top of page

Mèt Cerisier G. Legipe, konseye minis jistis Emmelie Prophète Milcé.

Pa gen okenn lòt pati politik ki rele KÒTAKÒT Ayiti. Nou anrejistre, nou anrejistre nèt, KÒTAKÒT pou Ayiti Otonòm.


Nan lis pati politik yo, chaje ki genyen non ki fèt ak mo kote youn antre soti nan lòt. Pa egzanp:


Fizyon sosyo DEMOKRAT HAITIEN epi nou genyen Pati DEMOKRAT kretyen HAITIEN… elatriye. Nou chaje pati ki genyen mo RASANBLEMAN ladan yo; nou gen anpil lòt ki genyen mo KONBIT… Kèk pati politik genyen Liberté , Égalité, ak Fraternité an komen epi mo sa yo se deviz nasyonal nou; e tout non pati sa yo ekri nwa sou blan, oswa defini nan LOGO pati politik yo.


Mo sa yo se byen prive pati politik yo?


Poukisa ou vle pou nou chanje non KÒTAKÒT akòz yon lòt pati politik ki ta di yo itilize li kòm SLOGAN yo?


Ou gen patant kote yo achte KÒTAKÒT kòm slogan? Oswa tout pati politik sou tèritwa tou anrejistre ak slogan yo oswa tout mo ki ekri nan estati yo? Moutre nou lwa sa souple. Nou konnen tout ministè anrejistre non biznis ak definisyon yo.


Poukisa se mo KÒTAKÒT ou panse ki achtab nan ministè lajistis epi okenn pati pa ka genyen li, si se pa bare n ap bare nou antanke pitit sòyèt pou n pa defann dwa nou, oswa si se pa patipri k ap fèt?


Ou pwomèt pou w bloke legalizasyon pati a si nou pa fè tout sa ou di nou fè. Ou ka toujou rele tèt ou konseye minis ki pi difisil, oswa di nou betiz jan ou vle, men n ap toujou sitiye nou bò kote sa ki jis epi defann sa ki verite antanke jiris. Nou sèmante pou sa.


Wilson Thelimo Louis,

Prezidan KÒTAKÒT.

Lèt anrejistreman pati politik KÒTAKÒT
Lèt anrejistreman pati politik KÒTAKÒT

5 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page