top of page

Reyinyon ITIYAyiti ki repwograme epi Pwen Diskisyon Enpòtan

Reyinyon ITIYAyiti ki repwograme epi Pwen Diskisyon Enpòtan

Reyinyon ITIYAyiti ki repwograme epi Pwen Diskisyon Enpòtan
Reyinyon ITIYAyiti ki repwograme epi Pwen Diskisyon Enpòtan

Nou salye tout Kotis yo!


Jodi 22 mas 2026 la, reyinyon pou te remanye komite egzekitif ITIYAyiti-a te kòmanse ak 2 patisipan, epi ta fini ak 4 prezans, pami yo, 2 manm komite egzekitif. Reyinyon-an avòte epi ranpòte pou dimanch 29 mas 2026, a 4è, jan atik 99èm ak 100èm nan estati ITIYAyiti yo prevwa:


Atik 99: Si nenpòt reyinyon oswa kongrè ITIYAyiti ki ta prevwa nan ywit (8) jou davans, pou pi piti rive anile akòz manke kowòm de tyè (2/3) manm aktif, tout planifikasyon otomatikman prevwa nan ywitèn (8èn) menm lè a.


Atik 100: Pou yon reyinyon, oswa kongrè ITIYAyiti rive anile, fòk majorite manm aktif ki absan yo te motive absans yo nan yon delè omwen 48è anvan. Sinon, reyinyon oswa kongrè a efektif depi gen twa (3) manm aktif, pami yo, de (2) manm komite prezan.


Nan ti bat bouch ki te genyen-jodi-a, sigjesyon fèt pou:


1) Im Nasyonal Ayiti-a jwe nan kòmansman tout reyinyon ITIYAyiti nan objektif pou ankouraje patriyotis epi ede fiti kandida pati-a konnen im peyi-a pou yo pa fimen lè yo ap chante nan kanpay elektoral.


2) Pou Im Glwa ITIYAyiti-a chante nan fen tout reyinyon, yon fason pou raple patisipan yo filozofi pati-a, epi voye yo ale lakay yo ak kè kontan.


3) Gen yon moman espesyal pou felisite tout jèn ki te bay dokiman legal yo pou kreye pati politik ITIYAyiti.


4) Aksepte manm pati yo renmen ant yo pou ankouraje koup nan jesyon pati-a atravè politik yon fi ak yon gason nan chak fonksyon pati-a, avèk eksepsyon ke 2 moun ki nan relasyon pa p ka jwe menm wòl pou evite vid, si moun ki an koup yo ta gen enkonvenyan an mèm tan. Desizyon sa ka ede moun ki nan koup yo pataje menm chan enterè epi rann pati-a pi solid, pandan prensib entèn pati-a ap rete rijid.


5) Reyinyon fèt chak dimanch à 4è pou ateri ak etap 3, nan plan aterisaj pati-a, ki se fòmasyon ant manm komite ITIYAyiti yo.


6) Tout manm pati-a mete logo pati-a nan bakgrawonn yo, yon fason pou kreye yon pi bèl imaj nan reyinyon yo.


7) Tout reyinyon pati-a fèt ouvè, an piblik, yon fason pou fòme plis jèn pi vit sou lidèchip pandan y ap asiste. ITIYAyiti vle sèvi yon modèl pou lòt pati politik yo, paseke egzèsis sa pral ede lòt lidè yo jwenn bon jan done ak teknik pou fòme manm pa yo. Pratik sa ap ede pwojè pou edike mas la fè wout li pi rapid.


Nou KÒTAKÒT pou Ayiti Otonòm!



Jaslor Jean, Vis Prezidan

Simon Cherlin, Manm fondatè,

Stevenson Bazelais, Kowòdonatè Lwès

Wilsonn Telimo Lwi, Prezidan.


 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page