
Èske Misyon Ayiti–Salvadò-a Pral Atake Tout Sistèm Gang Lan?
Èske Misyon Ayiti–Salvadò-a Pral Atake Tout Sistèm Gang Lan?
Demand piblik pou transparans ak jistis egal ego.

Gouvènman Ayiti ak Salvadò dwe esplike si akò sekirite yo-a ap vize sèlman jèn ame ki nan lari yo, oswa tout rezo kriminèl ki pèmèt gang yo fonksyone.
Sistèm gang lan pa limite ak moun ki kenbe zam nan. Li depan tou de:
* Founisè zam ak minisyon;
* Finansè ak moun k ap blanchi lajan;
* Transpòtè ak ajan ladwàn;
* Pwotektè politik ak enstitisyonèl;
* Enterè ekonomik ki bay asistans materyèl;
* Konplis ak benefisyè entènasyonal.
Misyon an dwe swiv prèv yo soti nan egzekitan ame yo pou rive jwenn founisè zàm yo; soti nan founisè yo pou rive jwenn finansè yo; epi soti nan finansè yo pou rive jwenn tout pwotektè politik, ekonomik oswa enstitisyon entènasyonal kèk rapò mete an kòz atravè prèv kredib.
Sa mande pou otorite yo:
* Trase zam yo sezi ak lajan kriminèl yo;
* Ankete sou akizasyon serye ki konsène moun ki nan Leta ak oligak kowonpi yo;
* Bloke epi sezi byen tout kriminèl dapre lalwa;
* Sekirize pò, fwontyè ak operasyon dwàn yo;
* Pwoteje temwen, jounalis ak envestigatè;
* Prezante prèv yo devan tribinal endepandan.
Gouvènman yo dwe pibliye akò-a.
Nou pa dwe mezire siksè ak kantite moun yo arete oswa touye. Nou dwe mezire li ak kantite lavi nou pwoteje, rezo zam nou demantle, byen kriminèl nou sezi, konplis ki nan pouvwa nou jije ak enstitisyon ayisyen nou ranfòse.
Pa nan kraze kay.
Pa nan nounalis ak telefòn
Pa akizasyon kolektif.
Pa jistis selektif.
Pa pinisyon san pwosedi legal.
Pa pwoteksyon pou sispèk ki gen pouvwa.
Pa enpinite pou pèsonn.
Yon sèl sistèm jistis pou tout moun
Wilsonn Telimo Lwi
Prezidan ITIYAyiti
Nou KÒTAKÒT pou Ayiti otonòm







Comments