top of page

BARE ANWO, BARE ANBA

EDE NOU!


Gustave Legipe CÉRISIER, yon anplwaye nan seksyon jiridik ministè Lajistis di KÒTAKÒT pa p janm jwenn lèt rekonesans li paske nou pa t gen 75.000.00 goud pou nou ba li anba tab pou achte yon baz done ki gen 5000 fo fanm, apre nou te peye 25.000 goud pou minis Emmelie PROPHETE MILCÉ te ka siyen lèt anrejistreman nou 26 desanm 2022.


Nou pa p antre nan koripsyon sa, e nou mande pou Gustave Legipe CÉRISIER bay otantisite tout manm aktif pati politik Ayiti pou nou wè si se pa avèk yon bann zonbi yo te anrejistre. Dekrè lwa ki di jan pati politik dwe fòme Ayiti mande sèlman 21 manm fondatè, e KÒTAKÒT bay Ministè Jistis 53 manm fondatè ki soti nan 10 depatman peyi a, ak tout dokiman legal yo.


Poukisa manipilasyon sa?

Poukisa baraj sa?

Poukisa se sou ti jèn tankou nou Gustave Legipe CÉRISIER vle aplike tout lwa entèn ki pa t janm egziste souple?


YO VLE BARE NOU


Wilson Thélimo Louis,

Prezidan KÒTAKÒT.


2 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page