top of page

PRIZONYE PENITANSYE NASYONAL PÒTOPRENS AYITI, ROBENTZ DORVIL, GEN TELEFÒN NAN MEN LI 24/24 AP OPERE.

Eskwo Robentz Dorvil anba kòd epi vòlè a pa sispann pèsekite moun malgre li nan prizon. Misye pran foto ak videyo moun ki mete li nan prizon yo, li melanje yo ak videyo pònografi moun k ap fè masisi, pou li sal imaj yo pandan li anndan prizon an.


TANDE JAN JÈN LI PRAN LAJAN NAN MEN YO AP TEMWAYE.


Wilson Thelimo Louis, prezidan KOTAKOT epi youn pami viktim Robentz Dorvil yo esplike:


Nan dat 12 janvye 2022, Robentz Dorvil te pran $2500 nan men men mwen pou li enskri yon pati politik ki rele KOTAKOT mwen fè pati an Ayiti. Mwen te responsab kolekte lajan sa nan men plizyè manm pati a. Robentz pa vann nou sèvis la, epi li pran lajan. Nan dat 13 avril 2022, yon polisye te arete l paske li te pran lajan nan men yon dam nan Pòtoprens. Lè nou tande sa, nou pote plent nou nan komisarya a li te ye, epi yo te kenbe li nan prizon pou yo jije epi remèt nou lajan nou, jan li te dwe fè pou plizyè lòt victim ankò ki te vin pote plen.


Pandan l te nan prizon, Robentz Dorvil te itilize yon lòt non, Mesye Gareth, e li te rele mwen vè 8 pm nan dat 8 septanm 2022 pou li te di li se yon ajan Anbasad Ameriken. +1 715-636-7458 se te nimewo li, e li te itilize foto yon moun tou. Eskwo a te mande mwen pou mwen ba li nimewo telefòn Marie Flore, yon dam li dwe pase yon milyon goud. Li fè mwen konnen li gen yon dosye imigrasyon nan men li ki genyen non mwen ak non dam lan ki se yon doktè. Lè mwen remake vwa li, mwen anrejistre li epi voye konvèzasyon an bay avoka ki reprezante nou tout nan dosye Ayiti. Apre sa, li te pwomèt pou li touye mwen, fanmi mwen ak nenpòt moun ki te mete li nan prizon.


Nan dat 9 desanm 2022, atravè yon lyen, Robentz Dorvil rantre nan gwoup Whatsapp piblik nou ki rele KOTAKOT Ayiti Otonòm ki genyen 413 patisipan. Idantifye tèt li kòm Blanchard Arthur epi sèvi ak foto yon mesye ki rele Jeff Laporte, ki abite Boston. Robentz Dorvil deklare ke li ap viv nan Nyou DJèze (New Jersey), Etazini. Li te kòmanse voye videyo pònografik nan gwoup la, rele m nan non mwen, epi reklamasyon mwen te fè sèks avè l' plizyè fwa. Li fè kanpay ke mwen te kandida pou depite, senatè, e kounye a, prezidan. Li eseye domaje repitasyon mwen nan fè moun kwè mwen te gen relasyon seksyèl ak jèn gason nan Okay, vil mwen soti Ayiti.


Mwen pa janm fè sèks ak yon gason. Deklarasyon li an anmède lespri mwen. Malgre mwen respekte oryantasyon seksyèl tout moun, mwen blese nan ensistans misye ki ta fè kwè mwen se masisi. Li montre m foto ekran telefòn (screenshot) kote li voye videyo li fè a sou plizyè gwoup WhatsApp ak tout moun nan gwoup WhatsApp KOTAKOT la an prive. Tout zanmi m ak lòt manm gwoup la te tonbe rele mwen jou a.


Nan dat 11 desanm 2022, mwen te ale nan yon komisarya nan Nòwoud (Norwood), Masachousèt, pou pote yon plent. Poutan, nimewo telefòn +1 629-229-3054 li te itilize a te entènasyonal, e lapolis pa te kapab lokalize enfòmasyon li yo paske konvèsasyon WhatsApp pwoteje, kidonk, li te enposib pou yo jwenn li. Yon polisye te konseye m pou m rapòte li bay Whatsapp, bloke misye, pandan y ap fè demach pa yo tou; epi mwen te fè sa. Menm jou sa, nan lanwit, li te ekri mwen nan yon lòt nimewo, +509-4602-7588, pou li mande mwen lajan pou li pa pataje videyo pònografik li te fè ak foto mwen yo ankò, videyo maryaj mwen an, ak de gason ki fè sèks, ke li di youn ladan yo se mwen.


Dapre konvèsasyon mwen ak li pou ta fè li pale, li konekte mwen ak yon biznis ki rele 24Promo, pou mwen bay lajan pou li. Telefòn biznis lan se +509 4830-7089, epi kont Instagram yo se https://instagram.com/24hpromo?igshid=Nzg3NjI1NGI. =. Yo gen yon paj Facebook tou ki se https://www.facebook.com/officialnapbwase/?mibextid=LQQJ4d, epi administratè biznis 24Promo a se Blaise Gurnel Emilcar. Li pran pòz li pa konnen, Robentz Dorvil ki prezante li sou non Blanchard Arthur, apre m te fin voye konvèzasyon m te genyen ak eskwo Robentz yo moutre li.


Robentz Dorvil, se pwopriyetè “LES ENTREPRISES DORVIL ROBENTZ” ki ta nan #2, rue Rebecca (Lokal Muncheez), Petyonvil, Ayiti. Nimewo telefòn li se: +509) 4757-4848, 3255-3939, 3603-0909, epi +1 (564) 455-6230; imèl li se: entreprises.robentzdorvil2050@yahoo.com.

20 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page