top of page
Event Info: Events

dim. 30 janv.

|

Pati KÒTAKÒT

KÒTAKÒT !!!

DYALÒG SOU DESIZYON RATIFIKASYON ESTATI AK MANIFÈS KÒTAKÒT, VALÈ PATI A, EPI KOZRI SOU KOWÒDINASYON DEPATMANTAL YO AK KOMITE EGZEKITIF LI.

Registration is Closed
See other events
KÒTAKÒT !!!
KÒTAKÒT !!!

Time & Location

30 janv. 2022, 15:00 – 17:00 UTC−5

Pati KÒTAKÒT

Guests

About the Event

JWENN NOU SOU ZOUM!

MANIFÈS KÒTAKÒT

Nou mete fòs nou kòtakòt atravè yon mouvman sosyo edikatik, kiltirèl epi politik nou batize kòtakòt.

Jèn ayisyen alawannbadè, nou rive nan yon enpas kote nou dwe pase nan faz egzekisyon chan aktivite nou ap antreprann depi lontan yo. Pou sa fèt, nou menm jèn sitwayen ayisyen, nou jije nesesè pou nou pran mayèt desten nou an men epi pote doleyans nou san fòs kote, ni anba manipilasyon lidè tradisyonèl. Apre anpil eko nou fè nan tinèl lamizè san vwa nou pa janm depase tou labou n ap jigote-a, nou rive grenpe bit mòn glise-a pou pran gouvènay lavi nou an men kòtakòt. Antanke aktivis, nou twouve li se yon devwa pou nou mete volonte nou sou sèvis patri nou, pou nou konkretize rèv idantite nasyonal nou ap pwone depi lontan atravè konbit, òganizasyon relijye, sendikal, sosyo-edikatif, kiltirèl, literè ak teyatral.

Nou toujou reyini nan lespri fòmasyon, men sou yon pi gran echèl ki pa lòt ke sosyo politik, toujou nan lide pou fòme tèt nou pi plis sou lidèchip, angajman sivik, atizay ak antreprenarya. Sèl diferans tranzisyon sa pran: se sispann plenyen nan pye lidè kowonpi pou fè pwojè edikatif pase pou nou, nan mande charite pou nou reyalize aktivite fòmasyon, ki pa janm posib. KÒTAKÒT se opoze fè nwa, yon konsèp ki ta fè kwè solèy la cho, li nan mitan syèl la, li briye menm jan pou tout moun. Tout ti koulèv soti nan tou, tout zonbi lage, tout moun wè klè nan yon sèl lespri: reklame otonomi yo. KÒTAKÒT se amèn lapriyè, se fòs tout devosyon, li se son klòch libète mantal ak konplo lajenès.

KÒTAKÒT kwè dwa tout konpatriyòt dwe respekte kòm sa dwa, jan deklarasyon inivèsèl dwa moun ak sitwayen prevwa depi 26 out 1789, epi adopte nan Nasyon Ini 10 desanm 1948. Mouvman sa gen misyon pou konsève idantite Ayiti antanke patrimwàn libète pou tout moun sou tè-a. Antanke ilimine, nou fè devwa nou nan pran mayèt desten nou sosyo-politikman, jan konstitisyon peyi nou ba nou dwa nan atik 16, 17, 31, 31.1 ak 31.1.1. Vizyon nou se wè Ayiti tonòm, jenès la jwenn bon jan travay, ankadreman pou devlope talan li, epi wè avni nouvèl jenerasyon-an asire. Inisyativ sosyo-politik sa layite tribòbabò gras ak rezo sosyal yo, yon fason pou lespri men anpil chay pa lou-a ka blayi tout bon vre.

Nou menm, jèn fanm ak jèn gason, nou soude fòs konsyans nou pou kite yon lòt eksperyans pou tchovi ki gen pou wè jou yo. Nou se yon modèl nan fason nou milite. Nou kwè nan bon jan aksyon, nan respè kilti ak tradisyon. KÒTAKÒT se reflè Ayiti nou reve-a; yon peyi ki soti nan fè nwa epi ki jwenn koulè nòmal li. Nou itilize konesans ak nouvèl teknolojik-a pou enfliyanse sosyete-a sou chimen libète, yon manyè pou libere Ayiti jouk nou mete li kanpe sou de pye militè li. Nou konsyan peyi-a kidnape anba konfyolo patripòch ak kominezon kamoken. Antanke nouvèl jenerasyon, nou fè amoni ant ayè ak kounye-a pou defini demen. Nou kwè nan evolisyon, epi nou rete soude ak nanm zansèt yo nan pwoteje patri nou.

Filozofi KÒTAKÒT baze sou otonomi ki se rezilta fòs nou. Nou konnen moun gen potansyalite pou devni tout sa yo vle ye, epi fè tout sa yo vle fè. Nou kwè nan kouraj, kapasite entèlektyèl ak sikolojik nou. Sa ki makònen lonbrik pati sa ak rasin peyi-a, se jan nou tingtong nan dechike kannkès verite. KÒTAKÒT ap miyonnen viktwa nannan lang kreyòl la nan lespwa ke yon jou li va pran pozisyon nan tèt tout nèg ak nègès sou latè. Idantite estrikti politik sa reflete imaj defi libète anfas pisans enperyalis. Okenn mouvman paka koukouwèt li, pèsonn paka pachiman li, epi pyès lòt pati pa ka gen pi gwo fòs pase li. Defi zansèt nou yo leve fè peyi nou gen yon istwa ki sen, pwòp, epi ki se sous onè ak respè tout pèp sou latè beni.

Nou menm, militan ini pou dwa imen, nou travay kòtakòt, tèt nou byen fèt epi chak pawòl nou se yon aksyon pou bay jarèt nan devlopman peyi nou. N ap mennen yon batay sakre pou tèt kole, lespri kòtakòt la ka pi gran pilye nan mitan ayisyen. Antanke “Kotis”, n ap niyonnen devan bann pou demaske lamayòt nan baskit madigra, epi fouye zo nan kalalou zòt pou dechouke rasin espwa anba kout plim maltaye. Nou ap bat tanbou, kònen lanbi rasanbleman pou tout kavalye ki depeyize vin kalma anba tonèl lakay yo. Antanke limyè, n ap ilimine jiskobou pou resous nou yo sèvi kichòy antanke zantray peyi-a, epi travay di pou dwa peyizan respekte san negosye kesyon moun nan mòn ak moun lavil.

Militans nou “santre” sou dyalòg, yon chan libète pou fidèl k ap fè jèn pou lavi miyò. Men tou, nou ka yon raso sou do towo k ap kalbende, yon jij tout gouvènman kowonpi ki ta anpeche peyi-a vanse. Lespri KÒTAKÒT la reveye peyizan k ap kabicha, li pote aksyon ki sèvi sèl sou pwent lang zonbi. Reyalite peyizay, ak defans patrimwàn se nannan nou. KÒTAKÒT se kri Ayiti libere tout ayisyen t ap tann pou dekolonize mantal popilasyon-an depi lontan. Nou vin konstwi nouvèl Ayiti-a; nou pote konsèy, epi nou vin transfòme nan lanmou pou peyi nou vanse. KÒTAKÒT se yon lespri k ap mayimoulen kò l nan bwenn jèn yo. Nenpòt moun ka vin manm òganizasyon sosyo politik sa, epi kontinye fè lide-a vale tèren jouk vizyon pou Ayiti Otonòm lan la rive posib gwo MIDI nan mitan ayisyen alawonnbadè.

An rezime, KÒTAKÒT se amoni ki genyen nan mitan tout jèn lidè ki pran konsyans ke yo pa p fè yon pa kita, yon pa nago si yo pa mete tèt yo, fòs yo, mwayen yo, volonte ak kapasite yo ansanm pou sove tèt yo, kominote yo, ak jenerasyon ki gen pou vini yo. Manifès sa temwaye lespri konsyans pwofesyonèl nan mitan tout ayisyen pou yon jodi ak yon demen miyò sou chemen politik. Nou bay tèt nou misyon antanke frè ak sè, pwofesyonèl pou retabli konfyans nan jenès ayisyen-an, nan ekonomi peyi-a, ak lidè politik ayisyen yo. Kòt nou youn makònen ak kòt lòt antanke kotis. Nou se Ayiti!

ENTÈPRETASYON LOGO KÒTAKÒT

1. Kreyon an senbolize Endepandans mantal;

2. Pèsonaj yo se senbòl enklizyon;

3. Timoun lan senbolize relèv;

4. Ling lan se chemen devlòpman;

5. Gòm nan ap efase erè ki pase yo;

6. Koulè vèt la reprezante espwa;

7. Oranj lan fè nou wè kreyativite;

8. Palmis lan senbolize onè nou;

9. Kat Ayiti-a reprezante fokis nou;

10. Ayiti Otonòm se vizyon nou;

11. KÒTAKÒT se filozofi nou.

MOUN KI KREYE LOGO KÒTAKÒT:

Cherlin Simon

Claudy Fanord

Dieufredo Cherismé

Dr. Bonel Oxiné

Emmeline A. Menard

Jean Bertrand Oriza

Jean Bradley Derenoncourt

Jean Jonel Alexandre

Jean Orel Darbouze

John Youki Laguerre

Johnnly Jn-Baptiste

Lahens Jean Pierre

Louidji Louis-Jacques

Obdiel Dormelus

Obson Vieudaze

Oswald Neptune

Pierre André Joachim

Pierre Frantz Maxi

Pierre Roberson Neptune

Robentz Dorvil

Sheila Vital

Stevenson Bazelaire

Vladimy Lainé (Tiger One)

Wilson Thelimo Louis

Wolson Louis.

VALÈ KÒTAKÒT

KEPVET:

1) Kreyativite (Claudy Fanord)

2) Egalite (Catherine Pierre)

3) Patriyotis (Obdiel Dormelus)

4) Volonte (Jean Jonel Alexandre)

5) Entegrite (Betty Fortunat)

6) Transparans (Wilson Thelimo Louis)

MOUN KI BWASE LIDE SOU DEFINISYON KÒTAKÒT:

Claudy Fanord

Emmanuel Wevel Védrine

Ing. Micaël James Pierre

Jaslor Jean

Jean Lahens Pierre

Junie Saint-Pierre

Louidji Louis-Jaques

Luis Armando Cuevas Encarnacion

Marie Daniel Romsaint

Michna Elysé

Obdiel Dormelus

Olwitch Noel

Père Piverly Louis

Pierre André Joachim

Pierre Roberson Neptune

Robentz Dorvil

Roosvelt Cadeau

Stevenson Bazelaire

Wilson Thelimo Louis

Wolson Louis

Sheila Vital

MOUN KI KOTIZE FINANSYÈMAN POU LEGALIZE KÒTAKÒT AN GOUD:

Katherine PIERRE 250

Robentz Dorvil 250

Stevenson Bazelaire 270

Emmeline A. Menard 300

Evenska Perard 550

Pierre Jean Lahens 550

Pierre Frantz Maxi 1000

James Micael Pierre 1025

Junie Saint-Pierre 1100

Jean Jonel Alexandre 1100

Nerline Fortune 2000

Bonel Oxine 2500

Claudy Fanord 5000

Cherlin Simon 7500

Wilson Thelimo Louis 145000

MOUN KI KRITIKE ESTATI KÒTAKÒT YO:

Jackson Jeudy

Jean Armorce Dugé

Jean Heber Bellefleur

Josuas Jean Joseph

Luis Armando Cuevas Encarnacion

Obdiel Dormelus

Pierre Daniel Dorvilier

Pierre Jean Lahens

Robentz Dorvil

Wilson Thelimo Louis

GWOUP WHATSAPP KÒTAKÒT

https://chat.whatsapp.com/JVyboLHjkdp4EebL4DStVP

SIT ENTÈNÈT AN KONTRIKSYON :

 https://ayiti-otonom.wixsite.com/kotakot/post/manif%C3%A8s

SI OU GEN DEZI FÈ DONASYON

Haiti: MonCash: +50948236987

Entènasyonal: Donasyon an ling:

https://www.paypal.com/donate/?hosted_button_id=NZ77T6TVQ393L

N AP TANN LIDE TOUT MOUN SOUPLE.

Il y a un groupe pour cet événement. Vous pourrez le rejoindre dès que vous vous serez inscrit à cet événement.

Tickets

  • KÒTAKÒT!

    DYALÒG SOU DESIZYON RATIFIKASYON ESTATI AK MANIFÈS KÒTAKÒT, VALÈ PATI A, EPI KOZRI SOU KOWÒDINASYON DEPATMANTAL YO AK KOMITE EGZEKITIF LI.

    0,00 HTG
    Vente expirée

Total

0,00 HTG

Share This Event

bottom of page