top of page

Dis (10) Kesyon Pou Sosyete Ayisyen-an - Liknè Bayas

Dis (10) Kesyon Pou Sosyete Ayisyen-an - Liknè Bayas


"An referans tèks ki parèt lan nouvèl RHI, mwen genyen dis (10) kesyon pou sosyete ayisyen-an nan lang maman ak papa nou nan okasyon 28 jiyè 2025 sa:


1) Kòman eksplike, an 2021, se blan meriken ak Nasyon Ini ki deside ke manda Jovnèl Moyiz t ap fini an 2022, alòske yon tribinal ayizyen te di manda prezidan bout an 2021?


2) Kòman eksplike, an 2021, se Kò Gwoup avèk blan meriken, an tèt, ki deside kiyès (Aryèl Anri) ki pou pran pouvwa Ayiti apre asasina Jovenèl Moyiz?


3) Kòman eksplike, an 2023, se Kò Gwoup avèk blan meriken, an tèt, ki mennen gouvènman fantom Aryèl Anri ak Milann Maniga al fè Nasyon Ini mete Ayiti sou titèl chapit 7, sa vle di: anba lòd?


4) Kòman eksplike, an 2024, se Kò Gwoup avèk blan meriken, an tèt, ki deside bay Aryèl Anri yon kout pye apre anviwon twa zan sou pouvwa, epi yo itilize Karikòm kòm kouvèti pou yo mete 9 prezidan lan tèt peyi-a; 9 diktatè ki resevwa lòd lan men yo sèlman, e ki pa respekte okenn enstitisyon ayisyen, menm Konstitisyon peyi-a?


5) Kòman eksplike, an 2024, se avèk Karikòm Kò Gwoup avèk blan meriken, an tèt, ap diskite poblèm Ayiti, e yo bay Karikòm dwa (Eminan Gwoup Moun Yo) pou panse e deside pou Ayisyen?


6) Kòman eksplike, an 2024, se Antoni Blenkenn ki t ap mache chache yon peyi nwa pou vin voye fòs militè pou mete lòd Ayiti pou li apre Kanada te refize, jiskaske li te vin jwenn Kenya (peyi papa Obama) ki aksepte vin fè djòb sal la?


7) Kòman eksplike, an 2024, se blan meriken ki konstwi yon baz militè Ayiti pou resevwa yon kontenjan militè ke yo mete sou menm pye egalite avèk lame Ayiti e polis nasyonal peyi-a sou pretèks fòs miltinasyonal la ap vin ede konbat ensekirite, alòske yo te refize pou lame Ayiti jwenn zam pou mete lòd nan peyi-a?


8) Kòman eksplike vizit chak ansyen peyi esklavajis, youn apre lòt, tanzantan lan baz sa, e kontra Kenya siyen sou tèt Ayiti avèk Repiblik Dominiken pou yo sipòte baz militè sa?


9) Kòman eksplike, an 2025, Antoni Blenkenn antre Ayiti, se lakay anbasadè meriken-an li fè Lesli Vòltè avèk Edga Leblan Fis mache vin rankontre li, alòske lan demen li ale Repiblik Dominiken, se li ki mache al rankontre Lwis Abinadè nan palè Repiblik Dominiken-an?


10) Kòman eksplike, an 2025, Ènèks Jan-Chal al chita dabò avèk blan nan reyinyon pou yo deside kijan yo pral chanje Konstitisyon peyi-a, epi se apre li fin rankontre avèk blan yo li bezwen vin pale avèk Ayisyen sou chanjman Konstitisyon-an?


Renkcul Sayab


(Liknè Bayas)"

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
Post: Blog2_Post
Alfabe kreyol Ayiti

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO w.png
bottom of page