Chak 2èm dimanch: PARABÒL SAVAN - Every 2nd Sunday: TODAY’S QUOTES (1) | ITIAHaiti ITIYAyiti
top of page
Event Info: Events

Sun, Apr 11

|

ITIAHaiti

Chak 2èm dimanch: PARABÒL SAVAN - Every 2nd Sunday: TODAY’S QUOTES (1)

Franns Jan-Batis gen yon metriz nan dwa ak syans politik, epi li fè etid avanse nan relasyon entènasyonal nan Inivèsite Pari 8 (ywit), an Frans. Li se yon otè dramatik ki mete yon seri pyès teyat sou sèn, epi se li menm ki reyalize fim “l'Enfant du Destin” ki te fè anpil siksè an 2019.

Registration is Closed
See other events
Chak 2èm dimanch: PARABÒL SAVAN - Every 2nd Sunday: TODAY’S QUOTES (1)
Chak 2èm dimanch: PARABÒL SAVAN - Every 2nd Sunday: TODAY’S QUOTES (1)

Time & Location

Apr 11, 2021, 3:00 PM – 4:00 PM EDT

ITIAHaiti

Guests

About the Event

Menm jan ak Edzè Vilè ki di: “Powèt la se tankou myèl k ap chikannen sik nan flè pou fè siwo li”. Ribrik “parabòl savan” la pou detaye kèk lide kache ki genyen nan yon seri pawòl lòt konesè konn di, yon fason pou enspire jèn yo envante pwòp pwovèb oswa sitasyon pa yo.

Nan ribrik sa-a, nou ede ekriven yo fokis sou nanm mesaj yo vle fè pase nan yon piblikasyon, nan fè yo triye fraz kle-a, mesaj kache-a, yon pawòl nou pat janm tande anvan, kote ke se li menm sèlman ki ta di li. Nou konn bay kèt kont epi poze kesyon sou kèk lòt zèv tou, yon fason pou pouse kontanporen yo fè plis rechèch.

Patisipan yo ka pote pwovèb, panse, parabòl, oswa sitasyon pa yo pou fè deba. Toujou nan objektif pou reviv kilti ayisyen-an, yo ka prezante yon seri ti patwa, espò, ak jwèt ayisyen te konn fè nan tan lontan, epi ki gen moralite anndan yo.

KLIKE SOU LA POU W KONEKTE CHAK DEZYÈM DIMANCH A 3E NAN APRE MIDI

Tickets

  • PWEZI LAWOUZE - Spoken Words

    Nan objekti pou motive jèn kontanporen yo resite powèm, gen plis estil nan deklamasyon yo, epi kreye divètisman nan aprantisaj, ITIAHaiti mete kanpe yon kokennchenn resital pwezi ak lekti nenpòt lòt atizay chak dimanch à 4è an dirèk.

    $0.00
    Sale ended

Total

$0.00

Share This Event

bottom of page