top of page

Sesyon Apywi Sou Jistis Rasyal

Updated: Jan 30, 2022

Sesyon Apywi Sou Jistis Rasyal



Se te yon gran eksperyans pou mwen te anime seyans deba sa sou jistis rasyal jou dimanch 13 jen 2021-an pandan prèske 2è tan. Pou kòmanse, mwen te prezante tèt mwen. Apre sa, mwen te mande patisipan yo pou yo fè menm bagay la. Mwen te mande yo nivo konfòtabilite yo soti nan en (1) pou rive nan dis (10). Mwen te eksprime nivo konfotabilite mwen rive nivo 7. Epi mwen te devwalw ke reyinyon-an ap fèt nan kad soumisyon yon devwa pou lekòl mwen.

Beti Fòtina k ap viv Jòjya, nan lakou Etazini te pran pawòl pou li eksprime konfòtabilite li nan nivo sis (6) sou to rasis nan kominote-a, selon eksperyans li ap konfwonte. Li avanse evènman kote polis ap touye moun nwa se pa yon bagay ki etranj. Kidonk, move tretman sa yo te toujou ap fèt depi lontan, epi sa ta fè anpil enpak sou lavi li. Li pale sou pitit gason li genyen ki nwa; yon reyalite ki rann li paranòy. Sa ba li poblèm lè li ap panse sa li santi ki ka rive pitit la nan lari anba men polis blan. Li toujou ap egzòte pitit gason li pou toujou mete lisans li nan pòch li. Si tout fwa polis ta kanpe li nan lari, Beti konseye pitit li mete lisans li prè devan dach machin lan, epi mete de men li anlè volan. Paske li nwa, si li ta foure men nan pòch li pou li pran bous li, sa ka lakoz polisye tire sou li.


Beti vin nan obligasyon pou anseye jèn gason disnevan (19) li-an jan pou li reyaji si yon polis ta kanpe li. Pou li kontinye, li oblije anpeche ti gason-an ale jwe basketbòl apre 6è nan aswè. Paske pitit la nwa, Beti pa vle pou l ap pran lari lè aswè. Paske timoun yo nwa, paran yo oblije ap kreye lapèrè lakay yo. Paran pa vle timoun yo soti, e menm ale nan yon seri zòn. Beti fè konnen, lè li prale travay, li oblije ap di pitit li: I love you! Paske li pa konnen si li ap tounen nan kay la, paske aktyalite rasis la kreye yon perèz jouk ofon lakay li. Edikatè-a ta ankouraje moun nwa yo edike tèt yo, konprann istwa yo pi plis toujou, epi konnen jan pou yo reyaji nan sosyete-a tou.


Beti kwè si moun nwa yo edike tèt yo byen, si yo gen bon nivo edikasyon, blan ap viv avèk yo kòm sa dwa. Li konnen si gen plis moun nwa ki medsen, pwofesè, aswa ki gen anpil lòt abilite pwofesyonèl, blan ap sèvi avèk yo kèlkeswa yo ta rasis ou pa. Pwofesè-a kwè edikasyon se kle, epi li ankouraje kominote nwa nan pataje konesans youn ak lòt, paske yo pa prale okenn oke san sipò fratènèl. Pou fini, Beti ta renmen jan deba sa yo kontinye, yon fason pou enfòme plis moun sou jan yo dwe aji tout fwa yo ta tonbe nan sitiyasyon sa yo. Li ensiste pou deba kontinye sout tout rezo sosyal yo tou.


Pwofesè Emmanuel W. Védrine, ki ap viv Kiraso, ankouraje kominote nwa yo sipòte youn lòt moralman. Li mande pou yo konekte ak moun ki gen konesans, yon fason pou jwenn sipò moral. Li twouve moun nwa plenyen twòp. Li dekouraje yo ret tann papa blan, oubyen ret tann papa leta pou tout bagay. Li di sa paske l twouve otorite leta iresponsab. Moun ki pran pouvwa ta sanble plis sou konsève pouvwa olye pou ta sèvi kominote yo lè l ap panse a Ayiti. Védrine ta twouve Ayisyen toujou vle travay an grenn senk. Li ta prefere wè yo travay ansanm, nan lespri konbit.


Pou sitiye li sou tèm «rasis», ki t ap diskite, li mansyone tout yon sistèm yerachik ki egziste Etazini. Li afime menm si yon moun nwa ta gen anpil lajan, gen yon seri zòn li p ap ka rete Etazini. Li retounen nan ane 1970 yo pou fè konnen ke moun nwa pa t ka ale sou plaj South Boston, epòk lè rasis la te trè fò Boson. Pou li, gen yon sistèm an plas ki eseye bloke anpil moun nwa pou pa rive twò lwen. Li deklare ke pa gen rasis nan peyi nwa yo men se ta pito prejije, lit klas ki ta egziste nan peyi tankou Ayiti. -- Nivo prejije a ka baze sou kote yon moun ale lekòl, klas sosyal li oubyen sitiyasyon ekonomik li. Lengwis la pale sou gwo inivèsite li ta pase, kote li te gen sèten limit antan etidyan nwa. Pa egzanp, gen yon seri klèb li pa t ka antre, kote se plizyè jenerasyon ki manm yo ki te etidyan (de papa a pitit, fanmi); yon bagay li twouve trè elitis.


Védrine ankouraje tout moun pou chache fòme tèt yo atrè chemen lekòl. Selon sa li obsève, gen lidè minoritè tankou nan kominote ayisyen Etazini ki ta plis ap chache relasyon nan men lidè ameriken, olye pou yo ta oryante manm kominote ayisyen (nan tout domèn) pou ede kominote yo pogrese. Védrine panse gen anpil brase lide ki pou ta fèt sou kesyon rasis la. Pou li, se pa tout blan ki rasis. Li pa ta vle pou moun nwa akize tout blan de rasis. Edikatè a twouve gen yon poblèm edikasyon ki pou ta rezoud tou. Li konstate moun ke moun nwa ta trè emosyonèl, sitou ameriken nwa. Nou di emosyonèl nan fason kèk konn reyaji ak blan (ki ta parèt agresif ak yo) tèlke ajan polis ki ka estope yo nan trafik pou yon rezon pou yon lòt... Nwa ameriken ta non sèlman emosyonèl, egri tou lè yo panse a istwa yo; tout esplwatasyon yo ta sibi etan esklav Etazini... Ta sanble kèlkeswa nivo nwa ameriken yo rive, yo toujou gen yon fristrasyon y ap fè fas. Men reyalite sou zafè koulè a (Etazini) sèke tout moun nwa nan menm panye. Jiskaprezan, lè moun nwa pase nan yon seri katye blan, yo ka rele polis pou yo. Blan wè tout moun nwa menm jan, san panse ak nasyonalite yo. Depi yon moun nwa ap viv Etazini, l ap fè eksperyans ak rasis kanmèm (to ou ta), menm si gen moun ki pa vle pale sou sa yo viv.


Védrine rakonte sa ki te pase li kòm etidyan, epi lè li t ap anseye nan eta Rhode Island tou. Fini l te fin desann yon bis epi l ap mache pou al lakay, li tande yon kri di «kochon» akonpaye yon kout boutèy byè yo tire dèyè l. Li pale tou sou eksperyans li te fè nan eta Indiana, kote l te etidyan. Gen yon seri zòn, yo di l pa pran chans pase ladan yo menm nan machin. Li sonje pa tèlman lwen yon kote l te rete nan kanmpous la, epi yon tigason blan anviwon dizan konsa devann vit machin papa l pou te rele l «kochon». Kidonk, si timoun lan pa t resevwa yon enstriksyon nan men papa l, li pa t ap di sa. Aksyon sa a montre n jan paran yo kontribye nan konfli rasyal. -- Védrine di l enpòtan pou paran anseye timoun yo jan pou trete lòt moun nan sosyete a paske lekòl pa pral di yo jan pou konpòte yo. Ekriven an egzòte paran yo pou oryante timoun yo pou abiye desan tou. Pa egzanp, pa kite yo mete kepi yo devan dèyè pou pran lari. Pwofesè Védrine dekonseye moun nwa mande polis pou kisa yo estope yo. Kèk polis rasis ta sanble itilize yon teknik pou fè yo eksite pou emosyon ta pote y ale (pou ta fè kèk reyaksyon kont polis sa yo) pou ta jwenn yon pretèks pou arete yo.


Li pale sou eksperyans li avèk pwofesè ki ba li move nòt, e ki ta menm lakoz li pèdi bous d etid li. Li fè konnen gen pwofesè blan ki pa ta janm bay etidyan nwa nòt «A» nan klas yo, nan inivèsite malgre etidyan ta fò anpil. Reyalite rasis la lakòz anpil etidyan nwa pa rive konplete pwogram lekòl yo. Li kwè si yon etidyan fè nòt «C» nan nivo mastè /doktora; se yon echèk li ye. Li kwè ke yon bon pwofesè ta dwe ede etidyan reyisi olye pou ta kite etidyan tonbe nan pwobasyon (yon sitiyasyon ki ka fè yo pa janm konplete pwogram lekòl yo). -- Li fè kwè ke pwofesè rasis yo fè sa menm, yon fason pou fè etidyan nwa echwe oubyen pou pèdi bous d etid yo. Li ankouraje n pou n pa rete diferan nan mouvman «Black Lives Matter». Pou fini, li pale sou yon gwo kout pòt yon blan te pa li pandan li t ap antre nan yon boutik – Famasi toupre Boston (nan vil Somerville) an 1978. Epi pandan l te nan yon pwogram entènasyonal an Espay, yon etidyan (fi) blan te trete «kochon» aprè yon gwoup zanmi blan ta envite ti dam sa a pou al fè yon flann.


Emlin A. Mena, yon edikatè k ap viv Masachousèt ta fè konnen se anndan nou rasis la ye; yon apwòch ki ta fè kwè blan pa rasis vre. Li fè rapèl sou yon reyinyon ITIAHaiti te fè nan semenn pase yo pou li di ke li pran plis desepsyon rasyal nan men moun nwa ke moun blan. Li pran egzanp sou yon kolèg travay li ki rete nan menm zòn avèk li. Kòlèg la plis sou kouri lè li wè li, olye pou li ta ssalye li. Emlin temwaye amitye moun blan ki toujou ap salye li. Li twouve sa fristran pou moun nwa ap repwoche blan. Li plis kwè se yon poblèm edikasyon pito, epi li ta kwè se moun nwa ki pi rasis. Li menm ale pi lwen pou li kesyone: èske nou konnen tout vrè rezon ki koz yon polisye touye yon moun nan lari-a?

Emlin rapòte ke li ap kondi depi 15 an, epi okenn polisye pa janm ba li move tretman. Menmsi polis blan ta kanpe anpil moun nwa, se pa tout polis yo bay move tretman. Li panse se aksyon yo, se sa yo aprann depi lakay yo, epi nan lekòl yo ki fè pwofesè blan yo pa renmen moun nwa. Li avanse: depi lè li ap travay nan amerika, pako janm gen yon patwon ki gade li mal, ni ki pale bagay mal avèk li, oswa ki rasis. Li panse se jan kèk moun nwa konpòte tèt yo ki lakòz y ap jwenn mòd tretman sa yo. Emlin ta fè kwè se pè moun blan pè moun nwa. Emlin kesyone tou: si moun nwa paka viv ant yo menm, kòman yo vle pou moun blan pa pè nou?


Maj Etyèn, yon kretyen aktivis k ap viv nan Masachousèt te eksprime satisfaksyon li pou yon si bèl deba konsa. Li te ankouraje patisipan yo patisipe ak tout kè yo. Li viv reyalite rasis la nan nivo 5 sou 10. Madam Maj te ale nan menm sans ak Beti pou li te pale sou pitit gason li, Samyèl. Li di jèn gason 16an li-an : menmsi ou fèt nan peyi-a, ou dwe konnen paran w se Blak. Si polis kenbe w sou wout la, pale avèk sajès. Paske polis yo konn ensilte nou, jis pou nou ka fè nenpòt ti bagay pou yo ka fè nou abi. Li vin pa santi moun an sekirite, epi li wè vin gen plis pèrè apre lanmò Jòj Flòd la. Li di: lè ou soti, se lè ou rantre lakay ou pou w konnen ou vivan vre.

Li ajoute: Nou toujou ap kontwole bouch nou pou nou pale; nou toujou ap kontwole ki zòrèy k ap tande nou, epi ki je k ap gade nou. Li twouve li enpòtan pou nou konenn blan rasis. Nou konn wè moun yo ap ba nou bon fason, fè bèl deba avèk nou, epi kou nou pale: vizaj yo chanje, epi yo pale avèk nou dwòl. Li mande pou nou pran anpil prekosyon lè nou ap bay opinyon nou, epi swiv plis ke nou pale. Madam Etyèn di nou menm ki se Ayisyen, nou dwe di timoun nou yo ke rasis la se yon bagay ki nan san moun, kidonk, toujou pran prekosyon. Li te twouve sijè sou jistis rasyal sa ap ede anpil nan nou pran konsyans.


Tayina Janvye ki ap viv Panama te kontan pou li patisipe nan sesyon deba sou jistis rasyal la. Antanke yon fanm nouris, li pa te ka rete dèyè kamera akoz timoun li. Li te devwale nivo enkonfòtabilite li jiska 6 sou 10 fas a reyalite rasis la. Tayina ta twouve antanke moun nwa, yon dyalòg konsa ta dwe konsène nou tout. Espesyalman antanke Ayisyen, li te twouve se yon devwa pou li vini pote preans li kòm sipò pa li, pou ede nou reyalize rapò devwa nou te gen pou soumèt bay lekòl nou. Feliks Jan Roudi, yon ayisyen ki gen yon jou nan Etazini ta bay 6 sou 10 pou batay li tande k ap mennen nan pou kwape rasis. Pyè Velaskè Nima, yon jiris, epi etidyan nan medsen, ki te branche depi Ayiti te salye prezans tout moun ki nan fowòm dyalòg la, epi li ta di li pa viv rasis an Ayiti. Pou li menm, ta gen kèk moun ki pran pòz blan yo Ayiti, oswa ki ta twouve yo diferan lòt. Kòlèg la te ouvê lespri li pou li te konprann sijè-a pi byen. Bò kote Ati Almeda, yon lidè kominotè Ayisyen nan Masachousèt, li ta viv nivo rasis la a 2 sou 10.


Ansyen pwofesè epi entèprèt Nekita Lamou ki ap viv nan Masachousèt manifeste enterè li sou koze rasis la nan Etazini malgre li wè anpil Ayisyen parèy li pa vle fè deba sou kesyon-an. Pou entèlektyèl aktivis la, ta sanble depi imigran ayisyen yo jwenn yon ti djòb, yo pa gen tan pou fè deba sosyal ankò. Li pale sou yon atik yon blan ekri ki gen anpil vye pawòl sou pwofesè nwa yo. Selon madam Lamou, sistèm edikatif ameriken-an mete yon seri pwofesè nwa nan yon kacho, sa vle di: yon anviwònman ki tankou yon prizon, yon baryè mental. Li ankouraje pou ta gen plis pwofesè nwa nan kindègadenn, epi nivo klasik ak inivèsitè. Pou li te kòmante kesyon rasis la, li ale depi nan kòmansman istwa pou li pale sou filozòf Platon ak Monteskye ki ta ankouraje konsepsyon diferans sosyal la depi lontan. Li menm parafraze Monteskye ki ta di: "si moun nwa kretyen, mwen menm mwen pa kretyen."


Li ta vle pale sou yon piramid sosyal, epi fè konnen se otè ansyen sila yo ki ta fè kwè moun nwa enferyè tou. Li te vle pale sou rasis kontanporen, epi raple jan moun nwa te konn ap vann moun nwa parèy yo bay blan kòm esklav, epi li relate moun nwa k ap touye moun nwa jiskaprezan. Madam Lamou twouve li enpòtan pou nou ta chache konnen kisa ki fè moun nwa fè ap maltrete moun nwa parèy yo konsa tou. Li avanse eksperyans kèk timoun li konnen ki pa te janm genyen pwofesè nwa. Li twouve si yon elèv pa te janm wè okenn pwofesè nwa, ni doktè nwa, ni anbilansye nwa, oswa polis nwa: sa ka youn nan kòz konsèp enferyorite rasyal la nan sosyete-a. Li panse deba sou jistis sosyal la se yon bagay pou nou ta bay anpil enpòtans paske gen blan ki pa ta menm panse si yon timoun nwa ta ka rive fini lekòl. Li te voye kèk atik na diskisyon-an pou konplete sa li di sou dosye rasis la.

Ansyen kandida pou pòs konseye minisipal la twouve moun nwa pa vle sipòte travay moun nwa tou. Li di: blan rasis, se vre, men nou youn pa vle ede lòt. Nou depan sou blan nan tout entegralite, nou pa ini menm jan ak kominote chinwa yo ki gen lekòl ak anpil gwo biznis. Nekita pale sou edikasyon kominotè ki dwe fèt, epi li pran eksperyans li fè nan Etazini pou li di: "si rasis pa egziste, poukisa yo te konn mete moun nwa chita pa dèyè nan bis yo?" Li ta menm fè konnen menm nan kèk reyinyon Zoum, diferans rasyal la egziste ata ola. Li ta fè konnen gen kèk enstitisyon finasye ki bay moun nwa prè ak plis enterè. Li temwaye ke li konfime blan konnen moun nwa enferyè, malgre anpil moun nwa pa kwè nan edikasyon vre. Pwofesè Nekita ale pi lwen pou li pran egzanp sou moun nwa ki gen doktora epi ki ap jwenn maltretans nan etablisman eskolè yo. Li menm ta pwente dwèt li sou lòt nasyon inèt tankou espanik ak azyatik ki ta antre nan menm lo enferyorite-a tou.

Selon Madam Lamou, imigran yo fè eksperyans rasis la diferan. Li twouve gen moun nwa ki soti Ayiti ki pa kwe gen rasis vre, men moun nwa ki leve Etazini yo konnen reyalite-a pi byen. Li bay eksperyans kote li di moun nwa paka achte kay nenpòt kote nan Etazini. Pou li menm, peyi-a estriktire yon jan pou ta fè w pa anvi rete kote sa yo ditou. Pou Nekita, moun blan ta plis rayi moun nwa, epi otè-a fè kwè moun nwa plis fè moun nwa parèy yo abi, olye pou ta fè moun blan abi. Selon eseyis la, moun nwa inosan nan kesyon kriminalite-a. Pou kore apwòch li-a, li pran egzanp sou blan ki vwayaje Ayiti yo. Li di: "yo mache jan yo vle, lè yo vle, epi abite kote yo vle san poblèm. Men nan Etazini, moun nwa pa ka fè sa yo." Pou li fini, Nekita te raple odyans lan yon ti blag kote Obama ta relate jan grann li t ap sere yon ti valiz byen di anba bwa li pandan li t ap pase bo kote moun nwa, jis pou yo pa te vòlè li.


Pwofesè Jean Heber Bellefleur depi Kanada felisite deba sou jistis rasyal la, menmsi li ta evite pale nan koze a akòz konpleksite li. Li di Bondye konsidere tout moun menm jan, e li pa kwè blan pi blis pase li. Li raple pawòl kotidyen ayisyen toujou ap di ki fè kwè se depi nan ginen nèg ta rayi nèg. Li di se avèk konsepsyon sa yo blan bwè nou, epi pèsepsyon ak kwayans sa yo rale malediksyon sou nou tou. Edikatè a ap viv ak fanmi li nan kominote moun blan, epi li pa janm jwenn okenn reyaksyon rasis ki ta pouse li repwoche moun blan. Okontrè, gen nan yo ki ta menm vle pou timoun li zanmi timoun pa yo.


Mesye Bellefleur ankouraje tout moun konsève valè yo menmsi yo pa gen gwo degre entèlektyèl. Apre konsèy sa a, li mande pou moun nwa yo aprann konsyan nan idantifye defo pa yo tou. Selon eksperyans pa li, li twouve moun nwa plis pa sou salye moun ke moun blan. Li jwenn blan plis sou apwoche li, epi mande li kijan li ye. Li menm di li jwenn nwa plis rasis pase blan, menmsi gen blan ki rasis tou. Entèprèt kreyòl, fransè ak anglè a panse solisyon an chita sou re-edikasyon nan fanmi, lekòl ak kominote nou, epi fòme pwòp tèt pa nou tou. Li kwè si nou evite diskisyon sa yo, jan sitiyasyon sa yo p ap kontinye fè sifas ankò. Li ankouraje nou pi kwè nan tèt nou, epi li pozitif ke yo pa vann jistis nan Etazini.


Mesye Bellefleur ankouraje tout moun fè volontarya ki se youn nan pi bon teknik pou ta fè lòt moun konnen nou nan kominote nou. Li sipoze ke moun nwa plis pa respekte moun nwa parèy yo, epi yo plis ta respekte blan tou. Konsey a ta pral envite nou ekspoze tèt nou kòm yon limyè tout kote nou ye. Li mande pou nou retounen sou nou menm nan idantifye pwoblèm pa nou tou. Sou sa ki konsène echèk eskolè, fòmatè a ankouraje etidyan ki ta twouve dwa yo vyole pou reklame nòt pwofesè mal ba yo. Jean Heber di paran yo pran responsablite yo tou nan direksyon lekòl, yon fason pou ede timoun yo boukle etid yo gras a bon jan revandikasyon ki chita sou baz egalite lwa.


Pou li konkli, li ankouraje konsitwayen li yo pou konfòme yo nan jan y ap abiye, jan y ap pale, epi aji nan kominote yo tou. Jean Heber ta pral mete yon ti eksepsyon nan sa li t ap di sou reyalite rasis la, kote li ta vle fè santi ki pa egziste nan tout nivo antanke fòmatè. Li pataje eksperyans li te fè ak yon oganizasyon entènasyonal kote yon moun nwa ta pral mande yon blan pou pini li apre yon reta motive antanke yon pwofesyonèl. Pou li menm, sa pa te yon jès rasis, se t ap pito yo aksyon enferyorite ki baze sou foli pouvwa.


Wilsonn Telimo Lwi

Moderatè



43 views0 comments

Recent Posts

See All
Post: Blog2_Post
bottom of page