top of page

TPS pou Ayisyen



Depatman Sekirite Enteryè (Department of Homeland Security, DHS) te pibliye jodi a yon avi nan jounal Federal Register Federal Register notice (FRN) ki deziyen Ayiti ankò pou Estati Pwoteksyon Tanporè (Temporary Protected Status, TPS) pou 18 mwa, anvigè apati 3 out 2021 rive 3 fevriye 2023.


Deziyasyon Ayiti pou TPS pèmèt anviwon 55,000 benefisyè aktyèl yo ki kouvri anba enjonksyon preliminè Ramos ak Saget yo pou aplike ankò pou TPS nan kad deziyasyon sa a ak kenbe TPS yo rive 3 fevriye 2023, si yo kalifye.


Nouvo deziyasyon Ayiti pou TPS pèmèt tou anviwon 100,000 moun anplis ki te rezide kontinyèlman nan Etazini depi 29 jiyè 2021 pou depoze premye aplikasyon yo pou jwen TPS. Konsidere dènye evènman an Ayiti yo, sa gen ladan asasina Prezidan Jovenel Moise nan mwa jiyè a, Sekretè Sekirite Enteryè a, Alejandro N. Mayorkas, te modifye dat limit pou kalifikasyon an pa rapò ak sa ki te anonse anvan an ki vin kounye 29 jiyè 2021. Moun ki eseye ale Etazini apre 29 jiyè 2021 p ap kalifye pou TPS epi yo ka sibi ekspilsyon oswa depòtasyon.


FRN eksplike pwosedi nesesè pou soumèt yon premye aplikasyon pou enskripsyon nan kad deziyasyon an epi aplike pou yon Dokiman Otorizasyon pou Travay (Employment Authorization Document, EAD).


Anplis de sa, TPS ak dokiman ki gen rapò ak TPS, sa gen ladan EAD, kontinye valab rive 4 oktòb 2021, pou benefisyè ki kalifye pou TPS Ayiti ke enjonksyon preliminè Ramos ak Saget yo te afekte. Gade 85 FR 79208 (9 des. 2020).


USCIS te anonse dènyeman gen aplikasyon sou entènèt disponib pou kèk aplikan TPS. Aplikan pou TPS yo ki se resòtisan Ayiti ki kalifye oswa moun ki san nasyonalite yo ki te dènyeman rete an Ayiti, kapab ranpli Fòm I-821, Aplikasyon pou Estati Pwoteksyon Tanporè a sou entènèt kounye a, si y ap aplike pou TPS pou premye fwa. Lè y ap premye depoze yon aplikasyon pou TPS, aplikan yo kapab mande tou yon EAD lè yo soumèt yon Fòm I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay avèk Fòm I-821 yo ki ranpli. Aplikasyon sa yo se premye fòm ki disponib yo pou depo an menm tan sou entènèt.


Tout benefisyè aktyèl yo k ap enskri ankò nan kad deziyasyon sa a dwe kontinye depoze yon Fòm I-821 sou fòma papye. Si yon moun k ap enskri ankò depoze Fòm I-821 sou entènèt, USCIS ap refize aplikasyon an epi kenbe frè a. USCIS ap travay pou pèmèt depo aplikasyon sou entènèt disponib pou moun k ap enskri ankò yo ak premye aplikan yo pou tout deziyasyon TPS yo alavni.



Plis Enfòmasyon

Nou prevwa òganize sansibilizasyon konsènan nouvo deziyasyon Ayiti pou TPS pou bay enfòmasyon ak reponn kesyon piblik la.


Pou enfòmasyon ki pi resan konsènan Estati Pwoteksyon Tanporè, vizite pajwèb TPS nou an.


Pou plis enfòmasyon sou USCIS ak pwogram li yo, tanpri vizite uscis.gov oswa swiv nou sou Twitter, Instagram, YouTube, Facebook ak LinkedIn.



0 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page