top of page

Jovnèl Touye Moyiz

ON N’A PAS ASSASINÉ LE PRÉSIDENT JOVENEL MOÏSE. IL S’EST SUICIDÉ : VOILÀ DES PREUVES.

Eli an 2016, li te pran pòs nan dat 7 fevriye ane apre a, Jovenel Moïse te devni 58èm Prezidan Premye Repiblik Nwa Endepandan nan mond la.

Anviwon de (2) an aprè eleksyon l, Ayisyen yo te monte yon opozisyon radikal kont li a travè anpil manifestasyon mas ak yon seri de grèv jeneral nan prèske tout peyi a, pou te fòse l bay demisyon l kòm Chèf deta.

Yon pati nan opozisyon an te menm nome nan nwit dimanch 6 pou rive lendi 7 fevriye 2021, yon prezidan tranzisyon pwovizwa, Mesye Joseph Mécène Jean-Louis, yon majistra 72 an. Daprè kèk pati nan opozisyon ayisyen an, manda Mesye Jovenel Moïse te fini depi 7 fevriye 2021.

Alòske Prezidan an fonksyon nan epòk la, Jovenel Moïse te fè konnen li p ap kite pouvwa a avan 7 fevriye 2022. Li te menm ale pi lwen pou fè konnen se pa kite pouvwa a ki pwoblèm nan. « Se moun li yo l ap kite dèyè yo ki tèt chaje a ». Ki moun, èske se sila yo ki te mete l Prezidan an ? M pa konnen.

Se konsa, Ayiti vin rantre nan yon kriz politik ak enstitisyonèl grav. Pandan tan sa, kantite moun ki nan povrete ak ensekirite yo te kontinye ap ogmante pi plis chak jou.

REZON KI FÈ OTÈ TÈKS LA ITILIZE MO « SUICIDE » PANDAN LITERALMAN PREZIDAN AN PA SUISIDE TÈT LI

Anvan mwen kontinye, li enpòtan pou antann nou sou definisyon literal mo « Suicide ». Daprè « Larousse », se yon zak kote yon moun touye tèt li volontèman. Selon menm diksyonè sa, se yon aksyon ki detwi pwòp otorite moun sa. Oubyen ki detrui kredi oswa sistèm pwoteksyon moun sa. Anplis de sa, nan apozisyon yon non, « swisid » endike yon aksyon kote yon moun ka sakrifye lavi l. Nan sans sa, pou kretyen yo : èske Jezi pa t nan yon operasyon swisid ? Lè li te dakò mouri pou peche moun ki kwè nan Bondye yo, se pa te yon chwa suisidè ?

Mete sou sa, li enpòtan tou pou n analize tèminoloji otè a itilize nan tit tèks la pou pwouve konpòtman swisid Prezidan Jovenel Moïse te genyen. Definisyon sa yo gen anpil enpòtans paske yo delimite sa yo konsidere kòm yon zak swisid. A travè mond lan ak sa ki sijè rechèch nan swisidoloji. Gen anpil konpòtman moun ki ogmante pwobabilite pou lanmò l nan mwayen tèm, men ki pa presipite lanmò nan kou tèm oswa ki lakòz chòk fizik nan fiti imedya.

Konpòtman Prezidan Jovenel Moïse yo te parèt kòm « konpòtman swisid endirèk ». Sa ki te ogmante chans pou li mouri byen vit. Sepandan nou konsyan efè « konpòtman swisid endirèk » la ensèten. Sa vle di, menmsi majorite moun ki fimen tabak yo pral jwi yon esperyans lavi ki pi kout pase moun ki pa fimen yo, gen yon minorite nan fimè ki pral viv osi lontan oswa menm pi lontan pase anpil moun ki pa fimen. Men sa pa anpeche moun ki gen yon vi ki enplike gwo risk yo gen yon pi gwo pwobabilite pou yo mouri pi bonè pase moun ki pran mwens risk yo.

Nan sans sa a, m rete kwè anpil desizyon politik Mesye Jovenel Moïse te « swisid politik ». Nan lòt mo, mwen panse defen Prezidan Jovenel Moïse te komèt swisid endirèkteman oswa te gen yon konpòtman oto-destriktif. Pi ba, nou pral jwenn kèk agiman enpòtan ak fondamantal pou pwouve sa, menm lè yo pa klase nan okenn lòd.

1- CHWAZI PREZIDAN PEYI AYITI NAN MOMAN AK NAN KONDISYON SA YO, SE YON CHWA SISIDÈ, SITOU SI W ENTERESE FÈ GWO REFÒM POLLITIK AK ADMINISTRATIF

Sou pwen sa, anpil senpatizan Prezidan Moïse oubyen PHTK ka twouve Prezidan an te chwazi sakrifye l pou libere oprime yo (mas Pèp la) anba grif opresè (oligak kowonpi) yo. Ata menm Prezidan an te konn di, li konnen yo pral chèche asasine l pou chwa ak desizyon politik li yo.

2- CHWAZI ELI PREZIDAN SOU BANYÈ PHTK PA TE YON SENP CHWA POLITIK PASKE MESYE JOVENEL MOÏSE TE GEN GWO VIZYON POLITIK. SE TE YON DIL BANDI LEGAL KI TE MAKE SAN

Sitwayen Jovenel Moïse te sila ki te bay Prezidan Martelly plis garanti l ap ka akonpli misyon « Bandi legal » yo te konfye l, tankou asire re eleksyon Prezidan Michel Joseph Martelly. Anpeche pwosè Petro Caribe a fèt touswit, epi fasilite PHTK ak alye l yo kontinye banbile jann yo vle.

Rive sou pouvwa, Mesye Jovenel Moïse te kòmanse byen sèvi parenn li, jiskaske l te vin kòmanse rapwoche ansyen Premye Minis Laurent Salvador Lamothe, ki jodi a pa monte menm bourik ak Martelly. Mesye Jovenel Moïse ki te refize libere Mesye Woodly Éthéart AKA Sonson La Famillia, ki te kondane pou kidnaping, te konsidere kòm yon trèt nan fanmi an. E l te konnen li te gen pou l peye sa chè.

3- CHAWZI ITILIZE KÒM PRENSIPAL RESPONSAB SEKIRITE L, YON SERI DE ZANMI PWÒCH MICHEL MARTELLY KI POU OTAN PA TE ZANMI L AVAN TE YON CHWA DIRIJE SAN SEKIRITE

Aprè l fin rantre an fonksyon le 7 fevriye 2017, prezidan an te chwazi kòm prensipal responsab sekirite l Komisè divizyonè Jean Laguel Civil, zanmi pwòch Michel Martelly, kòm Kowòdonatè sekirite Prezidan an. An menm tan Komisè minisipal Dimitri Herard, yon lòt zanmi pwòch, pou m pa di ti pwoteje Prezidan Martelly, kòm Responsab USGPN, te vle di sou senpleman se PHTK k ap kowòdone sekirite Prezidan an, men non Palè Nasyonal. Sitou lè n konsidere se menm moun sa yo ki te responsab sekirite predesesè li, Mesye Martelly. Dayè Martelly patisipe dirèkteman nan fòmasyin ak ankadreman anpil nan responsab sa yo.

4- CHWAZI REKONPANSE KOMISÈ DIMITRI HERAD, NAN PLAS SANKSYONE L APRÈ FO KOU DETA 7 FEVRIYE 2021 AN TE BAY MESYE DIMITRI HERAD LEITIMITE POU LI ANVAYI

7 fevriye 2021, an prezans DG Polis Nasyonal nan lepòk la, Léon Charles ak Dimitri Hérard, responab Inite Sekirite Jeneral Palè Nasyonal, Prezidan Jovenel Moise te anonse li arete yon ventèn pèsonalite, pami yo yon Jij Kou Kasasyon ak yon Enspektris jeneral PNH.

Mete sou sa, nan plas sanksyon, Prezidan an te rekonpanse Dimitri Hérard, kòm kwa li ta sove lavi l, pandan se te yon fo kou deta. Sa se prèv Prezidan an te gen yon « Mal Syans », e « Mal Syans » sa te kondane l a mò. M te toujou rete kwè, fo kou deta « Ti Bwa » a, se te yon kou, pou Dimitri Hérard te andyoze Prezidan an, pou li enspire / benefisye plis konfyans nan Palè Nasyonal.

5- CHWAZI PRAN POZISYON NAN KONFLI KI TE OPOZE MESYE MICHEL JOSEPH MARTELLY AK MESYE LAURENT SALVADOR LAMOTHE TE OGMANTE POSIBILITE POU JOVENEL SISPANN VIV

Lè Prezidan Jovenel Moïse te chwazi akòde dechaj ak tout ansyen Minis ak tout ansyen Premye Minis ayisyen soti 1991 a 2017, se te yon deklarasyon de gè kont Mesye Michel j. Martelly an favè Mesye Laurent S. Lamothe.

An reyalite, kandidati Mesye Laurent Lamothe pou pòs Prezidan t ap yon gwo blokaj politik ak ekonomik pou re eleksyon Mesye Michel Martelly, ki li menm ap chèche kenbe pouvwa sa pandan 25 an pou pi piti.

Li enpòtan pou m di n tou, Mesye Lamothe te sila ki te deside ede Prezidan Jovenel Moïse pou l ta ateri ak pwomès kouran 24/7 la, pwomès ki pa te janm reyalize. Dayè ta sanble Mesye Lamothe te okazyone oubyen kowòdone, petèt menm vwayaje ak Prezidan Moïse lè li t al patisipe nan fowòm sou diplomasi, nan peyi Tiki, 15 jou apre li te fin resevwa nan palè lèt kreyans pou Federasyon Ruis mete yon anbasadè an Ayiti.

6- CHWAZI AL ABITE PÈLEREN 5, NAN YON KAY, NAN YON ZÒN KI PA RANPLI OKENN KONDISYON POU SEKIRIZE YON PREZIDAN TE YON GWO ENPRIDANS

Kandida Jovenel Moïse poko te eli lè l te chwazi lwe kay sa nan men Mesye Yves Léonard, yon zanmi pwòch Mesye Michel Martelly, pou anviwon 13 mil dola ameriken pa mwa. Rive Prezidan, li kontinye abite nan menm kay la. Fòk mwen di n, se yon bèl kay se vre, men san okenn kondisyon sekiritè, dayè gen yon sèl rantre nan Pèleren 5 la. Sa vle di, pa gen 2 kote pou Prezidan an pase lè l ap rantre ak soti lakay li.

Anplis de sa, kay sa prèske bati sou yon ravin. Pa dèyè kay sa, gen yon wout nan yon mòn, depi w kanpe ladan l, ou gen tout aksè ak lakou Prezidan an. (Kèk moun menm rakonte, Prezidan Jovenel Moïse te gen yon pisin nan lakou lakay li, li pa te ka benyen ladan l, pou moun k ap pase nan mòn nan pa te wè l. Gen moun kin rakonte tou, timoun dezòd konn ap voye ti wòch nan lakou Prezidan an, men m pa konfime sa yo).

Fòk mwen di nou tou, avan menm Sitwayen Jovenel Moïse te lwe kay la, te gen yon Anbasadè kanadyen ki te abite nan menm kay sa yon epòk, li te konn peye 17500 dola US pa mwa, li te vin kite kay la pou rezon sekirite mwen sot site la yo.

7- CHWAZI CHASE PEYIZAN NAN ZÒN KAY OU, OLYE W KOLABORE AK YO T AP TOUJOU RANN OU PI VILNERAB

Mèkredi 4 jiyè 2018, tou prè rezidans Prezidan repiblik la, sou lòd Komise Gouvènman Pòtoprens la, plizyè dizèn kay ki te twouve yo twò pre kay Prezidan an te demoli, sa ki te leve plim sou plizyè santèn peyizan nan katye a. M pa ekspè nan zafè sekirite, men m panse nan plas leve kòlè Popilasyon an de fason brital, li t ap toujou pi bon si Kowòdonatè sekirite Prezidan an te chèche plase kèk « Sniper » nan kèk kay nan zòn nan diskrètman, nan lide pou sekirize anviwònman Prezidan an.

8- CHWAZI LIBERE 7 MÈSENÈ AMERIKEN POU PI FÒ, KI TE ARETE NAN ZÒN BANK SANTRAL NAN DAT 17 FEVRIYE 2019, TE TOU OUVRI VÀN POU LÒT MÈSENÈ RANTRE POU LÒT MISYON

Prezidan Jovenel Moïse ak tout Preye Minis li nan epòk sa, mesye Jean Henry Céant te konpòte yo kòm de (2) iresponsab ekstrawòdinè. Chwazi libere 7 mèsenè ki te loudman ame, pou retounen nan peyi yo san okennkondisyon, san Leta pa o kouran fòmèlman te tou louvri vàn pou lòt mèsenè rantre pou jan de misyon sa yo. Dayè envestigatè jounal ameriken Intercept te fè konnen se yon konseye Prezidan Jovenel Moïse menm ki te akonpanye yo nan ayewopò lè yo te fenk debake samdi 16 fevriye 2019, a 5 è 00 nan maten, pou yo te ka pase nan imigrasyon san yo pa te mete so « rante » sou paspò yo. Nan sans sa, m panse PM Céant nan te dwe demisyone aprè l te fin aprann Prezidan an remèt USA 7 mèsenè yo san bri san kont.

9- CHWAZI BLOKE ENTERÈ MENM OLIGAK KOWONPI KI TE FINANSE KANPAY LI YO, O PWOFI DE YON LÒT GWOUP OLIGAK KOWONPI TE YON ZAK TRAYIZON KI TE MERITE LANMÒ SELON PENSIP MAFYA YO

Mesye Jovenel Moïse ki te jwenn finansman anpil boujwa Ayisyen te chwazi bloke enterè kèk nan yo o pwofi de yon lòt gwoup boujwa. Mesyedam sa yo ki te vin trè desi te estime Prezidan an trayi yo. E nan zafè mafya, prensip la klè kou dlo kòk. « Trayi la, mouri la ! ». Prezidan an trayi, li mouri.

10- CHWAZI KRAZE ENSTITISYON YO, POU SE LI MENM AN PÈSÒN K AP KONBAT MOVE POLITIK TE YON CHWA SUISIDÈ

M poko janm rive konprann kòman fè yon prezidan nan plas ranfòse enstitisyon yo pou fè refòm, te chwazi an pèsòn se li pou ki bay tap sou do men. Poze tèt ou kesyon, poukisa se pa Prezidan Kou Siperyè Dè Kont la ki pa la jodi a ? Poukisa se pa Prezidan Kou kasasyon an sa rive ? Poukisa se pa te DG ULCC, DG UCREF ak DG PNH la ki viv yon trajedi parèy ?

Rezon an, paske Prezidan an te chwazi an pèsòn mennen yon konba politik pandan l pa te menm gen mwayen politik li. Mete sou sa, li te atake twòp dosye sansib an menm tan. An politik, fòk ou eseye reveye twòp lènmi yon sèl kou. Atake yo sitou silansyezman, grenn pa grenn, sitou lè w pa gen mwayen politik ou.

11- CHWAZI BAY AKREDITASYON AK MESYE SERGEY MELIK-BAGDASAROV KÒM YON NOUVO ANBASADÈ FEDERASYON RUIS NAN KONDISYON SA TE YON PRÈV PREZIDAN AN NAYIF

Mèkredi 2 jen 2021, ansyen Prezidan repiblik nan epòk la, Jovenel Moïse, te resevwa nan Palè Nasyonal lèt kreyans pou Laruisi mete yon anbasad an Ayiti. Pou mwen, sa se te yon desizyon nayif ki t ap leve plim sou do Tonton Sam, ki te veritab pwotektè Jovenel Moïse. Sa vle di, chwazi bay Laruisi posibilite pou vin banbile nan lakou prive USA, se sifi pou USA dezenterese ak lavi w.

12- CHWAZI FÈ KORIPSYON EPI NOME TI ZANMI POU FÈ KORIPSYON NAN PLAS RANFÒSE LETA SE YON CHWA OTO-DESTRIKTÈ

Prezidan Moïse te nome Mesye Louis Gonzague Edner Day, yon alye pwòch Mesye Michel Martely kòm Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, e se sou administrasyon sa menm Leta te pi vilnerab. Nou imajine Mesye Joseph Félix Badio, yonn nan moun non l site anpil nan kad trajedi sa te lwe yon kay depi anviwon 6 mwa prèske anfas lakay Prezidan Moïse, epi okenn sèvis ransèyman Leta pa te janm o kouran. Tandiske yo chèche o kouran de tout jounalis k ap kritike administrayon Jovenel Moïse la, pou yo ofri yo djòb ak prvilèj.

Mwen menm pèsonèlman m konnen kèk bon zanmi pwòch Prezidan an ki t ap touche gwo lajan pou fè travay entelijans Leta, pandan moun sa yo pa te menm gen « E » nan Entelijans.

13- CHWAZI NOME PRÈSKE TOUT PREMYE MINIS OU YO SOU REKÒMANDASYON MICHEL JOSEPH MARTELLY

Imajine n yon prezidan soti yon arète le 5 jiyè 2021 pou nome Doktè Ariel Henry kòm nouvo PM li, aprè Mesye Michel Martelly ta fin fòse l. Epi Prezidan sa asasine 2 jou aprè. Mete sou sa, Premye Minis li te nome pou rezoud pwoblèm ensekirite a ta gen non l site kòm yon nan prensipal otè entelektyèl trajedi 7 jiyè 2021 yo, nan Pèleren 5. Sa se prèv Prezidan an t ap sèvi La familya, men non sèvi La Repiblik. Depi w ap sèvi La Mafya, nenpòt kilè ou ka disparèt menm jan ak Mesye Evinx Daniel ki li menm te disparèt 5 janvye 2014.

14- CHWAZI FEDERE GANG YO TE YON CHWA POU RANFÒSE GANG. RANFÒSE GANG VLE DI, MEN OU, MEN LANMÒ W

Jovenel Moïse te fòme Komisyon Nasyonal Dezameman, Demantèlman ak Reyensèsyon an (CNDDR), yon komisyon ki t ap dirije pa Mesye Jean Rebel Dorcénat. Ebyen Komisyon sa te pwopoze pou fè tout gwoup gang yo fè yon sèl. Sa ki san dout vin bay gang yo plis fòs anndan peyi a. Kwè m si nou vle, plis nou regwoupe nou, se plis n ap gen fòs. Konsa, Palè Nasyonal te vin pedi kontwòk sekirite a tout bon vre, nan yon dimansyon okenn moun pa ta imajine.

15- CHWAZI BAY MANTI SOU ZAFÈ ON N’A PAS ASSASINÉ LE PRÉSIDENT JOVENEL MOÏSE. IL S’EST SUICIDÉ : VOILÀ DES PREUVES.

15- CHWAZI BAY MANTI SOU ZAFÈ SEKIRITE NASYON AN, TE YON SIY PREZIDAN AN PA ENTERESE A KONBAT ENSEKIRITE

Lendi 22 fevriye 2022, Prezidan Ayisyen an, Jovenel Moïse te deklare devan Konsèy Sekirite ONU, administrasyon li a rive demantle 64 gwoup gang sou 102 ki te egziste, sa ki rerezante plis pase 65%, nan debi manda li a, nan lide pou l te montre l ap byen travay pou li konbat fenomèn ensekirite a.

Non sèlman se pa laverite, men kisa sa ap sèvis w si w demantle 95% gang ki egziste, epi w kite 5% ki pi puisan yo. Kidonk, okenn Prezidan pa ka sekirizi ni tèt li, ni Nasyon l ap dirije a lè l chwazi twonpe vijilans, ni Pèp la, ni kominote entènasyonal la.

16- CHWAZI KWAZE BRA W PANDAN W SANTI W AN DANJE, SE YON CHWA SUISIDÈ

6 septan 2020, nan yon rankont kominitè ak yon gwoup Peyizan, Prezidan an te deklare, gen moun ki ap chèche asasine l. Nan plas ranfòse sekirite l, li te deklare,li enpuisan epi li te remèt lavi l nan men Bondye ak sa li pa wè yo. Depi m vivan, se pi gwo betiz yon Prezidan jan m repete devan kamera Laprès.

« Se swa yo touye w. Yo touye w plizyè jan wi. Yo ka fè lapide w, yo fizye w, yo asasine w, yo egzile w. Se sò sa yo ki rezève ak Prezidan ki vin pou chanje bagay yo… Batay avèk sistèm peze souse sa, se yon batay jan nan labib nou wè se David k ap goumen ak Golyat. Si Bondye pa dèyè w ak sa w pa wè yo, se yon batay ki pèdi davans », sa se deklarasyon Prezidan an ki te santi jou pou l mouri a pa lwen rive.

17- CHWAZI PREZIDAN AN AYITI, SE CHWAZI GARANTI SEKIRITE CHAK GRENN SITWAYEN AYISYEN K AP VIV NAN CHAK MM2 PEYI A

Selon Konstitisyon Ayisyèn 1987 la, nan atik 136, li fè de Prezidan repiblik la kòm prensipal garan bòn mach tout enstitisyon yo. Nan sans sa, li mande pou Prezidan an degaje l kou mèt Jan Jak pou tout enstitisyon yo jwe wòl yo kòm sa dwa, pou sekirize lavi ak byen chak Ayisyen. E si se moun pou Leta elimine pou peyi a mache, se pou Leta fè sa, e sa dwe rete nan sekrè Leta. Tout sa se pou m di w, Jovenel Moïse, devni Prezidan, te prensipal responsab sekirite ni mwen, ni ou menm k ap li tèks sa, ni Sitwayen Jovenel Moïse.

Yon Prezidan pase egzakteman 1611 jou kòm chèf Leta. Pami tout jou sa yo, li pase 541 jou ap dirije kòm sèl mèt e seyè, dayè, apre Dye, se te li. Pandan tout tan sa, nou raple n yon jou kote Leta li t ap dirije a te pran yon desizyon dirab an favè lajistis ak sekirite ? Si wi, raple m ki jou, paske Laprès ta sanble plis pale de jou li te konn revoke ak imilye Jij ki gen repitasyon pi serye yo ak revoke avèk imilyasyon Minis jistis ki te parèt plis detèmine yo. Raple m ki jou ou sonje Lajistis te souri aprè yon desizyon Jovenel Moïse te fin pran kòm chèf Leta. M plis sonje jou l te avwe mi nome 50 jij kowonpi jouk nan zo yo, 14 desanm 2017.

Jovnèl touye Moyiz
Jovnèl touye Moyiz

4 views0 comments

Recent Posts

See All
Post: Blog2_Post
bottom of page