top of page

ISTWA PATI POLITIK ITIYAyiti

ISTWA PATI POLITIK ITIYAyiti

ISTWA PATI POLITIK ITIYAyiti
ISTWA PATI POLITIK ITIYAyiti

Jan ITIYAyiti RIVE KREYE

 

Inisyatè ITIYAyiti yo te konn chita atravè ITIAHaiti ki se yon òganizasyon literè, sosyo-edikatif, epi kiltirèl. “KÒTAKÒT” se mo manm yo te konn itilize kòm slogan nan mitan yo.

 

Òganizasyon ITIAHaiti pa sou lobedyans okenn gouvènman, li pa nan relijyon, ni politik, epi li pa yon biznis. ITIAHaiti travay ak lòt òganizasyon sosyo-kominotè ak gouvènmantal ki pataje filozofi li ki chita sou otonomi nan mitan jèn yo, pandan li kenbe endepandans li. Li apwouve tout aksyon legal ki vize ranfòse mwayen manm li yo, epi favorize patisipasyon ak entegrasyon manm li yo nan òganis finansman nasyonal ak entènasyonal.

 

ITIAHaiti kreye depi 12 jiyè 2008 nan vil Okay, nan Sid Ayiti, epi li vle di: “Innovation du Terroir par les Itihahistes pour l’Avancement d’Haïti” (nan lang fransè). ITIAHaiti vin yon òganizasyon 501c3 nan Etazini apati 22 out 2019, epi sig li define kòm: “Innovation of the Terroir by the Itiahists for the Advancement of Haiti” (nan lang anglè).

 

Vizyon ITIAHaiti se wè jèn yo jwenn travay ak ankadreman nan men Leta pou devlope talan yo, epi wè avni nouvèl jenerasyon an asire. Misyon ITIAHaiti se ankouraje jèn yo ranfòse angajman sivik ak lidèchip yo atravè atizay, epi antreprenarya. ITIAHaiti bay tèt li objektif pou:

 

Ankouraje enklizyon ak koyezyon sosyal epi jesyon konfli atravè atizay nan diferan kominote;

Anseye kreyòl, fè pwomosyon yon kilti ki pentire, tradywi epi reflete bote Ayiti;

Retabli konfyans nan jèn atravè seminè sou otonomi, epi bay jèn yo konsèy pou ankadre talan yo.

 

ITIAHaiti vle sèvi kòm yon patrimwàn pou jenès ayisyen an, epi li reyini ayisyen atravè tout mond lan gras a rezo sosyal yo. ITIAHaiti te konn anime anpil seyans deba, bwasay lide sou rezo sosyal, fè reyinyon sou Zoum ak sou tèren sou yon bann tematik tankou:

 

·      Volontarya,

·      Plas Jèn Yo Nan Òganizasyon,

·      Jenès Epi Lidèchi,

·      Ede Jèn Yo Konnen Tèt Yo,

·      Jenès Epi Kreyativite,

·      Lajenès Epi Lespri Ekip,

·      Oryantasyon Jenès Ayisyen-An Nan Dyaspora,

·      Edikasyon Kreyòl Nan Lekòl Ayiti,

·      Mouvman Pou Lekòl Fèt An Kreyòl,

·      Fòmasyon Sou Teyat,

·      Opòtinite Biznis,

·      Aspè Ekonomik Lang Kreyòl La,

·      Jistis Rasyal.

 

ITIAHaiti gen senk (5) ribrik fondamantal epi inik, ki se:

 

1.    Pwezi Lawouze: miko ouvè pou deklamasyon, slam, odyans ak chan;

2.    Parabòl Savan: dekòtike lide otè kontanporen nan sitasyon, tablo atistik;

3.    Plim An Aksyon: atelye ekriti, sketch, repetisyon teyat;

4.    Jagon Literè: pwomosyon diksyonè kreyòl monolang;

5.    Lakou ITIAHaiti: Konferans, dyalòg sosyo ekonomik, politik ak kiltirèl;

 

Manm ITIAHaiti yo konn patisipe nan manifestasyon pasifik tou. Ekriven ITIAHaiti yo vin remake tout inisyatif yo te konn fè yo pa t ap fè yon pa kita, yon pa nago ak otorite yo genyen nan Leta Ayiti yo. Malgre kontanporen yo te konn ap fè tout aktivite sa yo, pou pi fò moun, misyon ITIAHaiti ta vin rezime nan aterisaj lang kreyòl la.

 

Inisyatè yo pa te vize lang kreyòl nan ITIAHaiti kòm premye objektif yo. Men lè yo mete sijè devlòpman sou tab, yo wè kesyon edikasyon-an bloke yo, menm sou pwen anviwònmantal tou. Lè yo manyen kesyon edikasyon-an, yo wè lang manman se baz fòmasyon ayisyen. Kidonk, yo pran desizyon pou reyalize pwojè EKLA: "edikasyon Kreyòl nan Lekòl Ayiti", yon fason pou yo ka reyalize vizyon òganizasyon-an. Apre anpil seyans konferans dyalòg itiyayis yo fè, yo wè se yo ki pou ta moute nan Leta pou y al konkretize rèv sa pou pitit sòyèt, e pa gen moute nan Leta san politik.

 

Yo kwè si tout ayisyen aprann nan lang yo plis konprann lan, ap gen mwens echèk eskolè. Si to iletris ak analfabèt la diminye Ayiti, ap gen mwens delenkans jivenil, ap gen mwens timoun ak jèn nan lari, epi ap gen mwens diskriminasyon ak estigmatizasyon entèlektyèl sou Ayiti. Si plis ayisyen rive fini lekòl klasik, ap gen plis debouche pwofesyonèl, ap gen plis inivèsitè, ap gen plis notab ak devlòpman sou tout fòm. Pou rèv sa yo rive posib, tout sitwayen dwe gen menm opòtinite nan jwenn ti moso edikasyon.

 

Poutèt sa, itiyayis kreye yon pati politik ki rele KÒTAKÒT 12 janvye 2022, jan slogan yo te ye-a, pou kontinye travay fòmasyon yo t’ap mennen-an nan yon pi gran echèl, epi ak menm vizyon an: WÈ AYITI OTONÒM atravè politik. KÒTAKÒT vle di Konbit Òganize Toupatou pou Ayiti Kanpe epi Òne Tèritwa.

 

Apre KÒTAKÒT fin jwenn anrejistreman li nan dat 28 Novanm 2022, ministè jistis ta jwenn gen yon lòt pati politik ki itilize Kòt-A-Kòt nan logo li kòm slogan. Poutèt sa, minister-a sigjere Kotis yo pou chanje non pati politik KÒTAKÒT an yon lòt non. Vwala kote ITIYAyiti, Itiyayis Toupatou Ini pou Younifye Ayiti, pral jwenn lèt rekonesans ofisyèl li 12 mas 2026.

 

Wilsonn Telimo Lwi, Prezidan.

 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page