top of page

POZISYON MWEN SOU NÒT MINISTÈ LAJISTIS LA NAN DOSYE ASASINA PREZIDAN JOVNÈL MOYIZ LA

17 hours ago
2 min read

POZISYON MWEN SOU NÒT MINISTÈ LAJISTIS LA NAN DOSYE ASASINA PREZIDAN JOVNÈL MOYIZ LA


Mwen pran nòt sou desizyon Gouvènman ayisyen-an pou remèt Joseph Félix Badio ak 17 sitwayen kolonbyen bay otorite ameriken yo pou yo jije yo nan kad ankèt sou asasina Prezidan Jovnèl Moyiz la.


Mwen swete tout moun ki te planifye, finanse, fasilite oswa egzekite krim sa reponn devan lajistis—kèlkeswa nasyonalite yo, pozisyon yo oswa nivo enfliyans yo. Pèp ayisyen-an, fanmiy Prezidan epi istwa peyi-a merite konnen tout verite.


Men nòt Ministè-a soulve plizyè kesyon fondamantal:


1. Ki baz legal egzat Gouvènman itilize pou transfere moun sa yo?

2. Èske te genyen desizyon tribinal, odyans ak posibilite pou akize yo konteste transfè-a?

3. Kijan desizyon sa respekte Konstitisyon-an, sitou nan ka Joseph Félix Badio, ki se yon sitwayen ayisyen?

4. Poukisa nòt la pa bay non moun yo, akizasyon ki peze sou yo ak dokiman legal ki otorize transfè-a?

5. Ki garanti ki genyen pou prèv ak enfòmasyon Ameriken yo jwenn pral ede lajistis ayisyen idantifye tout moun ki te patisipe nan konplo-a?


Lè Ministè-a rekonèt ke, apre anviwon senk ane, pwosedi an Ayiti poko rive nan yon jijman, sa montre gravite feblès sistèm jidisyè nou an ki menm panse yo prè pou yo ta asire yon tranzisyon prezidansyèl. Men feblès enstitisyon nou yo pa dwe sèvi kòm rezon pou Leta ayisyen abandone souverènte li oswa pou li evite rann kont devan pèp la.


Nou kapab sipòte koperasyon entènasyonal san nou pa bay vag sou Konstitisyon nou, ni akize yo ak otorite lajistis ayisyen. Jistis pa dwe sèlman fèt; li dwe fèt legalman, transparan, san enfliyans epi devan je pèp la.


Se poutèt sa, mwen mande Gouvènman an pou li pibliye baz legal transfè a, desizyon jidisyè ki te pran yo, lis ofisyèl moun yo transfere yo ak garanti li resevwa nan men otorite ameriken yo.


Transfè sa kapab ede akselere rechèch verite, men li pa dwe fè ankèt an Ayiti-a disparèt. Pèp la bezwen konnen non tout moun ki te bay lòd pou touye Prezidan, moun ki te finanse zak la, konplis ki te fasilite krim lan, epi gwoup moun ki benefisye asasina jouk jounen jodi-a.


Jistis pou Ayiti, jistis pou Jovnèl Moyiz pa dwe limite ak egzekitan yo. Li dwe rive jwenn tout konplis, otè entelektyèl, finansyè ak politik krim lan.


Wilsonn Telimo Lwi

Prezidan ITIYAyiti

KÒTAKÒT pou Ayiti Otonòm

*Jistis pou  Ayiti, jistis pou Jovnèl Moyiz pa dwe limite ak egzekitan yo.     Li dwe rive jwenn tout konplis, otè entelektyèl, finansyèpolitik krim lan.*
Jistis pou Ayiti, jistis pou Jovnèl Moyiz pa dwe limite ak egzekitan yo. Li dwe rive jwenn tout konplis, otè entelektyèl, finansyèpolitik krim lan.
Jistis pou Ayiti, jistis pou Jovnèl Moyiz pa dwe limite ak egzekitan yo. Li dwe rive jwenn tout konplis, otè entelektyèl, finansyèpolitik krim lan.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Post: Blog2_Post
ALFABÈ KREYÒL AYISYEN

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO
WILSONNTELIMO LWI
bottom of page