top of page

Sa fè plis pase yon ane depi Viv Ansam ap mande lapè.

Mesaj sa soti nan kontinite reyinyon mwen te patisipe nan LIVE TikTok Babekyou-a. Li te kòmase li mesaj la, epi li te pwomèt l ap voye li apre rankont lan pou ouvè je popilasyon-an sou kouch sosyal ki pa vle Ayiti jwenn lapè, selon Kèvens Lwisen, nan yon mesaj pou jenès la. Yon moun ki te renmen jan m te pale sou LIVE la te pataje videyo-a pou mwen, epi mwen pran swen pou m transkri li konsa:

 

Sa fè plis pase yon ane depi Viv Ansam ap mande lapè.

Sa fè plis pase yon ane depi Viv Ansam ap mande lapè.
Sa fè plis pase yon ane depi Viv Ansam ap mande lapè.

Depi yon ane Viv Ansanm ap sipliye pou mete fen nan masak Ayiti yo; y ap pwopoze akò lokal, y ap lonje men bay kominote yo. Malgre tout sa, lapè pa janm rive fèt. Poukisa? Kiyès k ap bloke yon bagay ki parèt tèlman senp, epi imen, tankou sispann tire moun, pèmèt timoun yo tounen lekòl, kite mache yo respire?


Repons lan mechan, men li klè: Lapè-a menase gwo enterè. Men kiyès k ap kanpe kont lapè sa, epi poukisa?

 

1)        Premyeman, w ap jwenn fòs oto defans yo, sa nou rele: Brigad ame yo. Yo sèvi ak yo. Yo souvan rele brigad yo “Brigad” nan diaspora, nan Leta ak nan klas oligachi-a, yon bèl mo, pou kache reyalite-a. Se bann ame lokal yo ye. Yo prezante tankou pwoteksyon, men kilès yo ye vre? Ki moun moun ki nan brigad yo ye?

 

Pi fò ladan yo se jèn ki san travay, moun ki neglije, moun san espwa, jèn gason ki vin pran zàm kòm sèl mwayen pou yo viv e monte nan sosyete-a. Kounye-a, zàm vin tounen mwayen pou yo jwenn manje, yo depan sou moun ki peye yo pou defann yon katye, parapò ak manje yo ba yo, kay yo ba yo rete, ti lajan pòch, apre sa, zam ak minisyon. Yo jwenn zam, epi yo kite yo ap miltipliye kòm danje anndan sosyete-a. Ki moun ki vle lapè lè manje pou li manje depan sou lagè?

 

Brigad la pa p janm ka vle lapè lè manje l depan sou lagè. Jèn sa yo se victim sosyete-a ke yo ye an premye lye, men yon vin konplis nan dezòd la paske vyolans tounen sous lavi yo. Yo kontinye touye inosan ki soti menm nan zòn yo rele “kriminojèn” yo, sa vle di: zòn kote bandi ap kontwole. Yo touye vwazen, yo touye machann, yo touye jèn k ap chache lavi. E chak lanmò sa yo alimante kòlè ak reyaksyon chèf gang yo nan menm zò ke nou rele “kriminojèn” yo. Represyon kont zòn “kriminojèn” yo kreye victim sivil. Viktim sa yo pwovoke vanjans, e vanjans sa sèvi kòm jistifikasyon pou plis militè antre, plis lajan debloke, plis sekirite, ki se yon sèk visye.

 

2)        Dezyèm gwoup moun ki pa vle lagè-a se polis nasyonal Ayiti ki tounen gad prive. Olye Polis Nasyonal Ayiti sèvis ak tout fòs li pou sekirite piblik, li vin tounen konpayi sekirite prive pou moun ki gen pouvwa. Gen poulisye ki detache pou pwoteje rezidans ak biznis, epi yo resevwa gwo lajan. Lajan sa yo, kòm bonis, ki depase salè Leta ap peye polisye sa yo. Pou yo, lapè vle di: pèdi ti avantaj sa yo. Lè katye popilè yo ta vin an sekirite, lajan sa ap sispann antre nan pòch yo. Donk, menm la, lapè-a pa p fèt paske li deranje lajan pòch k ap antre avèk enterè pèsonèl polisye. Gen polisye k ap touche $300, jiska $500 pa jou pou sekirite rezidans ak biznis gwo moun ki gen lajan nan peyi-a.

 

3)        Twazyèm gwoup moun ki pa vle lapè-a se oligak ak gwo patwon ki pwofite nan dezòd la, gwo gwoup ekonomik yo, kèk antreprenè ak patwon nan zòn franch yo ki gen tout enterè nan yon anviwònman kote Leta fèb, travayè vilnerab ak salè ba. Dezòd la fè travayè yo pè kenbe salè ba epi garanti pwofi maksimòm pou mèt yo. Pou yo, estabilite, jistis fiskal, ogmantasyon salè ak ranfòsman Leta se menas dirèk kont pwofi yo. Lapè ta dwe di re-distribisyon taks, kontwòl, donk ki ap anpil pèt pou yo, sav le di: yo ap pèdi yon pakèt lajan si peyi-a an kontwòl. Yo pa vle sa, yo reziste, pafwa dirèkteman, pafwa atravè finansman sekirite prive oswa enfliyans politik yo.

 

4)        Katriyèm gwoup moun ki pa vle lapè-a se òganizasyon non-gouvènmantal ak fòs miltinasyonal k ap viv sou kriz la. Yon gwo pati nan bidjè sou èd entènasyonal la depan sou ijans ak kriz ki pa janm fini, pwogram, konsiltan, kontra, asistans, pafwa ak milyon dola ki pèmèt yo viv gras a kriz la. Sa vle di: kriz pèmanan egal ak kontra pèmanan. Toutotan gen kriz, toutotan ap gen kontra pou ONG yo. Gen yon ekonomi asistana ki bezwen kriz la rete pou jistifye bidjè yo ak misyon yo, menm jan kèk fòs oswa misyon entènasyonal peye pou yo jere kriz san yo pa manyen rasin poblèm yo vre. Poukisa yo ta renonse ak lajan sa ke y ap fè-a pou ta vin gen lapè nan peyi-a ki pa p vin itil yo anyen?

 

5)        Senkyèm gwoup moun ki pa vle lapè-a, se anbasad ak enterè etranje ki pwofite nan dezòd kontwole-a, nan kawo òganize-a, nan anachi kontwole-a. Gen tou kèk enterè diplomatik ak jewo-politik, sa vle di: anbasad, ajans entèlijans, ak aktè etranje ki jwenn avantaj nan yon dezòd kontwole. Yon Ayiti souvren, solid e endepandan ap vin twò difisil pou yo manipile. Men yon Ayiti fragmante, ki toujou ap mande asistans ak estabilizasyon vin pi fasil pou yo kontwole. Pou kèk moun, pou kèk peyi, kenbe yon dezòd byen òdone pi bon pou sèvi plan jewo-politik ak ekonomi yo. An rezimen, kilès ki pa vle lapè-a?

 

·      1. Brigad ame yo paske zam bay o manje ak pouvwa lokal.

·      2. Kèk polisye nan polis nasyonal Ayiti-a paske yo jwenn benefis finansye nan ensekirite-a parapò avèk sekirite ke y ap ba antrepriz prive ak kè endividi anndan peyi-a ki gen lajan.

·      3. Oligak kowonpi ak patwon yo paske dezòd la pwoteje pwofi yo, e lapè-a menase enterè yo.

·      4. Kèk ONG ak misyon entènasyonal paske kriz la finanse egzistans biwokratik yo.

·      5. Kèk pouvwa etranje ak anbasad paske dezòd la ba yo enfliyans ak kontwòl. An reyalite, lapè menase chèn pwofi miltip, ekonomik, sekirite, politik ak diplomatik. Pou moun k ap gouvène sistèm lan, lapè se danje e li koute chè. Epi pa bliye, touye inosan se premye zak ki fè kòlè ak vanjans moute. Chèf gang yo sèvi ak lanmò sa yo kò rezon pou riposte. Vyolans lan tounen yon sèk ki alimante tèt li paske represyon bay kòm rezilta viktim sivil, kòlè pèp, reyaksyon ame, plis militè. Sa nou dwe di fò e klè: di nou vle lapè se bèl pawòl, men fòk nou denonse moun k ap bloke lapè-a. Fòk nou moutre kijan vyolans vin tounen biznis; kijan li achte, kijan li repwodywi. E fòk nou sonje ke premye moun ki soufri nan sistèm sa: se pèp la, fanmiy yo, timoun yo, travayè yo.

 

Pou kèk solisyon san vyolans pou kase sèk sa, mwen pwopoze:

1) Transparans ak odit piblik:

Fè konnen kiyès k ap finanse brigad yo. Ki kontra sekirite ki gen anndan peyi-a? Ki èd entènasyonal.

2) Demobilizasyon ak pwogram travay:

Transfòme brigad yo an pwogram fòmasyon ak travay ki finanse ak lajan ki soti nan sous ki pa mal akeri, lajan ki pa sal.

3) Refòm nan polis nasyonal Ayiti-a:

Ogmante sale piblik yo, moute sale polisye yo pou polisye yo pa al fè djòb pou moun ki pi rich pou PNH la pa tounen yon ajans sekirite. Kanpe ak kesyon detachman komèsyal polisye prive sa. Mete kontwòl sivil solid nan PNH la.

4) Sanksyon ak pouswit Legal:

Ekspoze epi jije oligak ak entèmedyè k ap finanse vyolans anndan peyi-a.

5) Re-oryante èd entènasyonal la:

Kondisyone asistans sou rezilta lapè reyèl, men pa sou jesyon kriz san fen, sa vle di: fòk lè yon ONG vini Ayiti, li gen yon objektif pou li eradike yon poblèm, se pa jis ap jere yon kriz li pa janm vle ki sispann.

 6) Mobilizasyon sitwayen ak dyaspora:

Fè presyon pou finansman lapè soti nan rekipere kòman sistèm nan kontwole nou ki pou pèmèt nou kanpe vyolans lan

 

Lapè viv ansanm ap pwopoze, e li pa sispann pwopoze depi plis pase yon lane-a pa ni nayif, ni pasif. Li Pratik, ijan, e reyalis, men lapè mande plis pase yon sispann tire. Li mande pou nou atake enterè ki pwofite nan dezòd la pou n ale nan rasin lan. Toutotan nou pa manyen rezon sa yo ki se ekonomi, sekirite, politik, diplomasi, lapè-a ap rete yon pawòl, men pa yon reyalite. Kounye-a, se pou n poze kesyon ki fè sans: Kiyès k ap fè lajan, k ap gen pouvwa pandan pèp la ap mouri?


E se pou nou reponn ak transparans, jistis ak re-distribisyon, men pa ak ranplasman non sou lis victim yo. Ayiti merite lapè, men lapè sa ap mande pou nou peye ni pa ak lanmò, ni ak lapèn.

 

Wilsonn Telimo Lwi.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page