“Paloma Driving School” fè ITIAHaiti kado senk san dola ($500) ameriken.
- Wilsonn Telimo Lwi

- Jan 3, 2022
- 2 min read
“Paloma Driving School” fè ITIAHaiti kado senk san dola ($500) ameriken nan kad konkou entènasyonal lang kreyòl ayisyen-an jou 3 janvye 2022-a.
Apre pwofesè Morès Derisier, pwopriyetè oto-ekòl “Paloma Driving School” ki sitiye li nan Boston, ta fin gade videyo sware inoubliyab ITIAHaiti te reyalize sou souvni literati 2020-an, li te tonbe damoun pèfòmans atis Stephara Joachim ki t ap entèprete “esperer de Michel Sadour”. Antreprenè-a te kontakte Wilson Thelimo Louis (mwen menm), prezidan òganizasyon-an pou ankouraje inisyativ la. Mesye Derisier te vrèman sezi pou li wè jèn ki gen talan konsa toujou. Li te kontan wè tou, gen yon òganizasyon tankou ITIAHaiti ki ap reyalize bon jan aktivite kiltirèl nan onè kilti ayisyen-an.
Sèvitè piblik la te eksprime fristrasyon li sou ankadreman li pa te jwenn bò kote Leta peyi li lè li te nan laj jèn ITIAHaiti yo. Li rakonte jan li te renmen teyat, epi jan li te toujou nan tout ti kwen ap pèfòme, malgre dekourajman paran li. Poutèt sa, li pare pou mache kòtakòt ak ITIAHaiti nan fason li kapab. Pou li kòmanse, li sipòte konkou desen, ekriti ak entèpretasyon òganizasyon-an ap fè nan ane 2022-a, epi li ta tou mete lokal lekòl li a dispozisyon ITIAHaiti pou ankouraje edikasyon kreyòl nan lekòl li wè òganizasyon-an ap pwomote-a.
Chofè eksperimante-a renmen lespri konkou entènasyonal lang kreyòl 2022-a ki chita sou enklizyon ak koyezyon ki reve wè tout kouch sosyal chita pou travay ansanm. Konpatriyòt la rete kwè aktivite sa yo se yon bon estrateji pou ede diminye volyans ak konfli nan sosyete ayisyen. Kòlèg la te bay patisipasyon respektye sa ak tout kè li, epi ITIAHaiti twouve se yon devwa pou ta salye epi remèsye li an piblik nan optik pou bay bon egzanp antanke òganizasyon jèn ki pwomèt retablisman konfyans nan jenès ayisyen-an.
Wilsonn Telimo Lwi,
Prezidan ITIAHaiti.

















Comments