top of page
Event Info: Events

Sun, May 29

|

ITIAHaiti

Faz eliminatwa konkou kreyòl entènasyonal 2022

Lis patisipan ki retni yo ap piblik sou sit ITIAHaiti-a 30 avril. Faz eliminatwa konkou-a ap fèt 29 me sou zoom, epi final la ap fèt 31 jiyè 2022. Nou ankouraje atis yo voye yon videyo ant 2 a 5 minit ki prezante atizay yo pou si entènèt yo pa ta bon nan jou-a.

Registration is Closed
See other events
Faz eliminatwa konkou kreyòl entènasyonal 2022
Faz eliminatwa konkou kreyòl entènasyonal 2022

Time & Location

May 29, 2022, 2:00 PM – 6:00 PM EDT

ITIAHaiti

Guests

About the Event

PWEZI, ENTÈPRETASYON, DESEN

Nan objektif pou ankouraje jenès ayisyen kenbe idantite li byen wo, ITIAHaiti lanse 2èm edisyon konpetisyon literè ak atistik li sou "edikasyon kreyòl nan lekòl, jesyon konfli, ak koyezyon sosyal".  Aktivite sa sèvi kòm yon terapi pou atis yo degaje sa k ap pase jounen jodi-a, epi sigjere solisyon. Jan li te ye apre endepandans 1804, Pyonye yo te itilize plim yo pou defann peyi-a devan pisans kolonyalis. Jounen jodi-a, ITIAHaiti oryante kontanporen yo nan yon dinamik angajman pou mete Ayiti kanpe sou de pye militè li. Lide patisipan yo eksprime nan atizay yo pral sèvi kòm gid pou enspire chanjman radikal. ​ Youn nan objektif fondamantal aktivite sa se pou dote manman lang peyi-a yon alfabè san konteste. Ane sa, nou chita sou sin "à/àn" ki pran plas li nan lang pale ak lang ekri-a, men ki pa t janm mansyone nan alfabè-a. Kreyòl ayisyen-an plis pale sou "son/fonèm" ak “sin/grafèm”, olye pou li ta di lèt, konsòn, oswa vwayèl. Tout "sin/grafèm" w ap itilize nan lang ekri, ak tout "son/fonèm" ki soti nan lang pale-a dwe soti nan alfabè-a tou. “Kidonk, a ki gen aksan fòs la (à/àn) pa te janm mansyone nan alfabè kreyòl la. Poutèt pou ajisteman sa ka pi popilè, nou lanse yon konpetisyon entènasyonal ki pral mete tout mo ki gen a aksan fòs (à/àn) an valè nan lang ekri-a.

ENSKRIPSYON : Klike la pou w voye fòmilè enskripsyon w gratis ti cheri 

PRIM: 100.000.00 Goud/ US$ 1.000.00

  • 15.000.00 Goug/ US$ 150.00 pou premye gànyan nan chak kategori
  • 10.000.00 Goud/ US$ 100.00 pou dezyèm gànyan nan chak kategori
  • 5.000.00 Goud/ US$ 50.00 pou twazyèm gànyan nan chak kategori
  • 10.000.00 Goud/ US$ 100.00 kòm prim konsolasyon tankou sètifika
  • ITIAHaiti ap chache lòt prim pou fè patisipan yo sipriz. Rete branche! 

RÈGLEMAN

  1. PWEZI: Powèm kreyòl ant 250 a 500 mo, epi itilize 12 mo diferan ki gen "à" aksan fòs (àn) (pou pi piti) anndan li, tankou: Àn, Antwàn, avwàn, bekàn, dwàn, Giyàn, kàn, karavàn, kràn, lamàn, manbràn, medyàn, megalomàn, megalomànri, melomàn, melomànri, Miragwàn, mwàn, ógàn, pàn, patizàn, patizànri, plàn, pwofàn, pwofànri, pwopàn, tànyè, toksikomàn, elatriye;
  2. ENTÈPRETASYON: 2 atis pou pi piti, oswa jiska 7 atis ap entèprete im "Nou Se ITIAHaiti" sou bit mizik la;
  3. DESEN AK PWEZI: Fon ak tit/sijè atizay yo dwe baze sou edikasyon kreyòl nan lekòl, jesyon konfli, enklizyon oswa koyezyon sosyal;
  4. Nou ankouraje atis yo voye yon videyo ant 2 a 5 minit ki prezante atizay yo pou si entènèt yo pa ta bon;
  5. Lis patisipan ki retni yo ap piblik sou sit ITIAHaiti-a 30 avril. Faz eliminatwa konkou-a ap fèt 29 me sou zoom, epi final la ap fèt 31 jiyè 2022;
  6. Voye travay ou-a ak yon foto w apati lyen nou bay sou sit entènèt nou-an;
  7. Nou kòmanse resevwa enskripsyon apati 1e janvye pou rive 28 fevriye 2022 a 11è 59mn pm;
  8. Yon atis ka patisipe nan diferan kategori, depi li vle. Si li pa majè, paran li ap siyen yon fòmilè anvan konkou-a;
  9. Lè ou patisipe nan konkou sa, ou bay ITIAHaiti dwa pou li pataje atizay ou-a avèk non w oswa foto w ladan an piblik, vann li, kit ou pèdi, oswa genyen;
  10. Pou plis detay, kontakte nou sou Facebook, Instagram, Linkedin, a@itiahaiti.org, WhatsApp, oswa +1-781-801-7866
  •  

Wilsonn Telimo Lwi

Prezidan ITIAHaiti

This event has a group. You’re welcome to join the group once you register for the event.
1 update in the group

Tickets

  • Faz eliminatwa konkou yo

    Lis patisipan ki retni yo ap piblik sou sit ITIAHaiti-a 30 avril. Faz eliminatwa konkou-a ap fèt 29 me sou zoom, epi final la ap fèt 31 jiyè 2022. Nou ankouraje atis yo voye yon videyo ant 2 a 5 minit ki prezante atizay yo pou si entènèt yo pa ta bon nan jou-a.

    $0.00
    Sale ended

Total

$0.00

Share This Event

bottom of page