top of page

18 ME 2021 - NÒT POU LAPRÈS AK MEDYA AN LING


Nan lespri nou kontinye lite pou retire Ayiti nan eta kritiK ak lamantab sa ke Leta kowonpi epi iresponsab mete nou ;


Pou fè lemonn antye tande kri Ayiti k ap jemi anba bòt yon bann peyi fo zanmi;


Pou nou di twòp san koule, twòp gang, twòp krim, twòp gwo zam otomatik nan yon peyi ki pa fè zam, epi ki gen anbagwo zam sou li, malgre sa : sa pa anpeche bandi jwenn zam agogo pou alimante ensekirite ak kidnapping. Se twòp atò. Twòp moun mouri;


Nou pral di peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo : nou vle yon lòt fòm koperasyon, sispann sipòte pouvwa k ap vyole dwa moun, k ap kidnape moun, epi k ap fè masak toupatou pou tabli diktati.


Madi 18 me 2021 ki se jou fèt drapo nou an, nou pral mache pou n al di Nasyonzini, OEA, Kò Gwoup, Gouvènman Ameriken, Kanada, Lafrans, Espay ak lòt konplis yo:


  • Nou pa p tounen nan diktati ankò,

  • Pouvwa sa a pa ka òganize eleksyon,

  • Manda tout dirijan fini depi 7 fevriye 2021 selon atik 134-2 konstitisyon 1987 amande-a,

  • Epi atik 284-3 pa bay pèson dwa pou fè referandòm an Ayiti


Pou tèt sa, yon pakèt asosyasyon ak òganizasyon, gason ak fanm vanyan konsekan, konpetan, onèt, epi nasyonalis mete ak VOIHLA Inc. (Voice of Haitians Living Abroad), Vwa Ayisyen k ap viv laba, ak Haiti Brigade Inc. ap envite tout moun nan yon mach pou yon lòt Ayiti, kote moun va viv tankou moun.


Adrès mach la se : Corner 3rd Street, South West, ak Independence Avenue, Washington DC.


Avèk drapo nou ki se senbòl libète ak fyète nou, nou pral mache ansanm ak yon bann atis, epi gwo pèsonalite peyi nou genyen, tankou : Carolle Demesmin, Farah Juste, Beethova Obas, king Kino, Larose Dieudonné, James Germain, Alan Cave, Izolan ak lòt sipriz toujou.


Attorney General Washington DC, Karl Racine, ap vin mache avèk nou pou di: "Ayiti pa merite sa". Kèk manm kongrè ameriken-an ak aktivis ameriken ap la tou. Gen Responsab Òganizasyon Dwa Moun ki pral mache pou Dwa Moun respekte an Ayiti, kòm : Doktè Josué Renaud ak Pierre Esperance.


Tout ayisyen k ap viv laba vle mete yo ansanm avèk ou pou travay KÒTAKÒT pou yon lòt Ayiti. Manman nou Ayiti pap peri. N ap wete tout patipri pou nou pran desten nou an men. Se ansanm pou nou travay, konsa nou va devye tout konplo ènmi ki pa vle peyi nou devlope.

Se nan Lynyon fòs nou chita.


Moun ki siyen nòt sa se :


Ernst Vilsaint

Sabine Philippe

Astrel Jean Garry

Yvrose Célestin.


Wilson Thelimo Louis,

Prezidan ITIAHaiti edite li.



0 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page