top of page

TOUT AYISYEN KI TE ECHWE NAN RETO AK FILO DISPANSE KÒM MOUN KI FINI LEKÒL KLASIK.

Updated: Oct 4, 2022


TOUT AYISYEN KI TE ECHWE NAN RETO AK FILO DISPANSE KÒM MOUN KI FINI LEKÒL KLASIK, EPI EDIKASYON KLASIK KANPE NAN RETO, JAN ETAZINI FÈ LI.


Wilsonn Telimo Lwi, prezidan ITIAHaiti ak KÒTAKÒT te reponn prezan nan reyinyon Nouvèl Ayiti òganizasyon MLHA reyalize nan okazyon mwa kreyòl la, 3 oktòb 2022. Powèt Wilsonn Telimo Lwi fè pwomosyon pou lang manman vin lang ansèyman nan tout nivo lekòl Ayiti pou diminye to 97% ayisyen ki pa rive antre nan inivèsite akoz deriv sistèm edikasyon fransè a, selon minis edikasyon nasyonal Ayiti, Nesmi Manniga. Pou espesyalis nan sèvis piblik la, Wilsonn Telimo Lwi, si edikasyon fèt nan lang tout ayisyen konprann pi byen an, y ap gen plis chans pou yo aprann, epi fini lekòl yo. E si plis ayisyen rive fini lekòl, ap gen plis ouvèti inivèsitè, biznis ak kreyativite, epi to iletris ak analfabèt la, ki se yon desepsyon pou nou nan mond lan, ap diminye. Konsa tou, ka gen mwens delekans jivenil, mwens degradasyon anviwònman ak yon popilasyon ki fòme, epi pran mayèt desten yo an men.


Kominikatè sosyal la, Wilsonn Telimo Lwi, kwè menm ayisyen ki vwayaje nan peyi etranje ap gen plis posiblite pou kontinye etid yo, epi retounen lakay yo pou vin desèvi kominote yo. Konferansye a, Wilsonn Telimo Lwi, sigjere yon desiyon pou edikasyon fèt an kreyòl nan lekòl Ayiti pa t ap anpeche okenn lòt lang etranje tankou fransè, espanyòl ak anglè anseye kòm matyè. Aktivis kreyolis la, Wilsonn Telimo Lwi, kwè ak tout kè li ke ansèyman nan lang manman se meyè pilye pou retire Ayiti nan tout kriz li ye jounen jodi a, tankou: ensekirite, kidnaping, famin, lojman, sante, elatriye, si edikasyon se baz devlòpman yon nasyon vre. Jiris la, Wilsonn Telimo Lwi, panse lekòl pa dwe yon baryè pou anpeche moun reyisi, men yon pòt ki ouvè pou ankouraje sosyete a gen plis moun eklere, fòme, epi SOSYABILIZE.


Edikasyon se yon zouti ki la pou ede moun fè analiz. Depi moun lan ka rive disène, li se yon moun ki edike. Kidonk, se libète moun lan bay tèt li ki pèmèt sosyete a kategorize li nan yon echèl entèlektyèl ki depann sou nivo kreyasyon li ak aprantisaj li nan nenpòt syans, oswa disiplin. Pou fini, edikatè Wilsonn Telimo Lwi pwomèt: “SI M GEN VWA AN AYITI, M DISPANSE TOUT MOUN KI TE ECHWE APATI RETO KÒM MOUN KI FINI LEKÒL KLASIK, EPI KANPE EDIKASYON KLASIK NAN RETO.” Sa t ap lakoz kantite 97% echèk eskolè a diminye, epi ogmante to moun ki konn li ak ekri devan je mond lan byen rapid. Plis orizon pou jèn ayisyen an aprann yon nosyon syantifik li vle bay tèt li pou li eksperimante li ladan t ap posib.







46 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page