top of page

ITIAHaiti DI MATTAPAN TECH MÈSI

Updated: Aug 21, 2021

ITIAHaiti ap prezantan gratitid li yon lòt fwa bay MATTAPAN TECH ki pa sispann rekonèt egzistans travay li nan kominote ayisyen-an, nan Boston.


Jacques Dady Jean, Prezidan enstitisyon sila bese chapo li byen ba pou salye bon travay ekip ITIAHaiti-a ap fè, epi fè òganizasyon-an kado 200 mas pou pwoteje manm li yo kont kowona, ak yon kat ki gen $25.


Li te santi li onore pou eksprime satisfaksyon li sou Facebook aprè Michel Denis, direktè ITIAHaiti Etazini te delivre sètifika apresyasyon komite ITIAHaiti-a te dedye pou MATTAPAN TECH.


Sa se te fragman Prezidan Jacques Dady Jean:


“I am honored to receive this certificate of appreciation, from ITIAHaiti on behalf of Mattapan Tech. Hats off to Thelimo Louis, President of ITIAHAITI and to the members of his team.”


 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page