top of page

RÈGLEMAN PATI KÒTAKÒT

Updated: Jul 5, 2022



ESTATI YO


CHAPIT I:

KREYASYON - DEFINISYON - IDEYOLOJI – SYÈJ SOSYAL - VIZYON – MISYON - OBJEKTIF - LOGO – VALÈ – DIRE


CHAPIT II:

MANM – ÒGANIZASYON - ÒGAN TEKNIK - KONSÈY DEPATMANTAL - KOWÒDINASYON KOMINAL


CHAPIT III:

FINANSMAN – ELEKSYON – ALYANS - REPREZANTASYON NAN DYASPORA


CHAPIT IV:

DISOLISYON - DISPOZISYON FINAL




CHAPIT I:


KREYASYON KÒTAKÒT


Atik 1: Pati politik KÒTAKÒT kreye 12 janvye 2022 daprè dispozisyon lwa 16 janvye 2014 la, sou konstitisyon, operasyon ak finansman pati ak gwoupman politik yo.


DEFINISYON KÒTAKÒT


Atik 2: KÒTAKÒT vle di: Konbit Òganize Toupatou pou Ayiti Kanpe epi Òne Tèritwa.


IDEYOLOJI KÒTAKÒT


Atik 3: Pati politik ki rele KÒTAKÒT la kwè nan ideyoloji "santris nasyonalis", epi li atache nèt ak fòm repiblik Leta a, epi kontni demokratik li, nan respè libète piblik, endividyèl ak kolektif nan kad politik, ekonomik ak demokrasi sosyal.


SYÈJ SOSYAL KÒTAKÒT


Atik 4: Katye jeneral KÒTAKÒT sitiye nan Adrès: #27, Ri Dòmeyis, (antre Moleya) Laplèn, lwès, Pòtoprens, Ayiti. Syèj sosyal prezidans KÒTAKÒT kapab transfere nenpòt lòt kote sou tèritwa nasyonal la sou demann kongrè a.


VIZYON KÒTAKÒT


Atik 5: Vizyon jeneral KÒTAKÒT se wè Ayiti otonòm, jenès ayisyen an jwenn bon jan ankadreman pou devlope talan li, epi wè avni nouvèl jenerasyon an asire.


MISYON JENERAL KÒTAKÒT


Atik 6: Misyon jeneral KÒTAKÒT rezime nan definisyon li ki se. Kotis* yo ap travay atravè lespri “Konbit Òganize Toupatou pou Ayiti Kanpe epi Òne Tèritwa.”


MISYON JENERAL KÒTAKÒT


Atik 7: Misyon espesifik KÒTAKÒT se konsève idantite Ayiti antanke patrimwàn libète nan respè kilti ak tradisyon, epi travay pou dwa fondamantal moun respekte, tankou: manje, bwè, edikasyon, lojman, sante, sekirite, lwazi, ak tout lòt dwa tankou: travay, kominikasyon, transpò, elatriye; jan deklarasyon inivèsèl dwa moun prevwa ak manman lwa peyi a.


OBJEKTIF JENERAL KÒTAKÒT


Atik 8: KÒTAKÒT bay tèt li misyon pou li:

· Patisipe aktivman nan deba politik ak nan jesyon zafè piblik, nan prezante kandida pou eleksyon lib epi demokratik;

· Pèmèt ayisyen alawonnbadè jwi dwa sivil, politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo, elatriye, selon preskripsyon lwa Repiblik la;

· Rasanble Ayisyen toupatou sou valè moral pou yon sosyete demokratik, otonòm epi devlope totalman, kote chak sitwayen vin otonòm.


OBJEKTIF ESPESIFIK KÒTAKÒT


Atik 9: KÒTAKÒT ap travay chak jou pou:

· Fè fòmasyon sou tematik ki ede retabli konfyans nan lidè politik ayisyen, tankou: lidèchip, sivik, antreprenarya, kilti, jesyon konfli, enklizyon ak koyezyon sosyal, elatriye;

· Milite pou edikasyon fèt an kreyòl nan tout nivo lekòl Ayiti, pwoteksyon anviwònman, epi kwape tout fòm inegalite sosyal;

· Pwomote yon Leta ki pa gen lòt bousòl pase lalwa, yon Leta ki chita sou bon gouvènans ak respè souverènte pèp ayisyen.


LOGO KÒTAKÒT


Atik 10: Logo pati politik KÒTAKÒT se: YON MEN DWAT K AP EKRI. Kòm lòt ti detay: logo KÒTAKÒT gen kat Ayiti a ki pote koulè drapo a, sis (6) pèsonaj, yon ling orizontal, ak yon palmis ki gen bonèt endepandans lan sou tèt li nan sans opoze pa rapò a sa ki nan palmis ki sou drapo Repiblik la. Envèsyon an senbolize eta aktyèl peyi a ki malad, e ke nou bay tèt nou misyon pou nou geri li.


EKSPLIKASYON SOU ANBLÈM KÒTAKÒT:


Atik 11: Chak ti detay nan logo a vle di yon bagay:

· Men k ap ekri ak kreyon an senbolize edikasyon;

· Pèsonaj yo se senbòl enklizyon ak koyezyon sosyal;

· Timoun lan ak jèn yo senbolize relèv;

· Ling lan reprezante chemen devlòpman;

· Koulè wouj la reprezante kouray, motivasyon, viktwa;

· Ekriti blan fè nou wè lapè, jistès, vyèj;

· Palmis lan senbolize onè nou;

· Kat Ayiti-a reprezante fokis nou;

· Ayiti Otonòm se vizyon nou;

· KÒTAKÒT se konsèp filozofik nou.


VALÈ KÒTAKÒT


Atik 12: Kotis (militan KÒTAKÒT) yo kiltive sis (6) gran valè yo batize: KEPVET.

1) Kreyativite

2) Ekite

3) Patriyotis

4) Volontarya

5) Entegrite

6) Transparans.


DIRE KÒTAKÒT

Atik 13: KÒTAKÒT gen yon egzistans pèmanan, garanti, gras a afilyasyon nouvo manm yo, sitou li vize jèn. Li ka kraze selon lwa ki gouvène pati politik oswa dispozisyon Leta ak konsansis byen defini.


CHAPIT II:


MANM PATI KÒTAKÒT


Atik 14: Nenpòt ayisyen, san diskriminasyon sou kèlkeswa fòm legal, ka fè pati KÒTAKÒT depi li pataje manifès KÒTAKÒT epi soumèt anba règleman li yo.


Atik 15: Pou yon moun manm nan KÒTAKÒT, li dwe:

· Gen laj majorite legal 18an;

· Pa gen dosye kriminèl;

· Gen yon pyès idantite nasyonal valid;

· Epi gen bon eta mantal.


Atik 16: Pati KÒTAKÒT gen twa (3) kalite manm: Fondatè, Aderan, epi Onè.


MANM FONDATÈ


Atik 17: Manm fondatè yo se sa ki patisipe nan tout demach ki akouche premye kongrè ki kreye pati a, manm ki vote epi siyen ak konstititif la. Nou ka rele yo tou manm aktif, sa ki vle di: sila ki te patisipe nan tout reyinyon, nan aktivite kote KÒTAKÒT ap pran desizyon ofisyèl.


MANM ADERAN


Atik 18: Manm aderan yo se sila ki antre nan KÒTAKÒT prè yo fin fè biwo kominal ki pi pre l la yon demann, swa sou tit pèsonèl oubyen gwoupman asosyatif. Se tou, manm ki pou yon rezon oubyen yon lòt, pa patisipe nan tout aktivite KÒTAKÒT, men ki kontribye nan reyalizasyon objektif pati a bay tèt li.


MANM ONÈ


Atik 19: Manm onè yo se pèsòn fizik oubyen moral (enstitisyon) ki wè byen pou KÒTAKÒT, oubyen sila ki yon mannyè oubyen yon lòt, kontribye sou fòm finansye, moral ak materyèl nan egzekisyon pwojè KÒTAKÒT. Yo swiv aktivite pati a, men yo pa oblije angaje aktivman nan vi kotidyen.


Atik 20: Sou prezantasyon yon (1) manm nan konsèy depatmantal yo, epi aprè de tyè (2/3) manm komite egzekitif la fin bay akò yo, tout pèsòn fizik oubyen moral (enstitisyon) ka vin manm onè KÒTAKÒT. Yo patisipe nan reyinyon kòm sa dwa, men yo pa gen dwa vote nan kongrè.


IDANTIFIKASYON MANM YO


Atik 21: Manm KÒTAKÒT yo gen yon kat manm ki valab pou senk (5) ane. Biwo KÒTAKÒT defini pri kat la.


DWA MANM KÒTAKÒT


Atik 22: Manm KÒTAKÒT gen dwa pou:

· Eksprime lide li nan reyinyon ak respè mityèl;

· Patisipe nan reyinyon, vote epi eli;

· Okipe fonksyon piblik oswa politik;

· Poze kandida pou pòs elektif.


Atik 23: Yon manm pèdi dwa li nan KÒTAKÒT lè:

· Demisyone volontèman ;

· Lajistis retire dwa sivil ak politik li;

· Li radye pou yon enfraksyon grav, tankou vòl, mansonj, vyolans ak vye pwomès, elatriye;

· Pèdi eta mantal li;

· Li mouri.


DEMISYON

Atik 24: Yon manm oubyen yon gwoupman ka prezante demisyon li devan komite ki kowòdone li a. Demisyon sa apwouvab lè sekretarya kowòdinasyon li deklare demisyon li an ba li yon akize resepsyon.


Atik 25: Yon manm ki demisyone pèdi tout dwa ak privilèj li depi menm lè li fè deklarasyon li, oswa ekri demisyon li.


Atik 26: Tout manm ki rate twa (3) reyinyon asanble jeneral konsekitif epi san motif konsere demisyone nan KÒTAKÒT.


Atik 27: Manm demisyonè yo rekonèt tout enfòmasyon entèn rete prive, sekrè administrative pati a dwe respekte, epi tout sa li te konn itilize anndan pati a dwe retounen nan plas yo. Sinon li bay pati a dwa pou pouswiv li lajistis.


SISPANSYON


Atik 28: Konsèy administrasyon KÒTAKÒT ka sipann fonksyon tout manm ki:

· Pa respekte lalwa, manifès oswa règleman KÒTAKÒT, oswa lakoz KÒTAKÒT sibi yon domaj ki grav tankou detounman, destriksyon ak move itilizasyon materyèl, oswa vòl;

· Pa vle mache anba desizyon ki pran nan kongrè yo, konsèy la, nan kad atribisyon li yo, oswa derespekte yon dirijan KÒTAKÒT;

· Refize konfòme li devan anganjman li te pran nan KÒTAKÒT, oswa bay manti.


REKOU APRE SISPANSYON


Atik 29: Yon manm pati KÒTAKÒT sispann fonksyon li ka itilize kèk rekou pandan li ap aplike prensip sa yo:

· Nan 30 jou desizyon an, manm lan ka ekri konsèy administrasyon an pou mande sekou, epi prezidan ap akonpaye li ak yon abit. Depi delè sa pase, manm sa tou pa nan lis KÒTAKÒT ankò.

· Abit deziye a ap detèmine pwosedi a, epi li ap tande toulede pati yo anvan li deside sou kontestasyon an. Li dwe bay desizyon li nan yon tan ki pa depase 15 jou.

· Si abit la toujou kenbe sispansyon an, manm lan ka al mande yon dezyèm rekou devan kongrè a. Yo ap tande kontestasyon li nan asanble estawòdinè pou yo pran yon desizyon final. Pwosedi sila pa dwe depase 60 jou.

RE-ENTEGRASYON


Atik 30: Sèlman manm ki te demisyone ki ka gen posibilite re-entegre nan KÒTAKÒT.


Atik 31: Pou li ka rantre nan pati a, manm lan ap voye yon lèt ba administrasyon ki pi pre li a yon lèt fòmèl, epi administrasyon an gen dwa pou refize, oswa agreye li.


PWOMÈS MANM KÒTAKÒT


Atik 32: Manm KÒTAKÒT yo sèmante pou ranpli responsablite pati a konfye yo konsa:

“Mwen sèmante pou mwen fè devwa mwen, pou mwen kenbe ak pwoteje dwa pati politik KÒTAKÒT, epi pou mwen rete fidèl ak Konstitisyon Ayiti.”


ÒGÀN SANTRAL KÒTAKÒT


Atik 33: Kongrè a se ògàn siprèm KÒTAKÒT. Li konpoze ak:

· Prezidans pati a,

· Konsèy depatman yo,

· Kowòdinasyon kominal yo,

· Epi lòt administrasyon ki gen manm aktif tankou ministè ak anbasad yo, elatriye.


PREZIDANS KÒTAKÒT


Atik 34: Prezidans KÒTAKÒT se ògàn egzekitif KÒTAKÒT.


Atik 35: Prezidans lan responsab egzekisyon desizyon ak rezolisyon kongrè a, politik jeneral KÒTAKÒT, ak jan kongrè a defini.


Atik 36: Manm prezidans KÒTAKÒT yo eli nan kongrè nasyonal pou yon manda de (2) ane renouvlab.


Atik 37: Nan sousi pou angaje plis jèn sou baz lidèchip, Prezidans KÒTAKÒT genyen venteyen (21) manm ki soti nan 10 depatman Ayiti:

1. Yon (1) prezidan

2. Dis (10) vis-prezidan

3. Yon (1) sekretè

4. Yon (1) sekretè adjwen

5. Yon (1) trezorye

6. Yon (1) trezorye adjwen

7. Yon (1) konseye jiridik

8. Yon (1) direktè kominikasyon

9. Yon (1) direktè entèlijans ak ajannda

10. Yon (1) direktè pwoksimite jèn

11. Yon (1) direktè medya sosyal

12. Yon (1) direktè laprès ak mobilizasyon.


Atik 38: PREZIDAN KÒTAKÒT:

· Li egzekite bidjè epi sipèvize aktivite prezidans lan.

· Li konvoke KÒTAKÒT nan kongrè, kit òdinè, oswa estrawòdinè.

· Li prezide reyinyon prezidans lan.

· Li se lidè moral ak fizik KÒTAKÒT.

· Li siyen tout rapò ak pyès enpòtan.

· Prepare ajannda reyinyon KÒTAKÒT.


Atik 39: Nan kad absans nan desizyon nasyonal, prezidan egzekitif la deziye kilès ki pou ranplase li, sinon, prezidans lan vote yon manm konpetan.


VIS-PREZIDAN KÒTAKÒT


Atik 40: Antanke prezidan pati a nan depatman yo, vis prezidan yo responsab pou mete an plas yon konsèy depatmantal epi asire bon mach yo.


Atik 41: Vis-prezidan yo kontwole aktivite konsèy depatmantal yo nan sipèvize aterisaj politik pati a.


Atik 42: Vis-prezidan yo distribiye resous pati a nan destinasyon yo, asire kominikasyon ant prezidans pati a ak jiridiksyon yo.


Atik 43: Vis-Prezidan yo jwe wòl prezidan egzekitif la nan depatman yo.


Atik 44: SEKRETÈ A RESPONSAB:

· Dirije aktivite ak distribisyon korespondans KÒTAKÒT;

· Redije pwosè vèbal reyinyon prezidans lan, Asanble Jeneral la, epi siyen pou yo valid;

· Fòmasyon ak edikasyon manm KÒTAKÒT, epi li se gadyen tout achiv KÒTAKÒT;

· Preparasyon yon plan travay ki lye ak fòmasyon manm yo pou validasyon chak ane.

· Sekretè valide bidjè aktivite sekretè konsèy depatmantal yo;

· Sekretè a sipèvize kontablite, sa vle di: jesyon fon (rekizisyon, achte ak kontablite);

· Sekretè a responsab pou mete an plas epi jere Sekretarya, resepsyon, jesyon pati a.


SEKRETÈ ADJWEN


Atik 45: Sekretè adjwen an ranplase sekretè jeneral la otomatikman lè li absan, epi jwe wòl sekretè a mande li, oswa sou demann prezidan.


Atik 46: Sekretè adjwen an sipèvize aktivite maketing, medya sosyal ak relasyon laprès. Idantifye, etabli pwofil epi devlope yon baz done enstitisyon patnè tankou: lekòl, asosyasyon, enstitisyon entènasyonal, sant rechèch, inivèsite, elatriye.


Atik 47: TREZORYE

· Trezorye jeneral la administre tout byen KÒTAKÒT

· Tout koze ki konsène lajan KÒTAKÒT sou kontwòl trezorye a;

· Li ap egzekite tout depans yo sou sipèvizyon Prezidan ak sekretè a;

· Li siyen tout chèk ki sou non KÒTAKÒT ak Prezidan epi sekretè a;

· Li la pou prezante rapò finansye KÒTAKÒT nan kongrè a;

· Li la pou li prepare bidjè fonksyònman ak envestisman KÒTAKÒT.

Atik 48: Anba kontwòl trezorye-a, li posib pou KÒTAKÒT ba yon espesyalis jere koze finans lan, sitou nan reyalizasyon pwojè ki ta parèt difisil.

TREZORYE ADJWEN

Atik 49: Trezorye adjwen an kouvri pou premye Trezorye a lè li absan, epi li aji sou demann premye trezorye a, oswa prezidan.


Atik 50: Li ranfòse premye trezorye a nan jwenn lajan pou finansman KÒTAKÒT atravè:

a) Reyalizasyon gala ak reyinyon pou ranmase lajan ak diferan gwoup nan sektè biznis

b) Negosyasyon avèk founisè nan bay materyèl, machandiz oswa sèvis

c) Òganizasyon toune nan dyaspora pou ranmase lajan nan men ayisyen k ap viv aletranje


KONSEYE JIRIDIK


Atik 51: Konseye jiridik la jere tout aspè legal pati a, tankou:

a) Jwenn dokiman lwa elektoral pou yo soumèt bay KEP, epi fè aksepte kandida pati a.

b) Defann nenpòt manipilasyon lòt pati ta vle fè nan moman eleksyon yo.

c) Li analize lwa electoral, epi revandike dwa KÒTAKÒT konstaman.

d) Li bay avi yo sou tout desizyon ki ap pran nan pati a;

e) Prezidan ka bay konseye a manda nenpòt lè pou reprezante KÒTAKÒT.


Atik 52: DIREKTÈ KOMINIKASYON


a) “Branding” KÒTAKÒT. Sa vle di: jesyon imaj li.

b) “Masmailing” nan pòs, nan atik ki favorab pou KÒTAKÒT rive nan yon popilasyon laj.

c) Defile bandwòl nan televizyon

d) Definisyon yon ajanda entèvansyon sou medya yo

e) Idantifikasyon abòne medya telefonik pa depatman ak komin

f) Konsepsyon ak plasman tablo afichaj yo

g) Konsepsyon ak pwodiksyon yon achiv sou laprès ki se yon dokiman ki ilistre tout jounal ki fè referans ak KÒTAKÒT

h) Konsepsyon lòt atik piblisite tankou mayo, chapo, kreyon, elatriye

i) Konsepsyon postè ak afich

j) Kouvèti laprès nan tout aktivite KÒTAKÒT ap fè

k) Kreyasyon kont Facebook ak Whatsapp pou chak komin pou difizyon pòs atravè yon mesaj pozitif anfavè KÒTAKÒT chak jou

l) Kreyasyon yon komisyon volontè pou distribisyon flayè nan magazen peyi a

m) Mete “robocall” ak konpayi telefòn

n) Mobilizasyon jèn yo nan yon komite MEDYA SOSYAL

o) Òganizasyon konferans KÒTAKÒT nan lekòl ak òganizasyon

p) Pibliye atik nan jounal ofisyèl

q) Pwodiksyon ak emisyon yon dokimantè sou KÒTAKÒT

r) Pwodiksyon piblisite radyo ak televizyon.


DIREKTÈ ENTÈLIJANS AK AJANNDA


Atik 53: Direktè entèlijans ak ajannda responsab tout aspè ki gen rapò ak sekirite KÒTAKÒT, sa vle di:

 Relasyon avèk lapolis oswa komisyonè sipèvizyon KÒTAKÒT, si sa nesesè

 Relasyon avèk responsab sekirite KEP a

 Relasyon avèk gad elektoral ak polis ki plase nan biwo vòt yo

 Relasyon avèk sekirite ki pou defann KÒTAKÒT sou teren.


Atik 54: Direktè entèlijans ak ajannda kreye yon ajannda chak lè KÒTAKÒT gen aktivite, espesyalman deplasman kandida. Li responsab planifye yon fason estratejik:

 Vizit sou teren oswa pakou kandida KÒTAKÒT

 Entèvansyon nan radyo ak nan televizyon

 Òganize lojistik entèvansyon kandida KÒTAKÒT

 Fè kandida jwenn envitasyon pou pale nan asosyasyon, legliz, lekòl, ak tèt pon, elatriye.


Atik 55: DIREKTÈ PWOKSIMITE JÈN


 Li la pou sisite enterè jèn yo sou KÒTAKÒT

 Li òganize evènman ak rankont nan katye jeneral KÒTAKÒT pou jèn, espesyalman pwofesyonèl, inivèsite ak gradye, elatriye

 Direktè a ka mete kanpe yon gwoup sipòtè pou KÒTAKÒT tou.


Atik 56: DIREKTÈ MEDYA SOSYAL


· Konsepsyon ak fidbak nan paj Facebook, Twitè, Instagram ak sit entènèt/blog

· Pran foto ak imaj pou anbeli medya sosyal

· Idantifikasyon lyen ki dwe mete sou medya sosyal pou KÒTAKÒT.

· Siksè pwomosyon an ling pati a depann sou kapasite direktè medya sosyal la.


Atik 57: DIREKTÈ MOBILIZASYON AK LAPRÈS.


a) Planifye dine ak reprezantan laprès

b) Planifye vizit nan non KÒTAKÒT ak manm medya

c) Òganize reyinyon ak lidè opinyon

d) Planifye entèvansyon KÒTAKÒT sou divès medya

e) Defini pwen près (sa ki dwe di) nan chak entèvansyon

f) Jwenn atik ki andoze KÒTAKÒT nan men patizan pou pibliye nan rezo sosyal epi jounal.

g) Idantifye kowòdinasyon, lidè kominotè pou sèvi kòm reprezantan zòn.

h) Òganize lojistik entèvansyon kandida KÒTAKÒT

i) Kreye baz done sipòtè potansyèl ak nimewo telefòn yo, imèl ak adrès yo.


KONSÈY DEPATMANTAL KÒTAKÒT


Atik 58: Konsèy Depatmantal yo etabli apati twa manm pou pi piti:

· Yon (1) kowòdonatè

· Yon (1) sekretè

· Yon (1) trezorye


Atik 59: Apre konsèy depatman yo fin etabli, vis prezidan yo veye pou entèpretasyon komite egzekitif la respekte avèk yon (1) manm nan chak komin, oswa de (2) manm sèks opoze pou double fonksyon yo.


Atik 60: Vis prezidan nasyonal yo sipèvize konsèy depatmantal yo, epi kowòdonatè depatmantal yo preside.


KOWÒDINASYON KOMINAL


Atik 61: Kowòdinasyon kominal yo konpoze avèk yon (1) manm nan chak seksyon kominal ak sant, oswa de (2) manm sèks opoze chak seksyon kominal ak sant vil.


Atik 62: Kowòdonatè depatmantal yo fòme yon komite twa (3) manm nan chak komin (1) epi ki ka double ak sèks opoze:

1) Yon (1) kowòdonatè kominal

2) Yon (1) sekretè kominal

3) Yon (1) trezorye kominal


Atik 63: Apre etap en-an fini, yo ka ajoute lòt fonksyon ki defini nan konsèy depatman yo ak yon (1) reprezantan, oswa de (2) manm ki gen sèks opoze nan chak seksyon kominal yon fason pou estimile lidèchip nan mitan manm yo.


ÒGÀN TEKNIK KÒTAKÒT

Atik 64: Komisyon pèmanan yo kreye sou fòm ministè nan KÒTAKÒT, yon manyè pou fasilite fòmasyon kad KÒTAKÒT nan faz jesyon Leta:


1) Ministè Afè Etranje ak Dyaspora

2) Ministè Afè Sosyal ak Lojman;

3) Ministè Anviwònman ak Agrikilti;

4) Ministè Edikasyon ak Etid Akademik;

5) Ministè Ekonomi ak Finans;

6) Ministè Enteryè ak Kolektivite;

7) Ministè Etid syantifik ak Filozofik;

8) Ministè Fanmiy;

9) Ministè Jenès ak Espò;

10)Ministè Jistis ak Sekirite;

11)Ministè Kil Relijye;

12)Ministè Kilti ak Touris;

13)Ministè Komès ak Endistri;

14)Ministè Pèch ak Elvaj;

15)Ministè Sante Piblik ak Dlo Potab;

16)Ministè Teknolojik ak Kominikasyon;

17)Ministè Travay Piblik ak Transpò.


Atik 65: Chak ministè konpoze avèk 12 manm, plis minis nome a. Manm ministè yo gen dwa ap viv nenpòt kote nan mond lan.


Atik 66: Minis lan dezinye manm kabinè li yo an konsètasyon avèk prezidans pati a sou baz konpetans. Yon rapò sou travay chak ministè dwe voye bay prezidans KÒTAKÒT chak semès.


Atik 67: Ministè yo travay kòtakòt ak òganizasyon sosyal pou fasilite distribisyon pwogram KÒTAKÒT bay popilasyon an.


Atik 68: Konsèy Ministeryèl la fòme ak minis chak ministè yo, epi Konsèy Ministeryèl la se konseye prezidans lan. Prezidans pati a ka revoke manda yon minis.


Atik 69: Minis yo òganize eleksyon prezidans KÒTAKÒT nan kongrè sou lobedyans reprezantan legal pati a ki jwe yon wòl pèmanan pou eleksyon fèt nan bon kondisyon.


KOMITE SAJ


Atik 70: Chak manm komite egzekitif deziye yon notab bay kò a pou apwobasyon epi kreye yon komite saj.


Atik 71: Chak komin ka gen yon komite saj ki kreye sou menm pwosedi ki define nan atik presedan.


Atik 72: Manda manm komite saj yo pa gen limit. Men administrasyon titèl la ka revoke yon manm komite saj la pa majorite vòt senp sou konvokasyon prezidan.


Atik 73: Komite onè a ede KÒTAKÒT nan tout aktivite ki gen rapò ak devlòpman li.


CHAPIT III


Atik 74: FINANSMAN KÒTAKÒT SE:


a) Aktivite leve fon tankou sosyo kiltirèl ak seminè fòmasyon nan kad misyon KÒTAKÒT;

b) Donasyon pèsòn fizik (moun) ak pèsòn moral (enstitisyon);

c) Lè manm yo bay donasyon, kontribisyon materyèl ak finansye;

d) Pwodywi ki vann tankou materyèl ki gen logo KÒTAKÒT;

e) Sipò Leta ak tout lòt sous finasman lalwa ayisyen prevwa.


Atik 75: Prezantasyon rapò finansye yo pral fèt nan yon reyinyon jeneral ki pral kòmanse 1e oktòb chak ane fiskal, epi li pral fini 30 septanm nan ane k ap vini an.


Atik 76: Manm KÒTAKÒT fè kontribisyon volontè. Trezorye ak sekretè kowòdinasyon yo kontake manm yo pou raple yo kotizasyon an epi pran doleyans yo.


Atik 77: Manm ki bay donasyon sou kanè bank KÒTAKÒT ka remèt yon manm komite fich depo a pou konfimasyon ak anrejistreman, si li vle. Donatè yo kotize sou sit entènèt pati a tou.


Atik 78: KÒTAKÒT pa bay anyen an retou, sou fòm rekonpans, pou okenn donasyon li resevwa. Pwopriyete tankou mèb ak imèb KÒTAKÒT pa ka vann oswa transfere san otorizasyon prezidans lan.


Atik 79: Manm KÒTAKÒT yo volontè, sa vle di: yo pa touche pou travay yo fè, men yo ka jwenn prim pou satisfaksyon yo pote nan reyisit pati a.


Atik 80: Manm KÒTAKÒT ki vann pati a yon sèvis jwenn renimerasyon kòm sa dwa.


ELEKSYON


Atik 81: Nenpòt manm ki entèrese patisipe nan eleksyon peyi a dwe drese yon lèt bay estrikti ki dirije jiridiksyon li anvizaje poze kandida.


Atik 82: Kandida dwe gen aplikasyon KÒTAKÒT akonpaye yon validasyon manm aktif pati a ki siyen pou sipòte kandidati li jan estrikti komite pati a fòme nan jiridiksyon li an.


Atik 83: Kandida pou kèlkeswa pòs elektif nan KÒTAKÒT eli nan eleksyon primè si gen plis pase yon sèl manm ki desire pòs elektif la.


ALYANS


Atik 84: KÒTAKÒT gen dwa pou fè alyans ak lòt pati ki pataje menm ideyoloji ak li, sa ki kwè nan doktrin li, oswa ki gen menm pwen vi sou yon koz l ap defann.


Atik 85: Pou alyans rive fèt, prezidans KÒTAKÒT ap reyini ak reprezantan antite administratif yo pou deside sou fòm referandòm, oswa nan kongrè.


Atik 86: KÒTAKÒT kapab pote kolaborasyon li bay nenpòt gouvènman k ap dirije selon kondisyon ki etabli nan pèspektiv pou pote kontribisyon li nan Leta.


REPREZANTASYON KÒTAKÒT NAN DYASPORA


Atik 87: Biwo Minis Afè Etranje ak Prezidans KÒTAKÒT nome de (2) anbasadè entènasyonal sèks opoze pou reprezante KÒTAKÒT nan dyaspora.


Atik 88: Ak badj KÒTAKÒT epi yon lèt prezidans KÒTAKÒT siyen, anbasadè entènasyonal yo reprezante KÒTAKÒT nan dyaspora, epi yo jwe wòl prezidans KÒTAKÒT kòm sa dwa.


Atik 89: Anbasadè entènasyonal yo responsab politik KÒTAKÒT nan peyi etranje, epi yo nome anbasadè nasyonal nan chak peyi oswa Leta.


Atik 90: Anbasadè nasyonal yo nome konsil/ anbasadè kominotè pou vann pwogram pati a nan kominote ayisyen yo.


Atik 91: Prezidans KÒTAKÒT ka revoke manda anbasadè nasyonal yo sou demand anbasadè entènasyonal yo, epi anbasadè entènasyonal yo ka revoke konsil/ anbasadè kominotè yo sou demand anbasadè nasyonal yo.


Atik 92: Kongrè a ka revoke manda yon anbasadè entènasyonal, konsa tou, kongrè a ka revoke manda yon manm komite egzekitif ki pa jwe wòl li kòm sa dwa.


CHAPIT IV


DISOLISYON


Atik 93: KÒTAKÒT ka kraze si pa gen okenn manm ki pou asire prezidans li, oswa si kongrè a ta deside mete fen ak tout aktivite li ak vwa majorite absoli (100% vwa).


Atik 94: Nan ka disolisyon, reprezantan legal pati a, antanke manm fondatè pèmanan, kreye yon komisyon pou likide byen pati a bay lòt pati ki gen menm ideyoloji ak li devan lajistis.


DISPOZISYON FINAL


Atik 95: Pwosedi pou fè chanjman nan lwa sa yo:

1. Pwopozisyon yon kowòdinasyon kominal atravè yon konsèy depatmantal,

2. Yon konsèy depatmantal atravè yon vis prezidan egzekitif,

3. Oswa sou pwopozisyon konsèy egzekitif la,

4. Antite ki fè pwopozisyon an ap gen pou pwouve tèz li devan kongrè a,

5. Modifikasyon an pral fèt selon vwa majorite vòt 50+1.


Atik 96: Pou tout ka ki pa prevwa nan lwa sa yo, biwo kominal la pral voye yo nan konsèy depatmantal la, konsèy depatmantal la nan ànyè ki va deside.


Atik 97: Desizyon preliminè ki pran nan konsèy depatmantal yo pral konstitiye jirispridans epi yo pral anrejistre kòm lwa entèn an atant desizyon kongrè.


Atik 98: De tyè (2/3) komite egzekitif la ka konvoke prezidan oswa kongrè a sou fòm petisyon pou pran desizyon ekstrawòdinè sou direksyon nenpòt manm prezidans lan.


Atik 99: Si nenpòt reyinyon oswa kongrè KÒTAKÒT ki ta prevwa nan ywit (8) jou davans, pou pi piti rive anile akòz manke kowòm de tyè (2/3) manm aktif, tout planifikasyon otomatikman prevwa nan ywitèn (8èn) menm lè a.


Atik 100: Pou yon reyinyon, oswa kongrè KÒTAKÒT rive anile, fòk majorite manm aktif ki absan yo te motive absans yo nan yon delè omwen 48è anvan. Sinon, reyinyon oswa kongrè a efektif depi gen twa (3) manm aktif, pami yo, de (2) manm komite prezan pou pi piti.








139 views0 comments

Recent Posts

See All
Post: Blog2_Post
bottom of page