top of page

Rezime 2èm entèvansyon mwen nan emisyon Fouco Tak509 24 septanm 2026, vè 8:30 nan aswè.

Sep 27
2 min read

Rezime 2èm entèvansyon mwen nan emisyon Fouco Tak509 24 septanm 2026, vè 8:30 nan aswè.

Rezime 2èm entèvansyon mwen nan emisyon Fouco Tak509 24 septanm 2026, vè 8:30 nan aswè.
Rezime 2èm entèvansyon mwen nan emisyon Fouco Tak509 24 septanm 2026, vè 8:30 nan aswè.

Nan entèvansyon mwen an, mwen te:


1) Felisite Fouco pou angajman li, epi raple li ke li se sèl moun mwen kwè nan enfòmasyon l nan dosye Jovnèl la paske *TOUT lòt medya Ayiti yo achtab epi achte*. Mwen te manifeste regrè mwen ki pa p ka prezan nan jijman.


2) Mwen te mete aksan sou nesesite pou nou kenbe atansyon pèp ayisyen-an sou pwosesis jidisyè k ap fèt la, san nou *pa kite lòt sijè tankou Aryana*, jan sa te pase pandan premye jijman, kote tout atansyon jenès la te soti sou jijman Jovnèl la sou rezo sosyal yo, epi evite nenpòt aktyalite tankou foutbòl, krim, kidnaping, elatriye, ki ka fè nou pèdi konsantrasyon sou jijman Jovnèl la paske *se Ayiti ki devan tribinal Florida jodi-a.*


3) Mwen te mande Fouco pou li *mobilize Ayisyen pou reponn prezan devan tribinal* la avèk mesaj ekri sou mayo yo, pankad, epi kriye pou kwape pouvwa oligachik Ayiti-a, menm si tout moun pa kapab antre anndan. Pou mwen, prezans sitwayen yo gen enpòtans paske li montre enterè pèp la nan sa k ap pase epi li kenbe dosye a nan je piblik la.


4) Mwen te ankouraje Fouco, antanke enfliyansè ki gen yon vwa nasyonal ak entènasyonal nan medya sosyal ak nan sosyete-a pou li envite tout ayisyen vin asiste jijman paske *se pa sèlman lanmò Jovnèl ki devan tribinal, men se lanmò Ayiti.* Kidonk, se jistis, ak fonksyònman enstitisyon peyi-a ki konsène.


5) Mwen te ankouraje *prezans Leta ayisyen* nan tribinal la.


6) Mwen te egzòte Fouco pou l pa sèlman fokis nouvèl li yo sou yon sèl moun, sinon, yo ka pouswiv li pou difamasyon près, yon reyalite ki ka pase anba pye tout bèl travay l ap fè yo. M ankouraje l ekspoze tout prezime yo egal ego nan enfòmasyon li, tankou ansyen direktè polis ki soupsone, Mateli, Aryèl, ak tout lòt *moun ki benefisye krim lan*.


7) Mwen ankouraje Fouco pou l pa sèlman ap batay kont sa li pa vle, nan kwape klas oligachik kowonpi-a, men tou, mwen ta renmen wè li mete men nan pat la pou l patisipe nan ranvèse sistèm lan. Mwen ta renmen tande l ap *pwomote kèk bon katèl majistra tou, ede pèp la fè bon chwa kandida nan pwomote bon depite, senatè ak prezidan.*


Wilsonn Telimo Lwi,

Prezidan *ITIYAyiti*

*KÒTAKÒT pou Ayiti Otinòm*

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page