top of page

John Youki Laguerre

Chantè prensipal mizik "NOU SE ITIAHaiti" epi chantè djaz "G7" Ayiti ta viktim ensekirite nan vil Okay.

SOUS:


■ Okay, sid ,Dayiti.14 desanm  2021.Jodi a se Madi . Dezyèm soti Ti rezime Jounen an .
Abòne oubyen jèm paj ti rezime jounen an sou FESBOUK
TELEFÒN: 42309077/44730861.
● Dosye ensekirite nan okay ,men ki gen  pou wè ak kilti 
* : Estaf k'ap jere nan okay gwoup mizikal " G7" pale ak  laprès jounen Madi 14 desanm 2021 an nan lide pou denonse nèg ak zam  yo di ki ta pote ale tout sak te sou yon chantè dyaz la ki pote  non John Youky LAGUERRE  dimanch ki soti pase la aprè l te fin jwe yon pwogram, kote l t'ap rantre lakay li ak lòt 2 medam. .
Menm  mikwofòn ak yon bòt  ki te nan pye atis la pa te epanye anba zig oubyen men malfwa yo nan okazyon an selon estaf la .
Telefòn ak bous atis la ,se te premye bagay endividi  san fwa ni lwa yo te mande konsène a aprè yo te fi mete l kouche fas ba.
Responsab yo nan dyaz la ,ki mande lajistis ak lapolis pran men yo,  yon fason pou okay pa vin tounen menm  jan ak anpil lòt kote ki non dwa anndan  peyi a , tankou Matisan ak gran ravin , pou n site sa yo sèlman.
Jean Dieugo  Salomon ak Clair Daphné France ak Fin Josil se pami moun ki te konpoze estaf manadyè dyaz sila ki te pale nan okazyon an.
● Malgre desizyon leta pou te  monte gaz la sitou gazolin nan, jiskaprezan nou  konstate  poko janm gen yon gwo amelyorasyon nan ratman gaz la nan depatman sid la .
Nan anviwon 22 ponp ki genyen nan okay ak kèk ti zòn ki antoure l yo ,se petèt 3 ladan yo ki t'ap bay gaz ki pote non gasolin nan.
Ti machann yo n'ap fèw konnen toujou kontinye ap vann ti gaz yo lit lit atè malgre malè ki pandye sou tèt yo nan zafè  gaz k'ap vann atè ak sila yo ki pran plezi estoke l yo.
● Dènye chif yo bay se anviwon  62 moun ki ta mouri ak yon 40 tèn lèzòt blese nan dife ki eklate nan yon kamyon sitèn ayè oswa nan dezyèm vil peyi a ,Kap ayisyen .
Enfòmasyon ki rive jwenn nou fè konnen chofè  kamyon an t'ap chache epanye nan okazyon an yon taksimann ,malerezman ki ta pral tonbe aprè , anpil moun te pote boure vin pran gaz, aprè yon trentèn minit kamyon sila ta pral eksploze oubyen eklate ki lakoz tout dega sa . plizyè kay tou  rive boule ray pye tè.
Chif sa yo nou sot sote w la , gen posibilite pou l ogmante tèlman moun ki blese yo grav , daprè responsab yo.
Aprè dram sa n'ap fèw konnen, premye minis nan Doktè Ariel Henry ak yon ekip medsen te rann li sou plas , te pale pou l di : li atriste pa sak pase  a ak dekrete 3 jou dèy nan memwa tout viktim yo.
● Kontrèman  ak ansyen minis jistis ak sekirite piblik la Rokfeller Vincent ki te mande pito pou jij k'ap mennen ankèt sou dosye zak asasinay ki te fèt sou chèf leta 6 pou te louvri 7 jiyè pase a, tandel oubyen poze l kesyon  sou dosye sila pa yon apèl videyo, ebyen genyen Ansyen minis zafè etranjè ak kil la Claude JOSEPH , ekip li , avokal yo ak plizyè dizèn senpatizan ak patizan nèg bannann nan ki te akonpanye l , sou envitasyon menm jij sila te deside li menm jodi Madi a  desann nan kabinè denstriksyon ,yon odisyon n'ap fèw konnen ki pa te rive fèt koz kondisyon yo pa ta reyini selon enfòmasyon ki rive jwenn nou.
● Plizyè sitwayen nan Wachinton,peyi Etazini ,pote plent jodi madi a kont yon trantènn responsab  koz  kapitòl la oubyen  palman Etazini an ki te atake jou ki te 6 janvye 2021 an pase a.
● Peyi Larisi , pa vwa prezidan li an ki se Vladimyr Poutine deklare madi sa, li swete negosye imedyatman ak LOTAN ak Peyi Etazini sou garanti yo ta dwe pote ak peyi Larisi pou sekite l, sou gwo tansyon yo genyen ak peyi vwazen an ki  se  Ikrèn .
● Piblisite ENPÒTAN 
▪︎ Pati politik Vwa Esperans Dayiti ( LaVEH( k'ap dirije pa prezidan asosyasyon mè yo nan sid, Fritznel CHERY .
▪︎ PAT KASH,ki gen plizyè sèvis tankou kredi , ri di pèp okay .Patrick Laguerre PDG. 
▪︎ Radyo, La saveur du sel ki gen kòm Frekans 95.1, Dirije pa Apot Saint GERMAIN. 
▪︎ MJRA, Mouvman jenès pou refonde Ayiti. PAUL Marie THEOMA, kòdonatè sid . 
▪︎ CHALITO Bòlèt, genyen epi touche la pou la. 
▪︎ Destiny Otèl, yon paradi ki bò lanmè jele a,men se lèw pase nan premye antre.
 KONSEYE:: Mèt Yonal, Mèt Ketnor Estinvil ak Mèt Pierre Eudras Delva 
N'ap gentan konnen kantite moun ki konpoze Estaf la
■ Prezantatè ak Inisyatè:
 ``Mwen se PHILOSCA JOHN``.

50 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page