SE NAN VILAJ DE DYE M LEVE
- Wilsonn Telimo Lwi
- Sep 29
- 2 min read
M pa ka wont di sa
Se nan vilaj la
M aprann g a, ga
Nan fèy malanga
Se nan Vilaj de Dye
Mwen leve ti taktak
E m pa t janm tande
Pèsòn nan kadejak
Mwen te gen chans
Grandi nan yon espas
Ki ba lavi m yon sans
Pou tout lòt enpas
Nan savann kou bò dlo
Anba tout solèy cho
Se te gwo bouk kabrit
K ap fè kòn sonnen bit
Se la m aprann jwe yoyo
Kouri nan koridò, fè lago
Jwe siye kole, fè wolèmen
Ak soperiye sou yon sèl men
M pa ka bliye tèt akribit
Chak dimanch channmas
Pidetwal epòk krismas
Ki ranplase pa ti sourit
Fè blòk ak ti mamit
Pou nou fè fou ak labou
Ki pral kwit bon biskwit
Pou timoun nan tout lakou
Sou tout do kay dal beton
Kap papiyèt, kou lamidon
Se te sèvolan k ap pran pik
Pou depeyize sa k pi apik
Tout ti koridò se te nou
Do tounen, ap boulinen
Awoyo, ap badinen
Pou dekore toupatou
Manman m te machann kenkay
Kèk fwa li konn fè fritay
Akasan, kafe, oswa chokola
Tèlman zòn lan te woulala
Moun te renmen moun
Se te lanmou bò lari-a
Ou te mèt gwo zouzoun
Sekirite w pa t ebranle lè swa
Sèlman nan plen lan nwit
Chat te konn rele timoun
Epi kout mò Latibonit
Pou tripotay ak sou moun
Kèk bal te konn sonnen
Zòn bwat chèn, gran chemen
Sitou bò Pòtay Lewogàn
Men jamè rive kay Antwàn
Mwen te fè kindègadenn
Tou pre Teyat Nasyonal
Se te yon paradi nasyonal
Li ta tankou jaden Edenn
Site Letènèl te an pè nèt
Menm anba, bò site Plis Kat
Ou pa t konn bezwen linèt
Ni janm mache an kat pat
Se nan ri Charewon
Nou benyen lido-lido
Lè pou nou bwè dlo
N ale nan tiyo kay Nason
Petèt kèk fwa tou
Moun mouri bò lanmè-a
Men se bagay douvanjou
Paske timoun pa p wè sa
Mwen sonje mang
Tif, sirik ak krab mazòrèy
K ap kouri sou gang
Nan labou, anba solèy
Mademwazèl k ap vole
Ak papiyon byen dekore
Chodyè bouyon kay Pitèsya
Ki fè chak nèg yon sipèsta
Gade televizyon bò lari
San grate tèt jiska minwi
Oswa al gade taykonndo
Ti pope twal dèyè rido
Kote Payito, Meyè ak Bètoni
Madan Kayèl, Jid ak Titit Bondye?
Souvni yo anpil, nou pa ka bliye
Zanmi Makis, Doudou ak Feri
Lè lapli tonbe, pou n ap glise
Desann sou vant sou tout glasi
Jou ale, jou pa tounen. Èske se vre
Vilaj la transfòme nan chire pit ak move souvni?
Hm…!
SE NAN VILAJ DE DYE M LEVE
Powèt Wilsonn Telimo Lwi
Comments