top of page

Sou ki kalite edikasyon n ap pale si nou pa vle fòme yon popilasyon ki pale yon sèl lang nan lang li?



De ki kalite edikasyon n ap pale si nou pa vle fòme yon popilasyon ki pale yon sèl lang nan lang li?
Wilson Thelimo Louis nan foto anlè a, epi Louidji Louis-Jacques nan sa ki anba, akote a.

Bonswa Louidji Tech, bonswa tout zanmi oditè Radio Panick FM k ap koute nou tribò-babò. Kòm mwen renmen di nan pwezi: Menm jan ak yon ti papiyon k ap fè laviwonn dede sou lawouze, tankou yon ti zwazo k ap pawaze apre lapli fin tonbe, se konsa tou mwen santi mwen sou bwenzeng mwen pou m defann kreyòl ayisyen a 100%.

 

Mwen rele Wilsonn Telimo Lwi. Mwen fèt Anzdeno, nan Grandans, epi mwen leve Ilavach ak Okay, nan Sid, Ayiti. Mwen se yon powèt, fòmatè, yon filantwopis, epi mwen se yon aktivis sosyal. Mwen pibliye liv atravè biznis mwen ki se THELIMO Services, epi mwen se yon tradiktè ak editè kreyòl, fransè ak anglè. Mwen gen diplòm nan kominikasyon sosyal/jounalis, mwen etidye dwa/syans jiridik nan l’Ecole de Droit et des Sciences Economiques des Cayes (EDSEC)/Inivèsite Leta Ayiti, epi mwen te kandida pou depite nan sikonskripsyon Okay ak Ilavach an 2015. Kòm yon aktivis politik, mwen t ap fè pwomosyon pou enklizyon jèn nan tout pòs nan bwat Leta, epi pou koyezyon sosyal Ayiti, espesyalman nan sid, kote mwen te aspire senatè nan eleksyon 2016 yo. Kòm nou konnen peyi a ap depòte tout ayisyen, aktyèlman, m ap viv Etazini, nan yon vil ki rele Nòwoud, Masachousèt.

 

Mwen kontinye edike tèt mwen pou ede plis moun toujou, jan mwen te konn fè Ayiti, espesyalman Okay, kote mwen grandi. Pandan mwen antre Etazini an out 2016, mwen aprann anglè, jouk mwen gentan pibliye yon rekèy powèm an anglè ki batize: “TASTE MY PEN”. Anndan liv sa, mwen tradi tèks kreyòl ak fransè m te ekri Ayiti, akote kèk powèm orijinal ke mwen ekri an anglè dirèkteman. Menm jan ak majorite Ayisyen ki antre Etazini, mwen etidye “asistan swen sante (sa nou rele HHA ak CNA)”, yon fason pou m te ka teste konpreyansyon anglè mwen. Touswit, mwen etidye paralegal/parajiris nan Boston University, mwen etidye pwodiksyon fim ak videyografi, yon fason pou mwen fè pwomosyon atizay mwen, epi mwen aprann ranpli taks ak H&R Block, alò, mwen se yon fiskalis. Mwen etidye imobilye tou/sa nou rele Real Estate la, mwen diplome nan sèvis imen/Human Service, epi mwen aprann entèpretarya pou tribinal. Mwen se yon notè piblik nan Masachousèt, epi mwen pran yon metriz nan sèvis piblik nan University of Arkansas for Medical Sciences Clinton School of Public Service.

 

Mwen se sekretè egzekitif yon òganizasyon politik nan Masachousèt ki rele “The Black Men Political Task Force/BMPTF” ki ap batay pou plis moun nwa jwenn plas yo nan gouvènman Etazini, epi mwen se prezidan yon pati politik Ayiti ki rele “ITIYAyiti”, ki gen Edikasyon kòm premye priyorite li. Vizyon pati politik ITIYAyiti se WÈ AYITI OTONÒM, epi slogan nou se KÒTAKÒT.

 

Pou m fini ak prezantasyon tèt mwen, mwen se prezidan ITIAHaiti, yon òganizasyon 501c3 ki syeje nan Masachousèt. ITIAHaiti fokis nan domèn literè, sosyo-edikatif ak kiltirèl, epi n ap batay pou konsève valè ayisyen yo.

 

Vizyon ITIAHaiti se wè jèn yo jwenn bon jan travay ak ankadreman pou devlope talan yo, epi wè avni nouvèl jenerasyon an asire.

 

Misyon ITIAHaiti se ankouraje jèn yo ranfòse sivik ak lidèchip yo atravè atizay, epi antreprenarya.

 

Objektif prensipal ITIAHaiti se:

·      Pwomote enklizyon ak koyezyon sosyal epi jesyon konfli atravè atizay nan diferan kominote;

·      Anseye kreyòl, fè pwomosyon yon kilti ki pentire, tradi epi ki reflete bote Ayiti;

·      Retabli konfyans nan jenès ayisyen an atravè seminè sou otonomi, epi ankadreman talan.

 

Gran pwen nou pral pale aswè a se:

 

·      BAN LEKÒL KI SE YON BARYÈ POU TIMOUN REYISI AYITI;

·      BAN LEKÒL SE PREMYE KOTE VÒL AK KORIPSYON KÒMANSE AYITI;

·      ENPOSIBLITE POU ETIDYAN EKPRIME YO NAN KLAS AYITI AKÒZ BARYÈ LENGWISTIK;

·      POSIBLITE POU LEKÒL KANPE APATI RETO, EPI DISPANSE MOUN KI TE ECHWE NAN RETO;

·      REZILTA SI PLIS AYISYEN FINI LEKÒL.

 

 

Dapre minis edikasyon nasyonal Ayiti-a, Nesmy Manigat, plis pase 97% elèv ki ale nan lekòl tradisyonèl Ayiti yo pa gen aksè edikasyon inivèsitè, e anpil nan sa ki fini lekòl yo pa jwenn opòtinite pou yo briye nan domèn etid yo. Mwen rele sa yon krim kont entegrite entelektyèl, e se sou sa nou vin koze. M ap mande:

 

Poukisa to gradyasyon elèv ki ale lekòl Ayiti yo pa ka menm jan ak to reyisit timoun ki nan dyaspora yo?

 

Pou reponn kesyon sa, “Yon Sistèm Edikasyon Kreyòl Enpòtan pou Devlopman Ayiti.”

 

Selon revelasyon mwen, si nou pa ankouraje edikasyon kreyòl nan lekòl Ayiti nan tout nivo lokòl, n ap tonbe pi rèd nan chache solisyon pratik ki pa lòt ke mande peyi etranje zam, mande lajan, mande manje, ki pa aksyon FILANTWOPIK. Nou remake dirijan nou yo pa reflechi sou rezilta desizyon y ap pran, ni sa y ap fè, ni sa y ap di sou do popilasyon an. Pwoblèm n ap konfwonte Ayiti, se kòmsi nou ap fè fas ak yon bann bèt sovaj. Nou ap viv nan syèk teknoloji ak pwomosyon entèlijans atifisyèl, nou ka konstate majorite otorite ayisyen pa ka kite anyen ki bon kòm eritaj pou avni nouvèl jenerasyon an. Pi fò lidè nou yo, soti nan AZÈK rive nan Prezidan, pa ka elabore yon lide pwojè ki kòmanse selon yon kontèks, panse yon vizyon pou chanjman, kreye estrateji pou aplike li, epi finalman bay rezilta pou peyi a otonòm. Nou detwi resous entelektyèl nou yo, yon reyalite ki fè nou pa sanble ak moun ankò devan je lòt nasyon.

 

Nou kwè ke apati ITIAHaiti, nou ka montre mond lan ke Ayiti gen valè kiltirèl ki inik, tankou: respè pou fanmiy ak grandè, kwayans nan edikasyon, epi yon eritaj ak yon istwa ki rich. Lè nou ini nan pwomote valè sa yo, nou ka kreye yon imaj pozitif sou Ayiti. Ayiti pa yon peyi kote jèn ap pote pantalon yo mal, derespekte granmoun, fè vagabon, pratike kidnaping, jan medya ta fè anpil moun kwè sou Ayiti.

 

·      BAN LEKÒL KI SE YON BARYÈ POU TIMOUN REYISI AYITI.

 

Youn nan bagay ki grav epi nou pa fè deba sou li se: ban lekòl ki ta yon baryè pou anpeche pitit Sòyèt reyisi. Nou konnen byen pwòp pa gen anyen serye yon timoun ka fè pou li reyisi Ayiti si li echwe sou ban lekòl, sitou nan syèk sa. Pou grave echèl siksè nan lavi timoun yo, nou ta dwe ede yo fini lekòl klasik omwen. Sistèm edikatif ayisyen an anpeche timoun yo dekouvri potansyèl yo lè yo bare yo nan lekòl segondè ak inivèsite. Pratik sa dwe sispann si nou vle Ayiti otonòm. Edikasyon se youn nan bezwen ki pi ijan Ayiti kounye a la.

 

·      BAN LEKÒL SE PREMYE KOTE VÒL AK KORIPSYON KÒMANSE AYITI:

 

Èske nou te konnen lekòl Ayiti se youn nan premye kote vòl, koripsyon, ak magouy kòmanse?

 

Yon memwa se yon travay kote yon etidyan fè yon rechèch pou li soutni devan yon jiri pou apwobasyon, nan optik pou li jwenn yon lisans.

 

Èske nou te konnen gen anpil etidyan ki pa ka ekri pwojè final sa yo paske yo an fransè?

 

Etidyan ka gen konesans pou fè rechèch la, men yo pa ka ekri tèz la akòz baryè lengwistik la. Kèk nan etidyans sa yo oblije achte yon memwa tou fèt, yo etidye li pa kè pou prezante devan yon jiri, nan optik pou yo jwenn lisans yo.

 

Kisa sosyete a ka atann nan men yon etidyan konsa ki fè fwod sa pou li ka gen lisans li?

 

·      ENPOSIBLITE POU ETIDYAN EKPRIME YO NAN KLAS AYITI AKÒZ BARYÈ LENGISTIK.

 

Nou te konnen li enposib pou yon etidyan pale menm 5 minit an fransè nan majorite lekòl Ayiti?

 

Se yon gwo defi pou yo pale menm pandan 2 minit nan yon klas. W ap jwenn genyen ki oze fè sa, men nan yon fason pwograme, san sibjektivite, san yo pa yo menm lè y ap pale. Yo robotize tèt yo pou yo pa fè erè, yon fason pou kamarad klas yo pa fawouche yo. Mwen sonje epòk lè m te nan lekòl dwa Ayiti, lè yon etidyans ap pale kreyòl nan klas la, gen pwofesè ki di: "Exprimez-vous! Exprimez-vous cher maître!" paske nan tribinal la, se fransè ou pral pale. Akòz sa, okenn moun vin pa ka poze kesyon, ni fè kòmantè.

 

Frans ap konsève otonomi gran pisans entèlektyèl li sou nou nan fòse nou pale lang li. Etazini gan pisans mondyal e nou wè lang li pale plis nan mond lan. Si Ayiti reklame nanm li ki se lang matènèl li, lang kreyòl la, fransè ap pèdi vale li, dominans lengistik li, ak pouvwa entelektyèl li.

 

·      POSIBLITE POU LEKÒL KANPE APATI RETO, EPI DISPANSE MOUN KI TE ECHWE NAN RETO:

 

Si mwen te gen yon vwa sou chapit Ayiti, mwen t ap dispanse tout moun ki te echwe lekòl apati nivo etid reto, sa vle di: mwen t ap asire yo fini lekòl klasik. Anplis sa, mwen t ap kanpe lekòl segondè nan reto, menm jan Etazini fè ak sistèm lekòl segondè li.

 

Yon entèlektyèl, se gen potansyèl pou w fè analiz, se bay tèt ou misyon pou w aprann chak jou nan domèn etid ou, pwofesyon ou, oryantasyon ou.

Sistèm edikasyon Ayiti a dwe sispann bloke jèn yo nan klas nevyèm, reto, ak filo pou yo ka pouswiv karyè syantifik. Sistèm edikatif la fè etidyan ayisyen yo pa fini lekòl pou yo pa devni anyen nan sosyete a, epi pou pitit sòyèt pa fè konpetisyon ak timoun elit nan peyi a.

 

·      REZILTA SI PLIS AYISYEN FINI LEKÒL.

 

REZILTA SOU delenkans jivenil, kidnaping, anviwònman,  i plis Ayisyen fini lekòl, sa ap lakòz rediksyon delenkans jivenil ak kidnaping, ansanm ak rediksyon nan degradasyon anviwònman an.

 

Si plis Ayisyen fini lekòl, sa ap lakòz rediksyon delenkans jivenil ak kidnaping, ansanm ak rediksyon nan degradasyon anviwònman an.

 

Nan Pòtoprens, nou wè mache yo, e lè lapli tonbe, ki domaj sa koze nan lari?

 

Lòt kesyon mwen ta renmen poze se: èske nou menm antanke doktè nan kèlkeswa disiplin, nou menm ki gen yon metriz, ak aksepte lakou nou, devan kay nou, oswa katye nou sal, tankou jan moun Ayiti ap manje sou fatra ke nou pa menm ka di non yo jounen jodi yo?

 

Dapre mwen menm, si edikasyon te fèt nan lang tout Ayisyen konprann pi byen an, ki se kreyòl, ap ka aprann pi byen, e si yo aprann pi byen, y ap gen plis chans fini lekòl. Ap gen plis ouvèti inivèsitè si plis Ayisyen fini lekòl segondè, epi ka genyen plis kreyativite nan biznis ak ouvèti pou etid syantifik. To analfabetis la ap diminye Ayiti. Mwen pwopoze yon apwòch edikasyon pou ede devlopman Ayiti sou yon baz dirab. M pwopoze yo adopte lang matènèl kòm lang ansèyman nan tout nivo lekòl Ayiti pou diminye pousantaj 97% ayisyen ki pa gen opòtinite ale nan inivèsite paske yo anba yon sistèm edikasyon fransè ki enpoze sou yo.

 

Se Gouvènman fransè ki achte dirijan tradisyonèl Ayiti yo pou prezève otonomi lengwistik yo nan achte sèvo popilasyon nou an, sèvo jenerasyon k ap vini yo, pou yo ka konsève pouvwa entelektyèl yo pou plis tan toujou. Antanke sosyete, nou pa ta dwe konsidere lekòl kòm yon baryè pou reyisit, men pito yon opòtinite pou ankouraje sitwayen nou yo vin pi edike. Si gen plis moun ki edike Ayiti, sa ap pèmèt moun ki lidè yo vin pi otantik, kapab, epi kominote ap ka fè nou youn lòt konfyans pou dirije, si popilasyon an gen plis sitwayen edike.

 

Pa gen verite nan apwòch ki ta di pa gen ase mo nan kreyòl pou defini konsèp syantifik. Kreyòl la gen tout mo pou dekri tout lide ki egziste nan tout kilti sou latè. Tout lang prete mo nan lòt lang pou defini konsèp filozofik nan lang orijinal yo. Yon kanal lengwistik esansyèl nan edikasyon Ayiti, e Ayiti gen yon sèl lang, kreyòl. Nou genyen 100% popilasyon nou ki pale yon lang. Atik 5 nan Konstitisyon ayisyen an di ke kreyòl se lang ki simante tout Ayisyen - kreyòl ak fransè se lang nasyonal Ayiti.

 

Sou ki kalite edikasyon n ap pale si nou pa vle fòme yon popilasyon ki pale yon sèl lang nan lang li?

29 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page