top of page

SE VILAJ DE DYE M LEVE


IZO VILAJ DE DYE
IZO VILAJ DE DYE - Message A La Nation (Official Video)

SE VILAJ DE DYE M LEVE


M pa ka wont di sa, se nan vilaj la

M aprann g a ga nan fèy malanga

Se nan Vilaj de Dye mwen leve ti taktak

E m pa t janm tande pèsòn nan kadejak


Mwen te gen chans grandi nan yon espas

Ki ba lavi m yon sans pou tout lòt enpas

Nan savann kou bò dlo, anba tout solèy cho

Se te gwo bouk kabrit k ap fè kòn sonnen bit


Se la m aprann jwe yoyo, kouri nan koridò, fè lago

Jwe siye kole, fè wolèmen ak soperiye sou yon sèl men

M pa ka bliye tèt akribit chak dimanch sou channmas

Pidetwal epòk krismas ki vin ranplase pa ti sourit


Epi fè blòk ak ti mamit pou nou fè fou ak labou

Ki pral kwit bon biskwit pou moun nan tout lakou

Sou tout do kay dal beton, kap papiyèt, kou lamidon

Se te sèvolan k ap pran pik pou depeyize sa k pi apik


Tout ti koridò se te nou, do tounen ap boulinen

Awoyo ap badinen pou dekore toupatou

Manman m te machann kenkay, kèk fwa li konn fè fritay

Akasan, kafe, oswa chokola, tèlman zòn lan te woulala


Moun te renmen moun, se te lanmou bò lari-a

Ou te mèt gwo zouzoun, sekirite w pa t branle lè swa

Sèlman nan plen lannwit, chat te konn rele timoun

Epi kout mò Latibonit pou tripotay ak sou moun


Kèk bal te konn sonnen zòn bwat chèn, gran chemen

Sitou bò Pòtay Lewogàn, men jamè rive kay Antwàn

Mwen te fè kindègadenn tou pre Teyat Nasyonal

Se te yon paradi nasyonal, li ta tankou jaden edenn


Site Letènèl te anpè nèt. Menm anba, bò site Plis Kat

Ou pa t konn bezwen linèt, ni janm mache an kat pat

Se nan ri Charewon nou te konn benyen lido-lido

Lè pou nou bwè dlo, n ale nan tiyo Kay Nason


Petèt kèk fwa tou, moun konn mouri bò lanmè-a

Se ta bagay douvanjou, paske timoun pa p wè sa

Mwen sonje mang, tif, sirik ak krab mazòrèy

K ap kouri sou gang, nan labou, anba solèy


Mademwazèl k ap vole ak papiyon byen dekore

Chodyè bouyon kay Pitèsya ki fè chak nèg yon sipèsta

Gade televizyon bò lari san grate tèt jiska minwi

Oswa al gade taykonndo ti pope karate dèyè rido


Kote Payito, Meyè, Bètoni, ak Madan Kayèl pitit Bondye?

Souvni yo anpil, nou pa ka bliye Makis, Doudou ak Feri

Lè lapli tonbe, pou n ap glise desann sou vant sou glasi

Èske se vre, Vilaj la transfòme ak move souvni?


Powèt Wilsonn Telimo Lwi.

Powèt Wilsonn Telimo Lwi
Powèt Wilsonn Telimo Lwi

61 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page