top of page

Bilan Nou Pou Mwa Kreyòl 2022 a – ITIAHaiti KÒTAKÒT

Updated: Oct 24, 2022

Pou mwa oktòb la, nou te fè patenarya avèk lòt òganizasyon nan kad aktivite kominotè ak fòmasyon:


· 27 septanm 2022, pou lanse mwa kreyòl la nou te pase nan Tele Kreyòl Boston pou pale sou twa apwòch itilizasyon lang kreyòl la, ki se baz devlòpman ekonomik Ayiti, epi kwape tout deriv Ayiti ap travèse jounen jodi a, si edikasyon se baz devlòpman yon sosyete vre.



· 1e oktòb 2022, nou te patisipe nan fwa kiltirèl ki t ap fèt nan Nòwoud, Masachousèt, kote nou te ekspoze liv, tablo atistik, epi pale sou istwa Ayiti. Nou te deklame an kreyòl nan yon aviwònman kote prèske tout moun te pale anglè sèlman, yon fason pou nou te ka vann bote lang kreyòl la, mizikalite li, an patenarya avèk yon òganizasyon ki rele Black Norwood. Epi nou ta patisipe nan desizyon pou materyèl k ap sikile nan libreri Nòwoud, Masachousèt, yo tradywi an kreyòl.



· 3 Oktòb 2022, nou te envite onè òganizasyon MLHA (Mouvman Lanmou pou Ayiti), an patenarya avèk CEHAH (Sant Ayisyen Aksyon Imanitè), pou pale sou enpòtans edikasyon kreyòl nan lekòl Ayiti. Nan emisyon sa, nou te sigjere pou “tout ayisyen lekòl fè echwe apati reto dispanse kòm moun ki fini lekòl klasik, epi pou edikasyon klasik tou kanpe nan reto, jan etazini fè li.”



· 17 oktòb 2022, nan okazyon komemorasyon lanmò Jan Jak Desalin, nou te patisipe nan yon mach avèk divès òganizasyon patnè nan Boston, kote nou t ap fè pwomosyon pou amande atik 5 konstitisyon 1987 la, yon fason pou edikasyon kreyòl nan lekòl la ka kenbe tout bon vre, epi reklame drapo “nwa ak wouj” ki se senbòl idantitè ayisyen, antanke Premye Repiblik Nèg Endepandan.




· 23 oktòb 2022, nou te prezan nan gala “Genesis Jump Start Ministry” nan Mèfòd, Masachousèt, kote nou te sansiblize piblik la sou anviwònman, kilti kreyòl, ak pwoteksyon timoun, (Tèks ki soti nan liv powèm: “An Nou Retounen Lakay”) nan lang manman. Wilson Thelimo Louis




42 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page