top of page

Leta Pa Gen Lòt Bousòl Apre Lalwa

Updated: Aug 1, 2022

Nou aprann, nou tande, nou konprann. Peyi nou kidnape anba yon bann fanmiy oligak. Sa fè nou mal anpil, e nou anvi kriye chak fwa n ap tande bagay sa. Nou menm antanke ayisyen, kounye a nou rete tèt anba, swa bwa nou kwaze, oswa je nou fèmen, nou ajenou devan moun parèy nou. Si nou sonje nan istwa nou..., k ap di chak jou: nou se premye Repiblik Nèg endepandan.


Antanke premye repiblik nèg endepandan, nou reklame endepandans nou antanke ti nèg nwè, tèt grenn, nen plat. Se sa nou ye. Nou pa pa blan, nou pa milat, nou se nwa. Ayiti se pou moun nwa. Yon nèg ki milat, ou vle mete nou nan esklavaj mantal, nou di: nou pa p kapab. Nou pa p kapab, e nou pa kapab. Nou pran konsyans, nou aprann, nou konprann ke nou pa sanble vre. Nou aksepte resanblans lan, men nou pa sanble vre paske nou pa ka sou dominasyon ankò an 2022.


Moun fèt pou viv lib, egal nan diyite, epi nan dwa. Mwen gen dwa pou m manje, m gen dwa pou m ale lekòl, m gen dwa pou m gen yon kote pou m dòmi, epi mwen gen dwa pou m okipe kèlkeswa pòs anndan peyi m. Jodi a, mwen ramne nou pran konsyans kòlèg mwen yo, zanmi mwen yo, ras mwen yo: Viv lib oswa mouri a dwe renye. Nou prefere mouri olye pou n ap viv nan eta n ap viv jounen jodi yo. Li pa fè sans, li pa fè sans, e li pa fè sans. Nou pa ka di nou bouke, e nou kite bouke dèyè.


Nou pran konsyans; Ayiti gen moun ki kapab; Ayiti gen moun entèg; Ayiti gen moun ki gen volonte; Ayiti gen moun ki kwè nan ekite. Si jodi a, nenpòt pami nou menm ta swete respekte valè patriyotik sa yo, nou ofri sipò nou. Nou leve men nou pou nou di: nou aksepte. Yon moun ki pote valè kiltirèl sa yo, valè entrensèk sa yo, valè patriyotik sa yo, valè sosyab sa yo pou Ayiti: Nou aksepte. Nou pa ka gen yon peyi ki pa genyen prezidan. Nou pa ka gen yon peyi ki pa genyen pouvwa egzekitif, pouvwa lejislatif, ak pouvwa jidisyè. Atik premye nan konstitisyon an di nou se yon peyi souvren.


Kote souvrènte a?


Wilsonn Telimo Lwi, Kominikatè sosyal, Jiris, epi kandida pou petriz nan sèvis piblik.


Kredi pou lòt 2 moun ki nan videyo a:


Sa ki ak kravat wouj la se Geraud Charles, ansyen Depite komin Piyon, nan Nò, sou 47èm legislati a; epi lòt la se Mesye Jean Rousseau Moise, prezidan Pati Politik Revòlte, epi ansyen majistra komin Kafou, lwès.




35 views0 comments

Recent Posts

See All
Post: Blog2_Post
bottom of page