TEMWAYAJ YOUN NAN MIGRAN AYISYEN KI TE ANBA PON TEKZAS YO.
- Wilsonn Telimo Lwi

- Sep 21, 2021
- 1 min read
Pandan n ap travèse pon Tekzas la, Blan yo lage dlo-a. Dlo-a ale avèk ayisyen. Ayisyen ki te nan tèt manifestasyon-an, yon djed, li mouri nan dlo-a. Sòlda Ameriken vini pran nou. Nou pase twa jou anba pon-an. Apre sa yo ale nan prizon avèk nou. Apre kat jou nan prizon-an, yo jete tout rad nou, yo pa kite nou avèk anyen. Nou pa bose bouch nou, yo pa ba nou kote pou nou benyen. Mwen gen kat jou san benyen, ni fè twalèt mwen. Si nou pran sant mwen, n ap wè jan mwen santi swè. Nou pa gen yon goud rete ankò. Vòlè pran mwen, yo fè kadejak sou mwen. Mwen fè ywit jou anba raje-a. Mwen fè twa jou san manje anba raje-a.
Nou pa janm goumen ant nou menm, paske nou konnen si nou goumen, yo ap depòte nou. Yo pase kat prizon avèk nou. Nan katriyèm prizon-an, yo mete inifòm prizorye sou nou. Lè yo ta parèt pou yo libere nou, gen yon mesye ki vini, li di: non, yo pap libere nou, se Ayiti pou yo depòte nou. Yon sèl ti tenis plat yo ba nou. Yo pran tout bagay nou nèt. Tou sa ki sou nou se pou yo. Yo pa ba nou otorizasyon pou nou gen anyen sou nou. Blan yo bat nou Tegzas, yo bat nou nan avyon-an, menm pipi nou paka al pipi lè nou nan avyon-an. Yo mare de men nou ak de pye nou nan avyon-an. Mwen pa gen okenn ekonomi ankò, tout sa mwen te genyen fin depanse nèt.
Wilson Thelimo Louis transkri videyo sa.






























Comments