LÈT OUVÈ POU PÈP AYISYEN AN
- Wilsonn Telimo Lwi

- 1 day ago
- 6 min read
LÈT TOU LOUVRI POU PÈP AYISYEN AN

Nou pa dwe sèlman denonse sistèm nan—nou dwe òganize nou pou transfòme li.
Pou pèp ayisyen an, dyaspora a, pati politik yo, òganizasyon sosyete sivil la, lidè kominotè yo ak tout sitwayen ki angaje pou avni peyi a.
Chè konpatriyòt,
Ayiti ap travèse youn nan peryòd ki pi difisil nan istwa li. Ensekirite, feblès enstitisyon yo, enpinite, mizè, chomaj, eksklizyon sosyal ak absans otorite lejitim kontinye menase lavi popilasyon an ak avni nasyon an.
Nan moman sa a, nou dwe pale aklè, aji avèk sajès epi evite kite okenn moun sèvi avèk soufrans pèp la pou reyalize enterè politik pèsonèl yo.
Depi lontan, gen manipilasyon politik k ap fèt ni Ayiti, ni nan kèk kominote ayisyen nan dyaspora. Twò souvan, bèl pawòl sou patri, demokrasi ak chanjman sèvi pou kache chache pòs politik, avantaj ekonomik, konsève “chèk zonbi” ak enterè mesken.
Se poutèt sa mwen lanse apèl sa pou plis vijilans, plis transparans ak plis responsabilite nan tout mobilizasyon politik ki fèt nan non pèp ayisyen an.
Pa bay sistèm ki echwe a yon lòt pretèks
Lè yo te anvizaje òganize yon manifestasyon nan Boston pou mande Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ale, mwen te opoze ak inisyativ sa. Mwen te fè konnen li pa t nesesè pou nou òganize yon mobilizasyon konsa pandan manda estrikti a te deja prèske rive nan bout li.
Lè yon pouvwa ki echwe prèske rive nan fen manda li, retire li anvan lè kapab pèmèt responsab li yo prezante tèt yo kòm viktim. Yo kapab pretann se presyon politik oswa opozisyon an ki te anpeche yo travay, reyalize objektif yo oswa fini manda yo.
Nou deja wè mekanis sa a nan listwa politik peyi a. Lè yon dirijan pa fini manda li, li kapab sèvi ak entèripsyon an kòm eskiz pou evite rann kont sou echèk li. Konsa, olye li disparèt sou sèn politik la, li konn retounen pi fò, paske li fè kwè se lòt moun ki lakòz echèk li.
Gen yon pwovèb ki di: lè yon rat fin granmoun, li rèk, li prèske mouri epi l ap ranpe devan w, ou pa bezwen touye li pou se ou menm ki pote peche a.
Menm prensip la kapab aplike nan politik. Lè yon sistèm rive nan bout li, sitou lè manda li prèske fini, li kapab pi saj pou nou egzije responsab li yo rann kont, dokimante echèk yo, anpeche tout pwolongasyon ilegal epi kite popilasyon an jije rezilta yo.
Nou pa dwe bay okenn estrikti ki echwe okazyon pou li itilize mobilizasyon nou kòm eskiz pou l rejwenn fòs politik li.
Ensekirite pa dwe jistifye yon tranzisyon san fen
Ayiti devan yon reyalite grav. Anpil aktè politik nasyonal, sektè ekonomik dominan ak patnè entènasyonal ki te patisipe nan jesyon peyi a pa rive bay rezilta popilasyon an t ap tann yo.
Jodi a, gen moun ki fè konnen eleksyon pa kapab fèt akoz ensekirite. Wi, ensekirite a grav. Wi, eleksyon mande sekirite, planifikasyon, finansman ak enstitisyon ki kapab fè popilasyon an konfyans.
Men ensekirite kapab dire lontan. Si nou oblije tann li disparèt nèt anvan nou kòmanse prepare eleksyon, Ayiti kapab pase plizyè lòt ane san enstitisyon lejitim ak san dirijan pèp la chwazi.
Nou dwe evite yon ekstrèm: Pandan n ap di nou pa dwe òganize eleksyon prese prese, san sekirite ak san garanti, men nou pa dwe sèvi ak ensekirite kòm pretèks pou kenbe peyi a nan yon tranzisyon san limit depi 6an. Solisyon an se travay epi konpòte nou yon fason pou kreye kondisyon ki nesesè pou eleksyon kredib, transparan, ak enklizif posib.
Nou bezwen yon estrateji elektoral serye
Nou bezwen rasanble bon teknisyen, bon pwofesyonèl, bon politisyen, bon jiris ak bon diplomat pou prepare epi egzije eleksyon ki respekte lalwa ak dwa pèp la.
Eleksyon sa yo dwe:
chita sou Konstitisyon an ak lwa peyi a;
genyen yon kalandriye klè ak reyalis;
garanti sekirite kandida, elektè ak pèsonèl elektoral yo;
pwoteje entegrite vòt la;
pèmèt tout pati ki ranpli kondisyon legal yo patisipe;
genyen obsèvasyon endepandan;
mete fanm, jèn, moun andikape ak dyaspora a nan pwosesis la;
epi ofri mekanis legal pou verifye ak konteste rezilta yo.
Nou pa dwe sèlman mande eleksyon. Nou dwe òganize nou pou patisipe ladan yo avèk pwogram, estrikti, kandida ak kapasite pou defann vòt popilasyon an.
Opozisyon sèlman pa sifi
Pran lari, denonse koripsyon ak kritike move dirijan se dwa tout sitwayen. Men opozisyon sèlman pa sifi pou transfòme yon peyi.
Anvan nou goumen kont yon sistèm, nou dwe genyen:
pwopozisyon klè;
yon vizyon nasyonal;
yon pwogram gouvènman;
yon estrateji solid;
kandida konpetan;
yon altènativ ki kapab fonksyone;
ak kapasite pou pran pouvwa legalman epi egzèse li avèk responsabilite.
Nou pa kapab sèlman mande pou moun kite pouvwa oswa reponn devan lajistis san nou pa bati fòs politik ak enstitisyonèl ki kapab ranplase sistèm nan.
Nou bezwen omwen yon senatè ki konprann vizyon nou. Nou bezwen depite, majistra, minis, jij, diplomat, teknisyen ak lòt sèvitè piblik ki soti nan mitan popilasyon an, ki konprann bezwen li epi ki pare pou defann enterè li.
Nou bezwen reprezantan serye nan tout espas kote desizyon ap pran:
pouvwa politik;
pouvwa ekonomik;
pouvwa jidisyè;
administrasyon piblik;
edikasyon;
diplomasi;
ak lavi sosyal peyi a.
Objektif la pa dwe sèlman pran plas moun ki la yo. Objektif la dwe antre nan sistèm nan pou transfòme li, rann li responsab epi mete li nan sèvis pèp la.
Leta pa dwe rete prizonye enterè prive
Lè yon gwoup pran kontwòl Leta san kontwòl demokratik, li kapab sèvi avèk enstitisyon yo pou pwoteje tèt li, konsève privilèj li epi bloke tout ankèt sou koripsyon, vyolans, blanchiman lajan oswa lòt krim grav yo ta kapab akize kèk aktè kòm moun ki enplike ladan yo.
Se poutèt sa nou bezwen yon jistis endepandan ak enstitisyon ki pi fò pase moun k ap dirije yo. Tout akizasyon dwe egzamine sou baz prèv, lalwa ak dwa chak moun genyen pou defann tèt li.
Depi apre asasina Prezidan Jovenel Moïse, peyi a te ka jwenn yon solisyon ki pi solid nan dispozisyon legal ak konstitisyonèl li yo. Malerezman, enterè politik, konfizyon enstitisyonèl ak entèvansyon diferan aktè yo pa t pèmèt nou jwenn estabilite nou bezwen an.
Politik se jesyon pouvwa ak jesyon peyi. Lè moun ki pa gen responsabilite demokratik pran kontwòl tout enstitisyon yo, li vin pi difisil pou retire yo oswa egzije yo rann kont. Se poutèt sa eleksyon, ansanm ak yon jistis endepandan, rete youn nan zouti ki pi enpòtan pou retabli lejitimite Leta.
Edikasyon nan lang manman se yon pwojè liberasyon nasyonal
Kesyon edikasyon an pa yon senp pwojè sektoryèl. Se yon gwo pwojè nasyonal. Majorite timoun ayisyen yo oblije aprann nan yon lang yo pa metrize ase pou yo li, ekri, konprann, reflechi ak kreye ladan l. Modèl sa kontribye nan echèk eskolè, eksklizyon sosyal ak inegalite ekonomik.
Chak minis Edikasyon Nasyonal kapab prezante bèl rapò nwa sou blan. Men kestyon fondamantal yo rete:
Konbyen timoun ki antre lekòl fondamantal epi ki rive fini avèk siksè?
Konbyen elèv sistèm nan mete sou kote chak ane?
Konbyen jenerasyon ki echwe paske lang ansèyman an pa lang yo konprann pi byen?
Konbyen jèn ki pa janm jwenn aksè ak inivèsite oswa fòmasyon pwofesyonèl?
Ki rezilta konkrè chak administrasyon kite pou popilasyon an?
Ayiti bezwen yon sistèm kote edikasyon fèt prensipalman an kreyòl, lang manman majorite popilasyon an. Fransè, anglè, panyòl ak lòt lang ka anseye kòm matyè, men yo pa dwe sèvi kòm baryè pou anpeche timoun yo konprann, aprann ak devlope kapasite yo.
Yon peyi pa kapab vin otonòm si majorite sitwayen li pa kapab aprann, reflechi, kreye ak patisipe nan lavi piblik nan lang li konprann.
Apèl pou yon nouvo fòs politik
Nou bezwen moun ki kapab panse pou avni popilasyon an, pwoteje rasin nou, valorize eritaj nou epi mete enterè nasyonal la anvan enterè pèsonèl yo.
Nou bezwen yon nouvo fòs politik ki baze sou:
konpetans;
entegrite;
transparans;
jistis sosyal;
responsabilite;
patisipasyon sitwayen;
respè lwa;
edikasyon nan lang manman;
ak otonomi nasyonal.
Chak pati politik dwe kapab prezante pwogram li ak kandida li devan popilasyon an. Se pèp la ki dwe chwazi, atravè eleksyon lib, transparan ak kredib, kiyès ki merite dirije li. Nou dwe òganize nou, mobilize popilasyon an, prepare bon kandida, prezante yon pwogram serye epi defann chak vòt. Konsa, nou kapab antre nan sistèm nan, transfòme li epi ranvèse lojik eksplwatasyon, eksklizyon ak depandans ki kenbe peyi a prizonye depi twò lontan.
Angajman ITIYAyiti
ITIYAyiti rete ouvè pou dyalòg ak tout pati, òganizasyon ak sitwayen ki vle travay seryezman pou retounen nan lòd konstitisyonèl, òganize eleksyon kredib epi bati yon Ayiti otonòm.
ITIYAyiti ap antre nan yon kowalisyon oswa platfòm politik si li gen garanti sou:
vizyon ak objektif estrikti a;
transparans nan desizyon ak finansman;
respè endepandans chak pati;
reprezantasyon ekitab;
yon pwogram politik klè;
yon plan reyalis pou eleksyon;
patisipasyon fanm, jèn ak dyaspora a;
epi yon angajman solid pou edikasyon fèt an kreyòl.
Nou dispoze koute, diskite ak amelyore pwopozisyon nou yo avèk agiman solid. Diferans opinyon pa dwe tounen konfli. Li dwe ede nou bati pi bon solisyon pou peyi a.
Ayiti bezwen plis pase diskou. Li bezwen òganizasyon, estrateji, konpetans, enstitisyon ak rezilta.
Nou pa dwe sèlman denonse sistèm nan. Nou dwe prepare nou pou transfòme li.
Nou pa dwe sèlman mande chanjman. Nou dwe bati fòs ki kapab reyalize li.
Nou pa dwe sèlman pale nan non pèp la. Nou dwe pèmèt pèp la chwazi, kontwole epi revoke dirijan li atravè enstitisyon demokratik.
An nou mache KÒTAKÒT pou eleksyon kredib, edikasyon nan lang manman, manje agogo, epi jistis sosyal pou Ayiti Otonòm.
Avèk respè ak angajman patriyotik,
Wilsonn Telimo Lwi
Prezidan ITIYAyiti
Ansyen kandida pou depite Okay–Ilavach • Powèt • Kominikatè sosyal • Jiris • Metriz nan Sèvis Piblik.






Comments