top of page

Pwofesè Morisèt Senpre, yon notab nan kominote Boston an, Masachousèt, desann chapo li byen ba devan travay pledwari n ap fè pou edikasyon fèt an kreyòl nan lekòl Ayiti a.

Pwofesè Morisèt Senpre, yon notab nan kominote Boston an, Masachousèt, desann chapo li byen ba devan travay pledwari n ap fè pou edikasyon fèt an kreyòl nan lekòl Ayiti a. Ansyen anseyan Etazini an pwomèt pou l anseye an kreyòl nan inivèsite li genyen Okoto, Ayiti, yon travay li kòmanse fè atravè materyèl didaktik li yo, epi priye pwofesè li yo pou yo anseye an kreyòl nan tout disiplin tandou: Dwa/syans jiridik, edikasyon, agwonomi, epi jesyon. Li menm pwomèt yon kou kreyòl akademik omwen chak kenz jou nan chak klas. Pou mèt Senpre, kreyòl se yon lang ki konplè nan tout longè.


Pwofesè retrete Etazini an felisite melanj edikasyon ak politik n ap fè a, paske politik ta dwe kle demach la pou yon aboutisman long tèm. Pou pwofesè Senpre, majorite timoun ki nan lekòl li yo ta sanble pa p yon mèd si edikasyon yo kontinye fèt an fransè vre, paske yo pa konprann lang etranje a tout bon vre. Pou fini, Mèt Senpre fè konnen nou pa poukò nou nan lit n ap mennen-an. Li kwè gen moun k ap gade travay nou an san pale; gen moun k ap pran san di anyen, men travay sa te dwe ateri depi lontan deja, si li sonje pase li lè l te nan seminè Maznòd, Kanperen.


Bon ane 2024!

Wilsonn Telimo Lwi,

Filantwopis.


Kreyòl se lang moun entèlijan.
Kreyòl se lang moun entèlijan.


0 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page