top of page

AMANDE ATIK 5 KONSTITISYON AN POU KREYÒL LA LANG ANSÈYMAN.

Updated: Dec 8, 2022


AMANDE ATIK 5 KONSTITISYON AN POU KREYÒL LA LANG ANSÈYMAN.


Mwen panse premye pa dwe fèt nan konstitisyon an. NOU ka amande konstitisyon-an nan yon sèl ti fraz: LANG OFISYÈL AYITI SE KREYÒL. Depi amandman fin pibliye, kwè m si w vle, tout moun ap pran fòm kò yo kòm sa dwa. Sa w panse?

Etap sa pa t ap anpeche okenn lòt lang tankou anglè, espanyòl ak fransè anseye antanke matyè. Konsa, timoun yo ta ka chwazi sa yo pi renmen; menm jan sa rive fèt Etazini. T ap gen mwens blokaj eskolè ak iletris. Nou t ap gen plis timoun ki fini lekòl; petèt yo ta gen plis anbisyon pou kreye tou.

Otorite politik yo, entelektyèl yo ak pwofesyonèl tout sektè: prezidan, manm gouvènman, katèl meri yo, kazèk yo, responsab inivèsite yo, chèchè yo, responsab enstitisyon kongreganis ak layik yo, ekriven yo… se LAKANAY. Tout t ap swiv lwa peyi-a tikal pa tikal. Men si n ap tann pou tout moun pran konsyans, “edikasyon kreyòl nan lekòl” la gendwa pa janm rive posib. Se pa lalwa k ap fè tèt li; se nou ki pou fè lwa epi pou moun koube anba l. Fè-a gentan prezante: 100% ayisyen pale kreyòl; pa menm 10% ayisyen pale fransè BYEN. Kidonk, manman lwa ak deklarasyon inivèsèl dwa moun di: lalwa se ekspresyon majorite-a. M pa wè sou ki baz okenn moun ka kanpe pou li di m: lang kreyòl la pa gen entèpretasyon syantifik.

Nan kesyon kreyasyon materyèl didaktik, m panse se faz pilòt la k ap drennen moun sou aspè sa. Pa gen jenerasyon espontane. Tout moun pral gen obligasyon pou adapte dokiman yo ak lwa peyi-a. Se pral yon bèl konpetisyon k ap kreye anplwa ak kreyativite. Se ap endepandans toutbon-an.

Nou pa ta imajine nou konbyen nèg ki sèlman fè silabè, epi ki ekri kreyòl la tankou rat. Pa atann se lè nou fin fòme tout ajan lengwistik pou nou kòmanse kanpay sa. Nou gen anpil peyizan eklere, gwo sèvo k ap boule; yo prale san yo pa degaje sa ki nan tèt yo akòz baraj sosyo-lengistik la.

Bon, nou pap fin pale koze sa. Men gen twòp efò ki fèt deja pou NÈG YO paka pran ti desizyon sa.

WILSON THELIMO LOUIS, Itiyayis, ekriven, jiris.


23 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page