top of page

Men kèk etap nou prevwa pou enplimante sistèm edikasyon n ap preche pou Ayiti otonòm KÒTAKÒT sou chemen edikasyon-an:

Men kèk etap nou prevwa pou enplimante sistèm edikasyon n ap preche pou Ayiti otonòm KÒTAKÒT sou chemen edikasyon-an:


1) Yon konsèy minis pou mete kreyòl lang administratif nan tout biwo Leta;


2) Alfabetize entèlektyèl nou yo atravè pwojè fòmasyon peye pou yo ka gen enterè aprann ekri kreyòl pi rapid pou fasilite distribisyon materyèl didaktik;


3) Kòmanse sistèm edikasyon kreyòl la nan kindègadenn epi grandi l chak ane;


4) Mete tout materyèl didaktik kreyòl an ling gratis sou sit entènèt Leta oswa chak ministè yo;


5) Kanpe lekòl klasik nan reto, sa vle di: moun fini lekòl apre 12èm ane, jan Etazini fè li;


6) Tout moun ki te rive nan reto dispanse kòm moun ki fini lekòl, sa vle di: Leta ba yo papye filo kòm moun ki fini lekòl, epi lage zonbi sa yo al bat zèl yo nan yon domèn aprantisaj yo gen aptitid;


7) Pa gen double klas nan Lekòl klasik ankò, sa vle di: Leta demele l kou mèt Jan Jak pou l ankouraje pwofesè ak paran fè tout timoun pase lekòl chak ane;


8) Chak legliz gen yon sant pwofesyonèl gratis, epi Leta gen kontwòl kantite Legliz nan chak komin, depan popilasyon komin lan;


9) Leta mete lajan disponib pou tout jèn ki vle aprann yon pwofesyon mànyèl OSWA yon lang etranje;


10) Gen mezi jidisyè ki prevwa kont moun ki gaspiye kajan Leta nan kad pwogram sosyal sa yo pou Ayiti otonòm KÒTAKÒT sou chemen edikasyon.


Men kèk etap nou prevwa pou enplimante sistèm edikasyon n ap preche pou Ayiti otonòm KÒTAKÒT sou chemen edikasyon-an:
Men kèk etap nou prevwa pou enplimante sistèm edikasyon n ap preche pou Ayiti otonòm KÒTAKÒT sou chemen edikasyon-an:

ITIYAyiti

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page