top of page

JISTIS POU LANG KREYÒL AYISYEN

Mwen, Wilsonn Telimo Lwi, kontredi apwòch pwofesè Albè Valmann ak Masèl Jòj ki ta fè kwè li enposib pou reyini peyi kreyolofòn ki gen baz frankofòn yo, menm jan ak kreyòl ayisyen an, pou yon gwobalizasyon ki chita sou baz devlopman ekonomik ak entèlektyèl pou Ayiti pami peyi gran pisans.


Toujou nan batay kotidyen pou defann lang kreyòl ayisyen ITIAHaiti ap kontinye mennen atravè pati politik KÒTAKÒT la, mwen t ap mande èske kreyòl ayisyen an pa ta ka genyen yon “fòmil estanda” ki pou envite tout moun vin ekri kreyòl la sou menm nivo, olye pou nou kontinye ap pale sou kreyòl moun nan nò, kreyòl moun nan sid, kreyòl moun lavil ak kreyòl moun nan mòn, oswa kreyòl entèlektyèl ak sa nou rele kreyòl moun sòt yo?


Pou mwen menm, si kreyòl ayisyen an rive estandatize nan yon fòma inik, sa nou rele kreyòl ekri a, nou ta ka itilize menm chema sa pou fè kreyòl ayisyen an, ki ta kreyòl plis moun pale a, vin yon zouti pou devlòpman ekonomik epi endepandans mantal ansyen koloni yo. Pou mwen menm, yon demach konsa ta ka enskri nan mete Ayiti pami peyi gran pisans gras elajisman lang lan. Pou sa fèt, kòm nou menm ayisyen, ki se manman oswa basyon lang lan, ta devlope li epi aksepte li nan edikasyon lakay nou san ipokrizi.


Kòlèg Masèl ak Valmann, kreyolis frankofòn lan, byen konprann premye faz kesyon mwen an ki ta baze sou estandarize kreyòl ekri a, menmsi yo di se travay akademi kreyòl ayisyen, men yo pa wè vizyon mwen pou ta rive globalize lang premye Repiblik nèg endepandan an, epi lengwis yo pa kwè peyi ki pale kreyòl fransize yo ta ka rive reyini vre. Pwofesè yo pa wè yon kreyòl entènasyonal sou okenn nivo, malgre kreyòl ayisyen an ta pi byen estriktire pami tout lòt kreyòl ki gen baz frankofòn yo. Antanke powèt, ayisyen natif natal, nèg andeyò, nou bay tèt nou misyon pou reyalize vizyon peyizan ki se “wè tout ayisyen pale nan lang yo pi alèz la, epi aprann nan lang yo pi konprann” lan pou diminye to iletris ak analfabèt Ayiti.


Pou mwen menm, kreyòl inivèl la posib nan kontèks mwen apwoche demach aterisaj li nan edikasyon nasyonal la. Gen analiz ki ta moutre mesyedam akademisye yo vle fè yon lòt 218 ane ankò ap pale mete la sou kreyòl ayisyen an nan sèl objektif pou reflete aksyon lidè tradisyonèl yo, nan pa kwè nan lidèchip yo, oswa nan kwè fòk gen yon abit ki pou soufle anvan yo fè sa yo dwe fè kòtakòt ak lejislatè yo, pandan sèvo timoun nan mòn ap kontinye boule, inyore, meprize, imilye: jis paske yo pa ka pale lang kolong/ enperyalis yo.



19 views0 comments

Recent Posts

See All
Post: Blog2_Post
bottom of page