top of page

M touye tèt mwen ap ri 😂. Se konsa yo pwograme nou vre wi.

M touye tèt mwen ap ri 😂.


Se konsa yo pwograme nou vre wi. Lè m ap pale pou Ayiti chanje, fòk sistèm edikasyon an chanje a, gen yon bann dyaspora lang poudre k ap jwe ak pwojè a. Yo bliye kote yo soti. Epi gen yon pakèt Ayisyen ki gen foli entèlektyèl ki di pitit yo pa p aprann an kreyòl. Kisa sistèm edikasyon fransè nou vle pitit nou pwograme ladan l lan itil nou apre 220 ane endepandans, si se pa san esklav la ki kwit nan venn ak sèvo nou?


Si edikasyon te fèt an kreyòl, lang ti gason sa pi byen konprann lan, di m si manman l pa t ap ka ede l pi byen, san edike li nan vyolans, ni fòsri pou l konnen leson an pa kè.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
Alfabe kreyol Ayiti

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO w.png
bottom of page