N ap Poze Kandida pou Prezidan Kòm yon Opòtinite pou Sove Peyi Nou.
- ITIAHaiti
- Jul 21
- 2 min read
Updated: Aug 12
N ap Poze Kandida pou Prezidan Kòm yon Opòtinite pou Sove Peyi Nou.
Nou ap poze kandida pou prezidan kòm yon opòtinite pou sove peyi nou. Depi 2008, aspirasyon nou, akonpanye ak yon pakèt lòt jèn ki demisyone, se te wè Ayiti chanje. Pou sa fèt, nou te kreye yon òganizasyon literè ak teyat pou reflete reyalite sosyal, plenyen poblèm nou, sò nou, epi sigjere sa nou vle pou avni nou, sosyete nou.
Angis pou bagay yo chanje, chak jou bagay yo vin pi mal, e jenerasyon nou-an ki t ap chache lavi-a antre nan sa yo pa te janm dezire, ni reve. Poutèt sa, nou menm zonbi ki kase kòd; nou menm zonbi ki goute sèl edikasyon: nou deside sove rès zonbi yo. Nou vle vin rachte rès esklav mantal yo, jèn parèy nou yo kriminalize, epi demounize yo. Kòm nou deja pèdi jenès nou, n ap kontinye travay pou sove vyeyès nou ak jenerasyon k ap vini yo.
N ap raple tout moun ke lit nou-an pa yon lit revanj, ni yon lit pou ranplase moun ki echwe, men yon lit KÒTAKÒT kote tout inyoran pran konsyans ke Ayiti se pou Ayisyen, nan konstwi yon peyi kote tout moun ka bwè dlo pwòp, dlo trete ki fèt nan peyi-a. N ap mennen yon lit kote tout ayisyen ka respire bon lè sen nan yon anviwònman ki vèt atravè rebwazman, agrikilti, pèch, elvaj ak nouvèl enfrastrikti. N ap mennen yon lit pou tout moun jwenn manje jouk yo kite atè, epi fè transfòmasyon. N ap mennen yon lit pou tout ayisyen konn li ak ekri nan lang manman yo.
Nou kwè atravè edikasyon, tout moun ki fòme ka bay tèt yo sekirite poukont yo; tout moun ki fòme ka bay tèt yo manje poukont yo; tout moun ki fòme ka bay tèt yo kote pou yo rete pou kont yo; tout moun ki fòme ka bay tèt yo sante pou kont yo; tout moun ki fòme ka bay tèt yo lwazi epi jere yon fanmiy pou kont yo; tout moun ki fòme ka bay tèt yo tout sa yo bezwen poukont yo KÒTAKÒT ak yon Leta ki KÒTAKÒT ak yo.
Lit nou-an se yon lit pledwari. Menm si nou pa ta eli, mesaj nou-an ap pase nan pi wo nivo politik, ak espwa ke kandida ki eli-a va pote doleyans nou-an pou kominote-a, si yo vin defann Ayiti vre.
Wilsonn Telimo Lwi, Prezidan ITIYAyiti, Ayiti Otonòm Kòtakòt
Comments