk pwoblèm ki sèvi baryè nan sistèm edikatif ayisyen an, men nou chwazi bout sou lide sa nou sot site anlè yo, pandan nou ap di, si lekòl yo sispann plase kreyòl nan kad yon senp matyè menmjan ak matematik, biyoloji, chimi, elatriye, pou yo sèvi ak li kòm lang ansèyman, sistèm lan ap bay pi bon rezilta, e rezilta sa yo prale nan sans devlopman peyi a, dayè pa gen nan yon lang yon pèp ka pi byen aprann pase lang pa li a ( Louis-jean Calvet, 1974)[4]

 

Bibliyografi

 

- Gadet , Françoise, 2003 : La variation sociale en française, Orprys, col. Ed L’essentiel.

- Dejan Iv, 2006 : yon lekòl tèt anba nan yom peyi tèt anba, Port-au-Prince, Editions Henri Deschamps.

- Calvet L. J, (1974), Linguistique et Colonialisme. Petit traité de glottophagie, Paris, Payot.

- Chaudenson R. & Vernet P ,1983, l’Ecole en créole, étude comparée des réformes des systèmes éducatifs en Haïti et aux Seychelles, Paris, ACCT.

- [1] Govain R. (2013), << Enseignement du créole à l’école en Haïti: entre pratiques didactiques, contextes linguistiques et réalités de terrain>> in F. Anciaux, Th. Forissier et L.-F Prudent (dir.), Contextualisations didactiques. Approches théoriques, Paris, L’Harmattan,

- Richad Arcand & Nicole Bourdeau, 1995, La communication efficace, Canada, Centre Educatif et Culturel inc.

[1] Kreyòl ayisyen [2] Chaudenson R. & Vernet P. (1983), l’Ecole en créole, étude comparée des réformes des systèmes éducatifs en Haïti et aux Seychelles, Paris, ACCT. [3] Govain R. (2013), << Enseignement du créole à l’école en Haïti: entre pratiques didactiques, contextes linguistiques et réalités de terrain>> in F. Anciaux, Th. Forissier et L.-F Prudent (dir.), Contextualisations didactiques. Approches théoriques, Paris, L’Harmattan, 19-50.

 

Moun ki ekri atik la :

Marvens Jeanty,

Etidyan finisan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA)

Email: jeanty@itiahaiti.org

Subscribe Form

Subscribe Form

  • Facebook
  • Twitter
  • YouTube
  • Instagram

©2008-2021 by THELIMO Services