Envitasyon pou Mwen Temwaye nan Odyans Konsèy Minisipal Boston sou Dwa Sivil ak Pwomosyon Imigran sou Sitiyasyon TPS Ayisyen an.
- Wilsonn Telimo Lwi

- 2 days ago
- 5 min read

Envitasyon pou Mwen Temwaye nan Odyans Konsèy Minisipal Boston sou Dwa Sivil ak Pwomosyon Imigran sou Sitiyasyon TPS Ayisyen an.
Jedi 9 avril 2026 la, a 11è nan maten, mwen te reponn prezan nan yon odyans ki t ap fèt nan meri Boston-an sou pledwari pou kontinye estati imigran TPS yo nan Etazini. Envitasyon mwen te soti bò kote Miniard Culpepper, konseye minisipal distri 7, nan Boston, Masachousèt. Mwen te pami panelis ki t ap reponn kesyon nan bouch konseye minisipal yo sou enpòtans TPS ak jan sispansyon li ka afekte fanmiy imigran ak ameriken.
Pandan odyans lan, mwen te prezante tèt mwen kòm manm "Black Men Political Tasks Force (BMPTF)", ki se yon òganizasyon 501c4 nan Masachousèt. Mwen te soulinye fonksyon mwen kòm Prezidan Pati politik ITIYAyiti, Ayiti, epi CEO ITIAHaiti, yon òganizasyon literè 501c3 nan Masachousèt. Mwen te raple odyans lan ke m se yon ansyen kandida pou depite Ayiti an 2015, epi mwen te abandone nan kous elektoral pou senatè an 2016 aprè diskriminasyon antanke jèn ki t ap pwomote jèn, enklizyon, ak koyezyon sosyal.
Mwen te fè pwomosyon edikasyon nan lang kreyòl depi nan entwodiksyon non mwen, apre mwen te siyale ke mwen tradywi non mwen an kreyòl, ki te Wilson Thelimo Louis, epi ki vin Wilsonn Telimo Lwi apre natiralizasyon mwen kòm ameriken an oktòb 2024, nan objektif pou pwomote edikasyon nan lang manman. Mwen te avanse pou m ajoute ke mwen pa sèlman vini nan odyans lan pou m vin mande pwolonje TPS pou ayisyen, men tou, fè tout ameriken konnen ke Ayiti se premye peyi moun nwa ki endepandan nan mond lan. Yo pa sèlman dwe ap pwomote Maten Litè King Jinyò ak Malkòm Èks, men tou, yo dwe rekonèt valè Jan Jak Desalin ki te lidè Premye Repiblik Nèg ki bay tout moun nwa endepandans nan mond lan.
Mwen te raple piblik la ke menm Amerika vle disparèt istwa Desalin poutèt Desalin te bay lòd koupe tèt, epi boule kay tout kolon blan ki t ap esklavajize nwa yo nan epòk kolonyal la, yon rezon ki ta lakòz pa gen okenn kote nan Masachousèt ki gen yon estati Desalin, alevwa yon kote ki pote non li. E mwen te avanse pou m di: si depi nan baz sa, nou pa ka defann istwa Ayiti, kijan nou pral fè defann identite ayisyen ki nan dyaspora?
Mwen te ajoute ke batay pou ayisyen jwenn TPS pa dwe yon favè, ni yon charite, paske tout moun egal ego devan lwa yo, selon deklarasyon dwa moun 1948, epi tout Leta egal ego selon dwa entènasyonal tou. Mwen fè piblik la konnen ke okenn ayisyen oswa lòt imigran pa ta dwe ap trete kòm moun ki ilegal Etazini, si Etazini patisipe nan destabilize peyi moun sa yo, e se sitiyasyon Etazini mete peyi imigran sa yo atravè Kò Gwoup ki gen Frans, Kanada, Angletè, Espay, elatriye, ki fè yo oblije kite peyi yo pou vin chache lavi miyò Etazini oswa ale nan nenpòt lòt peyi nan mond.
Mwen te ale pi lwen pou m di, si mwen menm k ap pale la te ka fè menm $200 chak mwa Ayiti, mwen pa t ap kite Ayiti nan epòk mwen te kite-a. Mwen raple yo ke Ayiti se yon paradi, yon tè beni, men manipilasyon politik atravè anbasadè peyi gran pisans k ap eksplwate peyi-a vin rann li envivab. Mwen soulinye ke li enpòtan pou meri Boston-an ede imigran yo nan aprann lang anglè tou, epi fè yo patisipe nan fòmasyon pwofesyonèl pandan y ap tann kat travay yo, yon fason pou yo pa kontinye rekòmanse menm travay derizwa yo, lè yo vin jwenn kat travay yo.
Mwen te soulisye ke 100% Ayiti pale kreyòl, pandan edikasyon popilasyon-an fèt an fransè, yon lang 95% popilasyon-an pa ni pale, ni konprann, ni ekri, ni li, ki se yon reyalite ki lakòz imigran ki vwayaje yo pa menm ka manevwe yon souri òdinatè. Imigran yo oblije di moun yo pale fransè jis pou yo ka sanble ak moun, oswa fè moun pran yo pou moun paske yo panse lang kreyòl la fè yo enferyè. Mwen ajoute ke sistè edikasyon-an echwe 90% yon kòwòt etidyan nan lekòl klasik, e pa gen aksè inivèsitè pou menm 3% timoun ki fini lekòl Ayiti, selon ministè edikasyon nasyonal Ayiti. Mwen sigjere patenarya pou konseye minisipal yo rezoud poblèm lan nan baz li, nan apwoche Gouvènman Masachousèt la sou edikasyon bilang ki vize kreyòl ak anglè, yon fason pou imigran ayisyen yo ka adapte yo pi byen epi pi vit ak mache travay ameriken-an.
Mwen te pran mosyon kont pastè Kiki, youn nan panelis ayisyen yo, pou soulinye ke aksyon filantwopik pa rezime nan bay manje ak peye lwaye kay pou imigran sèlman, men tou, se pou meri-a, atravè nouvo bidjè li, wè kijan li ka ede moun ki te sou estati imanitè pawòl yo, pwogram Biden lan, e ki pèdi kat travay yo, jwenn asistans chomaj tankou lajan pou omwen 30 semèn, menm jan ak nenpòt lòt anplwaye ki ta pèdi travay kont volonte yo nan Machasousèt, epi Leta ta dwe ba yo jiska $10000 tou pou yo aprann yon pwofesyon, menm jan yo fè pou nenpòt lòt amplwaye ki pèdi travay yo nan Masachousèt andeyò volonte yo, paske yo te konn peye taks tou. Sinon, ayisyen sa yo riske chita nan kay sèlman, peple pitit, pran plezi, e ki ka menm enfliyans move pratik laplipa nan yo te konn fè Ayiti, ki ka delekans ak kidnaping Etazini. Aksyon filantwopik pa rezimen nan bay manje, men tou, ede moun lan pou l ede tèt li, epi lòt moun.
Mwen te ensiste tou ke paske 95% Ayisyen pa pale, ni ekri, ni konprann, ni li fransè Ayiti, kidonk, li t ap bon bou Leta Masachusèt ede imigran yo adopte yo avèk literati dijital nan moutre yo manevwe yon òdinatè. Apre seyans lan Bostonn Glòb, yon jounal, te fè entèvyou avè m epi mande m pèmisyon pou difize enfòmasyon m yo ke yo te twouve ki trè entèresan. Pandan seyans lan tou, mwen te resite yon powèm ki titre "An Nou Retounen Lakay" nan objektif pou m moutre piblik la pouvwa lang kreyòl la, lang ki rann tout moun nwa lib la, yon powèm ki ta mete sansiblite nan kè kèk moun ki nan asistans lan, sou jan emosyon t ap degaje nan tèks la, epi te solisite pataj tèks la avèk yo apre seyans lan.
Wilsonn Telimo Lwi, Panelis.
Kominikatè sosyal, Jiris, epi Mèt nan Sèvis Piblik.






Comments