top of page

KPT-a Pa Ka Rete Pou 2èm Lendi Fevriye 2026 Ankò.

KPT-a Pa Ka Rete Pou 2èm Lendi Fevriye 2026 Ankò.






KPT-a Pa Ka Rete Pou 2èm Lendi Fevriye 2026 Ankò. Wilsonn Telimo Lwi
KPT-a Pa Ka Rete Pou 2èm Lendi Fevriye 2026 Ankò. Wilsonn Telimo Lwi

Fanmi, zanmi, antouraj, sitwayen alawonn-badè;


Nou rive nan yon faz kote nou konstate Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) Ayiti-a echwe nan de (2) misyon fondamantal li te bay tèt li yo, ki te: sekirite ak eleksyon pou mete peyi-a sou ray devlòpman apati 2èm lendi fevriye 2026.


Daprè analiz nou fè antanke jiris, nou wè li enposib pou nou kite mesye-dam Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon yo kontinye ap manje lajan taks nou, lajan kouray nou, epi bwè san nou. Sa ki pi rèd la, nou temwen yon bann frè ak sè nou yo ki ap mouri chak jou anba bal oligak kowonpi ki te enstale konsèy prezidansyèl la.


Poutèt sa, nou pran rezolisyon sitwayen sa pou nou di: nou pa vle vòlè, mantè, enpostè sa yo kontinye ap likide peyi-a pou jouk 2èm lendi fevriye 2026 paske pa gen okenn mwayen yo pral ka ni fè eleksyon, ni mete sekirite nan peyi-a, jan sektè entènasyonal la te andoze yo-a.


Malè avèti pa touye kokobe. KPT-a pa kalifye pou li pase pouvwa ba yon lòt pouvwa, ni yon lòt Leta, oswa yon lòt tranzisyon. Ayiti nan gè, nou nan gè, tout ayisyen nan gè an fas yon klas oligak kriminèl ki asasine premye prezidan nou, ki touye dènye prezidan nou, e ki ap vann ògàn nou.


Fòk nou jwenn yon solisyon ayisyen paske KPT-a pa reprezante nou, ni reprezante tèt yo, menm pati politik ki ba yo pouvwa. Yo jis reprezante sektè entènasyonal la antanke esklav domestik, esklav talan, esklav mantal, oswa antanke kidnape enkonsyans.


Wilsonn Telimo Lwi

Prezidan ITIYAyiti

Ayiti Otonòm KÒTAKÒT.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page