top of page

Mwen fè vwa mwen pase sou posiblite pou Viv Ansanm ta vire pwent zam yo yo sou vagabon abiye ki ba yo zam ilagal yo, epi ki itilize yo pou fè trafik ògàn moun, nan pran kè yo, poumon yo, sèvo yo...

MWEN TE PASE NAN LIVE BARBEKYOU 12 NOVANM 2025 LAN.

Mwen fè vwa mwen pase sou posiblite pou Viv Ansanm ta vire pwent zam yo yo sou vagabon abiye ki ba yo zam ilagal yo, epi ki itilize yo pou fè trafik ògàn moun, nan pran kè yo, poumon yo, sèvo yo, ren yo, epi y'al vann yo ba blan. Mwen raple yo ke istwa blan k ap touye moun depi lontan se yon bagay grann mwen te konn rapòte mwen, kote te gen Ti Kalaw, blan mannan, Sengramo, ki te konn ap ranmase moun lan nwit.


Reyalite sosyal sa te reveye mwen pou m moute nan LIVE la pou m felisite mesye dam Viv Ansanm yo k ap fè lekti konparezon sou sistèm revolisyonè lòt peyi, epi mwen te tou pwofite fè mesaj pa m pase nan di yo:


Pa gen syèk ki pa gen peryòd;

Pa gen peryòd san literati;

Pa gen literati san otè;

Pa gen otè san tèks;

Pa gen tèks san kontèks;

Epi tout tèks san kontèks se yon pretèks.


Mwen te di yo ke chak jeni gen yon syèl, yo se jeni nan syèk y ap viv la, e si yo se jeni nan syèk la, fòk yo make syèk la. Mwen te di yo ke mwen se jeni nan syèk la tou, epi èske syèk pa nou-an ap reprezante kòm yon syèk ki te gen:


yon bann nèg k ap boule moun;

yon bann nèg k ap manje grenn moun;

yon bann nèg k ap boukannen moun;

epi kòm yon bann nèg ki se kanibal.


Mwen te di yo ke mwen pa vle imaj sa yo reprezante syèk pa mwen-an. Mwen fè yo konnen ke mwen nan batay sa moralman, entèlektyèlman, e menm fizikman pou m pa kite syèk pa m lan jan li ye la. Mwen te egzòte Babekyou ke pou syèk pa nou-an pa rete jan li ye-a, fòk nou gen yon TAN pou nou ranvèse peryòd la, epi pran momantòm yo gen la pou yo transande li an pozitivite, yon fason pou yo pa kite sa k ap di sou yo la yo rete kòm imaj yo jouk yo fini nan peryòd la.


Mwen di Babekyou si li mouri jodi-a, l ap fini kòm pi gwo vagabon Ayiti. Mwen di l istwa pa p padone li si li pa make moman li gen la. Mwen raple li ke li se Desalin moman, malgre anpil moun pa vle kwè mwen, paske se sèl sou yo pèp la ka konte pliske nou gen yon Leta ki kidnape. Mwen fè Babekyou konnen menm janm mwen te inosante Viv Ansanm, MWEN INOSANTE LETA. Vòlè ki nan Leta yo inosan.


Mwen te mande anviwon 600 patisipan k ap tande yo padon pou pwen vi mwen, men mwen te kontinye di yo kite m di yo ansyen prezidan, minis, senatè, depite, majistra, delege vil, kazèk ak azèk kowonpi Ayiti yo inosan paske yo kidnape nan chèn kriminèl Ayiti-a. Mwen envite popilasyon-an bat koulèv la nan tèt li pandan y ap mache sou oligak yo ki se reprezantan sistèm entènasyonal la.


Mwen raple yo ke mwen te kandida pou depite, e mwen te ka pami senatè popilasyon-an ap kriminalize jounen jodi-a. Mwen di Babekyou te ka minis, epi lòt moun ki te sou LIVE la te ka prezidan popilasyon-an ap chache touye yo, e nou tout t ap pase menm jan. Mwen konvenk patisipan yo ke li lè, li tan, pou n sispann ak kesyon se depi nan ginen ti nèg rayi ti nèg la. Nou pa bèt nwa vre, e fòk nou ranvèse sistèm lan nan bat koulèv la nan tèt.


Mwen egzòte Babekyou, si jodi-a se syèk pa m ak syèk pa li, nou bezwen gen yon bi, e mwen te felisite li pou kanpay edikasyon pwoksimitè li ap mennen sou rezo yo chak jou, e mwen fè l kwè Leta pa gen lajan pou l ta peye li. Mwen te menm mande poukisa jounalis Valeryo pa pran privilèj, moute nan LIVE Babekyou yo, pou vin fè entèvyou ak li pito, olye chache enfòmasyon nan bouch jounalis tèren sèlman, malgre m felisite travay Valeryo.


Mwen temwaye bay piblik la, antanke yon ayisyen ki fè metriz Etazini, yo pa fòme moun pou rete ak moun, ni pou pè pale. Depi w wè yon bagay, se pou w di yon bagay; depi w tande yon bagay, se pou wdi yon bagay. Mwen te kontinye pou m di Babekyou fòk li gen objektif, misyon ak vizyon apre chak emisyon li yo, epi mande li kisa yo ye pou Otonomize Ayiti, paske yo gen pouvwa deja.


Mwen raple l ke li se yon pèsòn moral atravè Viv Ansanm ki se yon pati politik, e menm si mwen pa p janm manm Viv Ansanm, mwen pa inyore travay avè l kòm patnè, antanke pati politik ITIYAyiti. Mwen di l mwen pa ka tann pou m wè Viv Ansanm an fas oligak yo, olye an fas inosan.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page