top of page

MALE AVETI PA TOUYE KOKOBE.

Writer: ITIAHaitiITIAHaiti

Mwen santi gen yon politik manipilasyon, yon politik dedoubli, yon politik tradisyonèl, kote manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) koriptè Ayiti yo ta vle ranplase tèt yo pou yo kontinye rejenere san rezilta. Mwen egzòte tout moun ki nan rezo mwen pou yo pa pran nan pyèj sa. Piga nou pran lari, ni pran rezo sosyal, ni laprès, oswa okenn lòp fòm kominikasyon pou mande yo kite pouvwa toutotan mada yo te bay tèt yo a pa fini 7 fevriye 2026. Tout moun nou pral wè ki nan tèt mouvman pou voye Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ale nan jou ki ka vini la yo, se moun menm manm KPT a peye pou ranplase pwòp tèt yo ankò sou fòm manifestasyon politik endirèk.

 

Mesye dam KPT yo wè yo prèske echwe nan misyon CARICOM te ba yo-a, kounye-a, KPT-a vle se pèp la ki pou demantibile yo nan fè vye manifestasyon san reflechi. KPT-a ap peye militan anba anba pou fè pèp la leve dèyè pwòp tèt yo, yon fason pou yo ka jistifye echèk yo-a, nan di se pèp ak opozisyon ki pa kite yo fè eleksyon oswa reyisi tranzisyon-an. KPT-a vini ak yon kesyon referandòm ki pa te nan misyon yo, jis pou yo kòmanse kreye divèsyon, yon fason pou popilasyon an ka leve kont yo, yon reyalite ki pral fè yo demisyone pi vit epi jistifye echèk yo-a pi byen. Sinon, poukisa yo pa te kòmanse ak koze referandòm sa depi nan kòmansman manda yo a? Non, fòk yo te fin souse anvan! KPT a gen tout mwayen nan men yo pou yo ta pasifye peyi-a, men yo pito konsève resous sekiritè peyi-a pou pwoteje byen pèsonèl yo ak tèt yo pandan ke yon popilasyon inyoran nan mizè CHAK JOU.

 

M te di tout nèg ki antre nan konplo nasyonal sa, tout moun ki parèt tèt yo nan bann San Pwèl sa, ap disparèt. Moman rive pou yo disparèt, men y ap aplike estrateji sentiwon (Pase la, m ap pase la; n a rankontre la) nan mete elèv lekòl lise, ki se pitit sòyèt, nan lari sou pretèks pa gen pwofesè, epi yo kòmanse mete peyizan san konprann nan lari pou 1000 goud ak vè diri, oswa yon espageti. Tanpri, mwen priye zanmi m yo an gras, fanmi m yo, tout moun ki wè oswa tande mesaj sa: pa pran nan pyèj sa. Se politik DIVIZE POU RENYE-a k ap aplike la. Mesye KPT yo gen tout resous epi yo gen tan ankò devan yo pou reyisi misyon yo te JIRE pou reyalize devan nasyon an. Kidonk, se kanpe travay li ye; pa kouri souple, epi tout mesye dam ki nan KPT yo gentan milyonè ak tout antouraj yo sou tèt pèp pye sal tèt tounen-an, ti pèp san rad, ni edikasyon-an, epi ki nan grangou, san sekirite, ni kay, ni sante-a, elatriye.

 

Wilsonn Telimo Lwi,

Mastè nan Sèvis Piblik,

Kòtakòt pou Ayiti Otonòm.



Post: Blog2_Post
Alfabe kreyol Ayiti

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

Newsletter Subscription

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO w.png
bottom of page