top of page

Se Sèlman 4% yon Kowòt Elèv ki Reyisi nan Filo Ayiti.

Se Sèlman 4% yon Kowòt Elèv ki Reyisi nan Filo Ayiti.

Se Sèlman 4% yon Kowòt Elèv ki Reyisi nan Filo Ayiti.
Se Sèlman 4% yon Kowòt Elèv ki Reyisi nan Filo Ayiti.

Toujou nan kad rechèch pou jistifye aterisaj edikasyon an kreyòl Ayiti, mwen te jwenn opòtinite poze ansyen minis edikasyon nasyonal Ayiti, Chal Tadye (Charles Tardieu), yon kesyon nan kad sijè li t ap trete sou "jistis tradisyonèl ak lit kont gang Ayiti: ki fason pou restore lapè, sekirite, ak yon Leta ki chita sou lalwa Ayiti?"


Apre mwen te fè kèk kòmantè pou kontekstyelize kesyon mwen-an, tankou: selon yon adaj Aristòt, pa gen okenn moun ki pi wo pase lwa yo. Selon menm adaj sa, Leta dwe demele li kou mèt Jan Jak pou li mete tout popilasyon-an okouran sou lwa ki egziste yo.


Mwen ale pi lwen pou m di li: selon rechèch syantifik, 95% ayisyen pa ekri fransè, yo pa pale fransè, ni li fransè, ni konprann fransè. Kijan kounye-a menm Leta sa pral fè kondane yon sitwayen ki pa konnen oswa konprann yon lwa ki fèt sèlman an fransè?


Mwen te avanse pou m sitiye pou ansyen minis Chal Tadye: selon ansyen minis edikasyon nasyonal, Nesmi Manniga, sou chak 100 timoun ki antre nan lekòl tradisyonèl Ayiti, se 12 sèlman ki rive fini lekòl. E selon minis Manniga, se baryè lengwistik la ki echwe timoun yo, ki boule sèvo yo, epi menm pwofesè k ap anseye timoun yo pa pale fransè byen. Mwen ajoute: Selon ansyen minis Antwàn Ogisten, sou yon kòwòt 100 elèv ki antre lekòl Ayiti, se 10 sèlman ki rive fè filo.


Men avanse pou m di minis Chal Tadye: Nan entèvyou mwen fè ak kèk grandè ayisyen nan Boston sou deriv Ayiti ap konfwonte jounen jodi-a, genyen ki di mwen ke Ayiti kòmanse kraze depi lè prezidan Divalye te kòmanse depeyize epi touye pifò entèlektyèl ki te kanpe anfas pouvwa diktati li-a.


Mwen te mande ansyen minis Chal Tadye: "antanke ansyen minis edikasyon nasyonal, kisa ou te fè pou sa k ap pase Ayiti yo pa t rive la, epi kisa ou t ap fè si w ta rive minis edikasyon nasyonal ankò?"


Pou m anchene, mwen mande li: "kisa ou panse si edikasyon ta fèt an kreyòl Ayiti?"


Pou li reponn, Minis Chal Tadye te ede mwen korije done minis Ogisten ak Manniga pou li di: selon rapò travay gwoup fòmasyon sou Rene Preval 2008-2010, se sèlman 4% yon kowòt elèv ki te reyisi nan egzamen bakaloreya Ayiti. Li avanse pou l di: aprantisaj an kreyòl t ap ede elèv yo aprann fransè pi byen, menm aprann lòt lang pi rapid, epi rezilta ap kontribiye nan rezoud kriz Ayiti ap travèse jounen jodi-a.



Wilsonn Telimo Lwi,

Filantwopis, Chèchè.


1e jen 2026

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page