top of page

Èske Etidye an Kreyòl ap Ede Ayiti Devlope Ekonomikman? Ki jan? - Wilsonn Telimo Lwi

Updated: Oct 29

Èske Etidye an Kreyòl ap Ede Ayiti Devlope Ekonomikman? Ki jan?

 

ANVAN PWOPO:


Anvan mwen kòmanse seyans lan, m ap di tout moun ke mwen pa gen okenn enterè politik, ni pèsonèl nan lit pledwari mwen antre pou edikasyon fèt an kreyòl nan lekòl Ayiti-a. Mwen pa gen ni lekòl, ni biznis, ni liv edikatif pou vann. Kidonk, angajman sa mwen pran la se sin konsyans mwen antanke sitwayen ayisyen ki wè peyi-a gen poblèm, epi mwen vle kontribiye nan fason pa mwen, selon sa mwen kwè.

 

Mwen pa vle okenn moun pran m pou lènmi yo. Mwen pa an fas okenn gwoup moun k ap fè biznis, politik ak sistèm edikasyon-an nan kèlkeswa sektè, oswa ministè nan Gouvènman. Mwen mande nou tolerans pou pwen vi mwen, epi mwen mande padon davans si mwen ta ofanse nenpòt moun.

 

Seyans dyalòg sa gen pou objektif ankouraje kreyòl kòm lang ansèyman nan tout nivo lekòl Ayiti. Selon mwen menm, echèk eskolè-a kontribiye nan delekans jivenil jounen jodi-a, li gen efè sou degradasyon anviwònman, epi se pilye egzòd nasyonal la n ap asiste jounen jodi-a. Selon obsèvasyon mwen, devlopman entènasyonal yon peyi kòmanse apati devlopman lokal li. Jan mwen toujou repete : Pou kilti nou vanse, fòk gen orijinalite. Kidonk, Ayiti ap devlope si li itilize resous lokal li, resous natirèl li, kilti li, transfòmasyon agrikòl, ak lang li.

 

Pou mwen menm:


  • Si plis Ayisyen fini lekòl, sa ap lakòz plis moun gen opòtinite pou antre nan inivèsite;

  • Si plis ayisyen fè inivèsite, ap gen plis moun ki gen kapasite pou kreye biznis;

  • Si plis moun rive kreye biznis, ap gen plis travay;

  • Si gen plis travay, ap gen mwens delekans jivenil;

  • Si gen mwens delekans jivenil, ap gen mwens vyolans;

  • Si gen lapè, epi tout moun konn li ak ekri, popilasyon-an ka fè rechèch poukont li;

 

Si yon moun gen kapasite pou l fè rechèch poukont li, li ka pran konsyans sou:


  • pwoteksyon anviwònman: dlo, lè l ap respire, agrikilti, elvaj, pèch, elatriye;

  • jere yon fanmiy: edikasyon familyal, moral, mès, koutim, tradisyon, elatriye;

  • viv an kominote: bay youn lòt sekirite, respè mityèl, sipò, asosyasyon

  • jere eta sante li;

  • patriyotis;

  • fè chwa bon dirijan nan eleksyon;

  • To analfabetis la ap diminye, epi mond lan ap wè nou nan yon lòt nivo.

 

Lè sistèm edikasyon kreyòl la enplante, ansèyman lang etranje tankou : fransè, espanyòl ak anglè ka toujou posib kòm matyè nan lekòl.

 

Opòtinite pou Ayisyen kontinye etid yo nan peyi etranje epi desèvi kominote yo ap pi fasil paske y ap sèlman gen pou yo etidye lang etranje-a si yo vwayaje, epi mete sa yo te konnen depi nan peyi yo an pratik, olye pou majorite nan nou ta vwayaje san ekri okenn lang byen; menm lang nou pale pi byen an, ni sa nou enstwi ladan li-an.

 

Fòmasyon nan lang matènèl la se pi bon pilye pou retire Ayiti nan kriz aktyèl li yo, tankou ensekirite, kidnaping, grangou, lojman, swen sante, elatriye, paske edikasyon se baz devlopman yon nasyon.

 

Mwen sijere yon Konsèy Minis pou pran yon rezolisyon ki adopte Kreyòl kòm lang administratif tout biwo Leta, epi anseye fransè, anglè ak espanyòl kòm matyè nan lekòl.

 

Mwen sijere Gouvènman Ayisyen, patikilyèman Ministè Edikasyon Nasyonal, ekspoze chak pwogram diplòm nan yon estrikti byen defini ki pèmèt piblik la jwenn dokiman kou yo gratis an kreyòl sou sit entènèt Leta.

 

Mwen sijere palman ayisyen-an modifye Atik Senk Konstitisyon-an pou kreyòl lang administratif ak ansèyman nan tout nivo lekòl Ayiti, epi sigjere lòt lang yo kòm lang altènatif.

 

Baz seyans lan


Sistèm edikasyon fransè-a pèmèt sèlman 10% elèv pase egzamen bakaloreya, si w konsidere yon pwomosyon ki soti depi nan premye ane pou rive nan filo, dapre Minis Edikasyon Nasyonal Ayiti, Manniga (2022). E nan 10% sa ki fè filo-a, pa gen 3% ki gen aksè pou antre nan inivèsite. Selon minis lan, sistèm edikasyon fransè-a boule sèvo timoun yo.

 

Selon minis edikasyon nasyonal Ayiti, Ogisten (2025), si gen 120.000 timoun ki al konpoze bakaloreya, epi ta gen 50.000 ki pase, nou mèt fè fèt. Sa vle di: mwens ke 41% timoun ki al konpoze bakaloreya pa reyisi chak ane.

 

Minis Antwàn Ogisten di sou plis pase yon milyon timoun ki antre nan sistèm edikasyon-an, sa li rele kòwòt elèv chak ane, se 188.000 sèlman ki rive nan 9èm ane. Sa vle di: sèlman 18.8% yon jenerasyon elèv ki rive nan 9èm ane, e se pa tout ki pase. Li mande kisa rès 81.2% timoun ki pa rive nan 9èm ane-a fè, epi kiyès k ap voye je sou yo? Ki kote yo ale?

 

Selon minis Ogisten, nan menm jenerasyon yon milyon timoun ki antre nan sistèm edikasyon-an, sa li rele kòwòt elèv chak ane-a, ta genyen sèlman 120.000 ladan yo ki rive nan bakaloreya; ki ba nou 12% sou chak milyon kòwòt elèv.

 

Pou li menm, lekòl Ayiti ki kraze-a gen plizyè faktè. Akote poblèm lengwistik la, selon minis Antwàn, timoun yo fou, paran yo fou, yo twomatize, yo pa ka manje, yo pa gen lwazi, yo dekonstwi, epi dezespere.

 

Òganizasyon Patnè


ITIAHaiti

ITIAHaiti se yon òganizasyon literè, sosyo-edikatif, epi kiltirèl ki kreye 12 Jiyè 2008, epi li fonksyone vizyèlman.

ITIAHaiti vle di: INNOVATION DU TERROIR PAR LES ITIHAISTES POUR L’AVANCEMENT D’HAÏTI.

VIZYON ITIAHaiti se: Wè jèn yo jwenn travay ak ankadreman pou devlope talan yo.

MISYON ITIAHaiti se: ankouraje jèn yo ranfòse sivis ak lidèchip yo atravè atizay, epi antreprenarya.

 

OBJEKTIF ITIAHaiti se:

  • Ankouraje enklizyon, koyezyon sosyal epi jesyon konfli atravè atizay nan diferan kominote;

  • Anseye kreyòl, fè pwomosyon yon kilti ki pentire, tradwi ak reflete bote Ayiti;

  • Retabli konfyans nan jèn atravè seminè sou otonomi, epi bay konsèy pou ankadre talan yo.

Sit Entènèt ITIAHaiti se: https://www.itiahaiti.org/ 

 

ENTWODIKSYON:


Selon Atik 5 Konstitisyon ayisyen-an, tout ayisyen ini atravè yon lang komen ki se kreyòl. Kreyòl ak fransè se lang ofisyè Ayiti. Malgre manman lwa peyi-a di sa, fransè rete lang aprantisaj ak administratif nan tout ministè ki nan gouvènman, epi li eskli pifò popilasyon-an. Se yon ti minorite pwofesè lang sèlman ki pale fransè e yo oblije ap fè lekti esplike nan klas yo.


Selon Atik 2 nan Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun (Nasyonzini, 1948), tout lang egal ego devan lalwa. Atik 18 ak 19 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun pale sou libète pou n panse, bay opinyon, epi ekspresyon libè-libè.

 

Apati dwa legal sa yo, nou ka reklame dwa pou yon moun aprann nan lang li pi konprann lan, epi pale nan lang li pi alèz la pou pi bon kominikasyon ki chita sou konpreyansyon ak transfòmasyon.

 

KONTEKSTYALIZASYON:


Ekonomi defini kòm BON administrasyon richès materyèl yon fwaye, oswa yon Leta. Ekonomi defini tou kòm ansanm aktivite imen, tankou: pwodiksyon, distribisyon, konsomasyon, ak echanj ki konsène richès machandiz ak sèvis yon sosyete, epi li se syans ki etidye mekanis sa yo.

 

Lè mwe te nan kou dwa, mwen te gen pwofesè ekonomi jiridik mwen ki te di nou ke ekonomi se jesyon resous, e premye resous nou genyen nan tout pwojè se resous imen, moun.

 

Epòk mwen te konn pran kèk seminè sou antreprenarya nan yon òganozasyon ki rele Volontarya pou Devlòpman Ayiti, fòmatè-a te te toujou di nou ke pi gwo bagay ou bezwen pou w kòmanse yon pwojè, se lide.

 

Depi lè m te fin pran kou sa yo, mwen te kontinye fokis sou fè plis moun renmen mwen, konnen mwen, yon fason pou m konstwi kliyantèl pou lè mwen gen biznis, paske mwen te vin konprann depi m gen moun, gen lide moun, tout richès ka posib.

 

Kounye-a, se kijan nou ka fè yon MOUN KOMINIKE LIDE li nan yon lang li pa pale si nou vle li kontribiye nan pwojè biznis nou antanke RESOUS imen?

 

ILISTRASYON:


Mwen fè 2 ane ap etidye kominikasyon sosyal, epi mwen diplome ladan li tou. Pandan etid mwen, mwen aprann pou gen bon KOMINIKASYON, fòk gen yon EMETÈ avèk yon RESEPTÈ. EMETÈ-a, se moun k ap pale-a; epi RESEPTÈ-a, se moun k ap tande oswa resevwa ENFÒMASYON-an. Toulede moun yo jwe wòl ENTÈLOKITÈ lè echanj lan ale nan sans paralèl .Pou ENTÈLOKITÈ yo echanje avèk efikasite, yo itilize yon KANAL pou pase mesaj la, ki gendwa: langaj oswa LANG yo itilize-a, yon seri kòd, chif, sin, senbòl, oswa materyèl yo sèvi pou pase mesaj la, ki ka yon miko, yon radyo, yon telefòn, yon òdinatè, elatriye.

 

Si KANAL yo itilize pou pase mesaj la PÈTIBE oswa gen BRI, KOMINIKASYON-an pa p bon, paske ENTÈLOKITÈ yo pa p ka ba youn lòt bon FIDBAK/REPONS. Poutèt sa, yo sigjere moun k ap KOMINIKE itilize MENM KANAL, yon kanal ki komen.

 

Nan kominikasyon moun ak moun, nou aprann yon nosyon filozofik ki rele PNL: Pwogramasyon Newo Lengwistik ki baze sou devlòpman pèsonèl. Selon konsèp sa, pou yon pawòl soti nan bouch yon moun, pawòl la pran fòm panse moun lan, konpòtman moun lan, etid moun lan, estil moun lan, valè moun lan, kwayans li, ak pèspektiv li; an jeneral, kilti moun lan (vèbal oswa non-vèbal).

 

Antanke powèt, mwen santi jan sa fò lè m ap deklame an kreyòl ki diferan ak lè m ap deklame an fransè. Non sèlman mwen fè plis repetisyon pou mwen konnen yon tèks fransè, epi lè m ap deklame li, moun plis fokis sou bote tèks la olye fon-an.

 

Mwen konn kriye lè m ap deklame yon tèks kreyòl, epi chanje ton vokal mwen, ekspresyon vizaj mwen, san mwen pa menm bezwen fè repetisyon pou sa, pliske mo yo travèse nanm mwen natirèlman, vin jwenn avèk koneksyon piblik la atravè silans li, fidbak li.

 

Mwen fè demonstrasyon sa yo pou mwen moutre nou jan Transfòmasyon posib atravè Kominikasyon ki chita sou bon Konpreyansyon.

 

TRANSFÒMASYON = KOMINIKASYON + KONPREYANSYON.

 

Benefis Aprantisaj nan Lang Matènèl selon Rechèch:

An 2022, gras a ITIAHaiti ki se yon òganizasyon literè, sosyo-edikatif ak kiltirèl, mwen te fè yon sondaj avèk 2210 patisipan sou 10 kesyon ki te:

 

Daprè ou menm:

  1. Èske sistèm edikasyon Ayiti a ka refòme? Ki jan?

  2. Èske ta ka gen plis opòtinite karyè si to gradyasyon yo te pi wo? Ki jan?

  3. Èske w kwè edikasyon kreyòl ka ogmante pousantaj gradyasyon lekòl klasik? Poukisa? 

  4. Ki jan aprann nan lang matènèl ou diferan ak aprann nan yon lang etranje?

  5. Èske refòm sistèm edikasyon Ayiti-a esansyèl an kreyòl? Poukisa?

  6. Èske gen yon bagay ki anpeche edikasyon fèt an kreyòl nan lekòl Ayiti? Kisa?

  7. Ki kèk obstak fè edikasyon an kreyòl nan lekòl Ayiti ka prezante?

  8. Ki enpak fè edikasyon an kreyòl ka genyen sou konfli ak vyolans Ayiti?

  9. Kiyès ki pi byen plase pou pran desizyon long tèm pou edikasyon fèt an kreyòl Ayiti?

 

EPI 10ÈM KESYON-AN SE TE:

 

Èske etidye an kreyòl ap ede Ayiti devlope ekonomikman? Ki jan?


89% patisipan te reponn wi, 2% di yo pa konnen, epi 9% pa t dakò. Selon patisipan yo, anseye valè moral, enpòtans patriyotis nan devlopman yon peyi, siksè finansye, kontribisyon sitwayen nan devlopman atravè biznis ak envestisman nan lang manman se kle pou ede peyizan ak jenès la angaje li. Patisipan yo te ajoute ke l ap pi fasil si moun ki pa pale kreyòl sèlman yo patisipe nan pwosesis pran desizyon san konplèks pou ede Ayiti devlope ekonomikman.

 

Selon patisipan yo, si Ayisyen kominike nan lang matènèl yo lè desizyon enpòtan ap pran, tout baryè ap disparèt, epi tach yo ap pi fasil pou yo jere. Si nou pwodywi nan lang nou, nou ka fè pwomosyon kilti ak pèsonalite nasyonal nou yo pi byen, pa egzanp : Langlichat, Papa Pyè, Jesifra, Tonton Bicha, Dezirab, Moris Siksto, elatriye, nan lekòl nou yo, san nou pa bezwen ap achte liv pèsonaj nou pa menm konnen nan peyi etranje.

 

Nan kad prezèvasyon richès kiltirèl Ayiti gen ladan, nou te ka anseye istwa vodou nan lekòl epi enprime liv, sa ki t ap benefisye ekonomi nou nan kreye plis lektè.

 

Yon lòt lide pou kontribye nan ekonomi Ayiti se atravè touris. Lè touris vizite Ayiti, yo ta ka tande moun ki pale kreyòl eksplike vrè istwa Ayiti atravè moniman yo, si nou remanye yo.

Prezève kilti ayisyen-an nan retounen ak tradisyon yo ki anrasinen nan lang kreyòl la. Touris ap vin entèrese nan aprann sou kilti ak tradisyon Ayisyen atravè lang kreyòl la paske kilti nou fè yon sèl ak lang nou; si nou pran egzanp nan tire kont (tim tim, bwa sèch: Marilina bèl fanm, djòl li flòbòp (Piman Bouk!); Pi bèl fanm abite nan bwa (Kajou!)).

 

Touris ap grandi epi kontribye nan ekonomi Ayiti-a. Tranzisyon an kreyòl la ap pran tan ak resous, men radyo, legliz, ak òganizasyon kominotè yo ka fè premye efò-a atravè kanpay pwoksimite, pòt an pòt, pou pale dirèkteman ak popilasyon-an sou libète kreyòl la, aspè ekonomik li atravè kreyativite, epi enpòtans li nan edikasyon timoun yo.

 

 

EKSPOZISYON:

 

Kreye relasyon komèsyal nan yon kontèks lokal ak mondyal se yon faktè estratejik pou reyalize devlopman dirab, sa nou ta rele yon apwòch filantwopik. Mwen ap egzòte nou ke Ayiti pa ka devlope si l pa fè patenarya ak lòt peyi, e pou sa fèt, peyi-a pa ka rete kipnape nan men 6 fanmiy oligak kowonpi ki prefere gen yon ti ponnkèt poukont li, olye li gen yon tranch nan yon gwo gato ki vo 100 fwa pi plis ti ponnkèt li genyen-an, selon repons prezidan Klintonn te ba mwen nan yon dyalòg antanke etidyan an 2022, nan kad rechèch.

 

Devlòpman nasyonal pa mache san patenarya entètasyonal, men pou sa fèt fòk peyi-a pa gen yon klik oligak etranje kowonpi k ap defann enterè pèsonèl yo, epi voye lajan yo fè nan peyi kote yo soti. Fòk nou wè kijan nou ka gen boujwa ki se boujwa peyi-a, san se pa etranje ki vin souse peyi-a pou voye lajan nan peyi kote yo soti yo?

 

M ap repete li ankò : Pou kilti nou vanse, fòk gen orijinalite. Orijinalite mwen pale-a pa sèlman chita sou yon aspè kiltirèl, men li makònen tou ak tout sa peyi-a ka kreye, an patikilye, MOUN, sa nou rele sitwayen-an, e ki se sijè nou pou moman: Èske etidye an kreyòl ka ede Ayiti devlope ekonomikman? Kijan?

 

Selon mwen menm, li evidan ke si lang fransè-a se yon lang ki eskli moun ki pa pale li, moun yo pa p kapab jwenn opòtinite ekonomik ak finansye ki asosye ak metrize lang lan. Sa vle di : si w pa pale fransè, ni ekri, oswa li fransè, ou pa p kapab pran avantaj tout syans li pote yo. Malgre yo rele fransè lang entèlektyèl, lang jeni, lang syantifik, lang teknolojik, lang kolon blan ki te esklavajize nou.

 

Si n ap pran yon egzanp ki trè senp, nenpòt moun Masachousèt ki ale nan biwo chomaj ak anplwa, depi li pale, konprann, epi ekri anglè, Leta peye yon kou pou li jiska 10000 dola gratis, epi Leta ba moun lan manje, lajan chak semèn pandan li lekòl la. Kidonk, se yon desepsyon, lè ou wè yon ayisyen vini nan biwo, li di li bezwen travay, men yo pa ka ede li jwenn yon bon travay paske li pa gen yon pwofesyon. Majoritèman, menmsi yo ta ka ede li jwenn yon ti travay, li pa ka kominike ak kliyan li pral bay sèvis yo, ni patwon ki ba l travay la malgre li ta gen kapasite. Sa se youn nan reyalite ki fè ou wè nouvo imigran yo fè nenpòt travay Etazini. Gen ayisyen ki aprann yon seri pwofesyon an kreyòl, men yo pa ka jwenn travay akòz baryè lengwistik la.

 

Kounye-a, si n ap retounen sou ka Ayiti-a, di m ki pwofesyon ki gen yon kourikilòm kreyòl. Tout kourikilòm yo fèt an fransè, men moun yo pale sèlman kreyòl nan kou yo. Poukisa reyalite sa ?

 

  • Èske nou oblije fè moun aprann an frasè poutèt pou lè li pati pou l ka tou pale fransè ?

  • Èske se mo kreyòl la pa genyen pou tradywi manyèl pwofesyonèl yo?

  • Pouki peyi n ap fòme sitwayen nou yo menm ?

  • Èske nou kòmanse wè konbyen sèvo nou boule lè nou fòse majorite popilasyon-an aprann nan yon lang li pa ni konprann, ni ekri, ni li, ni pale?

  • Si Etazini pa vle voye yon moun nan lekòl pwofesyonèl jis paske li pa pale epi ekri anglè, poukisa nou menm nou mache ap edike ayisyen nan yon lang li pa ni pale, ni ekri, ni konprann, ni ka kominike ladan?

 

E si pa twonpe mwen, nou tout aprann yon sitasyon Michèl Montèn ekri ki di : Pito tèt ou byen fèt olye li byen plen.

 

M ap mande tèt mwen, olye nou gen yon popilasyon ki gen mwens ke 3% moun ki fè inivèsite akòz deriv yon sistèm edikasyon ki fèt nan yon lang etranje, epi vizyon pi fò moun ki fini lekòl se ale nan peyi etranje, èske li pa t ap pi bon si popilasyon-an te fòme nan lang manman li, ki te ka fasilite majorite-a fini lekòl epi konnen meyè kote li ka reyisi se nan peyi li?

 

Menm bagay la rive m tou. Mwen te toujou kwè, lè m gen yon tèt byen plen, mwen ka viv tout kote m pase, men sa mwen pa t janm konsyan se: pise gaye pa fè kim; wòch k ap woule tribò-babò pa kenbe limon. Sa se yon reyalite ki fè majorite nan nou pa kreye anyen apre prepare tèt nou pou n ka adapte nou a nenpòt peyi nou ta tonbe; yon reyalite ki fè nou fòme pou Lafrans, Kanada ak Etazini; e menm ti jèn ki ta gen talan lakay la, sa ki ta resi kreye yon bagay pou ta devlope nan peyi-a; kou nou wè li entèlijan, nou menm ankò di: plas ou pa isit non, e menm Leta konn voye timoun sa nan peyi etranje atravè kèk òganizasyon entènasyonal. Èske nou wè viris la?

 

Gen yon pèsonaj ki souvan di m: Telimo, si w te Ayiti ou t ap fou wi, paske peyi sa pa pou ou, ou twò entèlijan pou w te rete ladan; e menm ansyen kondisip mwen toujou di m sa tou nan tout nivo, klasik, pwofesyonèl kou inivèsitè. Èske nou wè nivo konpleksite, diskòdans edikasyon fransè-a kreye?

 

Sonje lang nou reflete nanm nou lè nou pale, chante, e menm lè nou ap kriye. Kijan w pral di m Ayiti pa gen poblèm lang pandan nou 221 ane deja nan yon sistèm ki kwit sèvo nou, ki demouzine nou, fè nou bliye orijin nou, istwa nou, kwayans nou, relijyon nou, e menm fè nou inyore nanm nou ki se lang manman nou, kilti nou, mès nou, tradisyon nou, devinèt ak kont nou yo ki chaje leson tradisyon?

 

Kòman yon moun pral di m Ayiti pa gen poblèm lang pandan ke tout ayisyen vle pale espanyòl, fransè, anglè, pòtigè, menm chanje koulè po yo, inyore cheve, refè nen yo, bouda yo, vant yo jis pou sanble ak mèt lang yo pale yo, tandiske ankraj ki nan yo yo te ka kiltive atravè edikasyon?

 

Nou vin rive nan yon faz kote sèl sa ayisyen-an pa vle ye kounye-a se : AYISYEN, epi nou toujou inyere si lang nou se nanm nou. Nan anpil ka, gen moun ki sispann devlope tèt yo, yo bloke nan lavi, yo fè retrè sou rèv yo jis paske yo pa ka metrize lang fransè-a. Kidonk, mwen sigjere materyèl enstriksyon yo fèt an kreyòl pou anpeche fransè kontinye yon baryè. Mwen kwè ansèyman an kreyòl la ap fasilite difizyon konesans syantifik pou tout moun Ayiti. Pou sa fèt, mwen pwopoze :


  1. Yon rezolisyon gouvènmantal, kote tout biwo Leta adopte kreyòl kòm lang administratif, jan atik senk (5) Konstitisyon-an prevwa, atravè yon konsèy minis;

  2. Kòmanse pwogram edikasyon kreyòl nan lekòl apati kindègadenn epi ajoute yon klas chak ane ;

  3. Analfabetize akademisyen yo dijitalman pou yo ka sispann fè pwomosyon kreyòl nan lang etranje, ki ap pèmèt yo kreye resous dijital pou anseye alfabè lang lan pi byen.

  4. Analfabetize entèlektyèl ki pa ka ekri, ni li lang yo pale pi byen-an, an patikilye pwofesè ak moun k ap ekri liv nan lang etranje, epi atis yo atravè seminè peye, pou ankouraje distribisyon materyèl didaktik ;

  5. Mete diksyonè monolang kreyòl, liv ansèyman eskolè pou chak klas, ak pwogram pwofesyonèl gratis sou sit entènèt Leta rapid, vit, paske patri-a an danje. Nou pa gen tan pou n fè edikasyon biznis nan moman.

 

Selon patisipan sondaj nou fè atravè ITIAHaiti-a:


Nivo Edikasyonèl:

Timoun ki resevwa edikasyon nan lang matènèl yo souvan fè eksperyans pi bon rezilta aprantisaj epi yo gen mwens defisi, si nou konpare yo ak timoun ki resevwa edikasyon nan yon lang etranje.

 

Inovasyon ak Kwasans:

Nou pa ka panse nan yon lang nou pa pale, nou pa ka pale ni kreye nan yon lang nou pa panse. Rechèch nou sijere yon efè pozitif nan itilizasyon lang matènèl yo sou inovasyon ak kwasans ekonomik.

 

Koyezyon Sosyal:

Pwomouvwa edikasyon nan lang matènèl ka amelyore koyezyon nasyonal epi kreye yon sosyete ki pi pwodiktif, enklizif, ak solidè.

 

Prezèvasyon Kiltirèl:

Lang se yon pati pwofon nan kilti, gen patisipan ki di lang lan makònen ak kilti yon peyi. Envesti nan lang matènèl ka ogmante pwomosyon pwodywi ak sèvis ki disponib lakay nou, menm jan sa ankouraje kreyativite.

 

Akademik ak Pwofesyonèl:

Aprantisaj nan lang lan ka vin devlope nan nivo akademik kote moun pral peye aprann li, fè metriz ladan, menm jan sa fèt pou lòt lang tankou fransè, anglè ak espanyòl; yon reyalite ki pral ankouraje etranje aprann lang lan pou l ka pran sèvis nan biwo Ayiti, san se pa ayisyen-an ki oblije ap toujou aprann lang etranje nan biwo Ayiti.

 

KONTRAS:


Patisipan sondaj la pa t inyore enpòtans rechèch sou wòl Miltilengwis nan yon peyi, tankou:

 

Rezistans Ekonomik:

Sosyete bileng oswa miltileng yo gen tandans pou yo pi rezistan pase sosyete monolengwis yo.

 

Mache ki pi laj:

Bilengwis pèmèt yon entegrasyon pi pwofon nan diferan mache epi li ankouraje plis konfyans nan komès entènasyonal.

 

Efikasite Ekonomik:

Pale yon lang byen, kit se yon lang dominan komen oswa yon bilengwis toupatou, fè ekonomi yo pi efikas lè li fasilite kominikasyon.

 

Men patisipan yo te fokis sou defi ak konsiderasyon

 

Eksklizyon Lengwistik:

Neglije lang natif natal ou ka mennen w nan enstabilite ekonomik ak konfli, patikilyèman pou gwoup minorite yo, lè yo ekSli nan opòtinite yo.

 

Lang Dominan:

Nan peyi ki pa pale anglè, yon metriz lang anglè ka ede abitan yo gen yon revni ki pi elve, malgre yon konesans pwofon nan anglè mande yon fòmasyon avanse.

 

Apwòch Balanse:

Apwòch final la pa nesesèman inifòmite lengwistik, men pito moutre sitwayen-an pale lang etranje-a.

 

REZIME:

An rezime, ankouraje edikasyon nan lang natif natal la ka amelyore kapital imen an atravè inovasyon, menm si li dwe balanse ak bezwen pou yon lang biznis komen.

Sipòte ak itilize lang matènèl yon peyi, ansanm ak pwomosyon miltileng kapab yon apwòch estratejik pou ankouraje devlopman imen, pwomote relasyon ak konesans entènasyonal, epi kondywi yon kwasans ekonomik dirab.

 

Pou nou ankouraje fondasyon yon edikasyonèl solid, nou dwe konsyasyan sou:

 

Amelyore konpetans mantal:

Timoun ki aprann nan lang matènèl yo an premye gen tandans pou yo gen konpetans nan yon dezyèm lang pi vit. Sa ranfòse kapasite mantal yo tankou: panse, rezoud poblèm, fè analiz lojik, ki gen anpil valè sou mache antreprenarya.

 

Amelyore siksè akademik:

Edikasyon ki baze sou lang matènèl, patikilyèman nan lekòl primè, ede timoun yo fè pi gwo siksè nan matyè syantifik yo.

 

Redywi inegalite:

Yon edikasyon kalite nan premye lang yon timoun ka diminye konplèks enferyorite ki genyen ant diferan gwoup sosyo-ekonomik. Sa patikilyèman enpòtan nan peyi kote gen mank aksè a yon edikasyon kalite pou jwenn opòtinite atravè yon lang etranje.

 

KONKLIZYON


Wi, lang matènèl la ka ede devlopman ekonomik Ayiti paske li ap fasilite aprantisaj, koyezyon nasyonal, komès ak inovasyon. Sepandan, nou pa inyore ke aprann yon lang etranje ka fasilite echanj pou komès entènasyonal epi esansyèl pou entegrasyon peyi-a nan mondyalizasyon. Envesti nan edikasyon nan lang matènèl la ap ankouraje non sèlman pi bon rezilta aprantisaj, men tou li ka ede nou kreye yon sosyete ki pi rezistan, pandan l ap pèmèt kwasans ekonomik ak inovasyon. Esklizyon lengwistik anpeche pwogrè ekonomik epi kreye enstabilite.


Èske Etidye an Kreyòl ap Ede Ayiti Devlope Ekonomikman? Ki jan?
Èske Etidye an Kreyòl ap Ede Ayiti Devlope Ekonomikman? Ki jan?
Will Studying in Creole Help Haiti Develop Economically? How?

Wilsonn Telimo Lwi, Powèt, kominikatè sosyal, bachelye nan dwa, epi metriz nan sèvis piblik

 

 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page