LEKÒL KREYÒL | ITIAHaiti ITIYAyiti
top of page
Event Info: Events

Sun, Jan 31

|

Zoum - ITIAHaiti

LEKÒL KREYÒL

Robert Berrouët-Oriol, yon ekriven Ayisyen-Kànadyen ta vle moutre nwa sou blan ke edikasyon kreyòl nan lekòl Ayiti pa posib. Jèn etidyan Dominiken ki nan doktora Lengwistik, Luis Armando Cuevas Encarnacion, ap pwouve jan pitit koloni-an t ap taye banda si li te itilize lang endepandans lan.

Registration is Closed
See other events
LEKÒL KREYÒL
LEKÒL KREYÒL

Time & Location

Jan 31, 2021, 4:00 PM EST

Zoum - ITIAHaiti

Guests

About the Event

Aprè konferansye Pwofesè Joseph Marcel Georges ak Emmanuel W. Vedrine te prezante sou ORYANTASYON JENÈS AYISYEN jou 25 oktòb 2020-an, youn nan patisipan yo, mesye Arthur Almeda, te sigjere pou pote yon entèvenan ki ta ka pale sou kontraryete ki fè edikasyon paka fèt an kreyòl nan lekòl Ayiti.

Pou reponn demann sa, ITIAHaiti pral kwaze Robert Berrouët-Oriol, yon ekriven Ayisyen-Kànadyen ki ta vle soutni ANDIKAP EDIKASYON KREYÒL NAN LEKÒL AYITI dimanch 31 janvye 2021, a 4è SOU ZOUM. Kontanporen sa vle moutre nwa sou blan ke edikasyon kreyòl nan lekòl Ayiti pa posib.

Men apwòch entèlektyèl Robert Berrouët-Oriol anba pòs Michel Anne Frederic DeGraff sou Facebook:

“Mwen ta byen kontan DYALOGE ak Wilson Thelimo Louis epitou ak jèn k ap feraye lan ITIAHaiti a. Men fòk sa ta fèt san atak pèsonèl, san paspouki, san demagoji, nan yon diskisyon piblik kote ITIAHaiti va moutre li ka prezante bon jan agiman, bon jan analiz ki chita sou dokiman tout moun ka konsilte. Mwen pa kwè ITIAHaiti ta dwe pèdi tan l enfouraye lespri l nan demagoji k ap donnen anba plim zòt k ap bat chalbari dèyè yon zonbi li envante li ba l ti non « frankofoli » epi tou k ap mistifye nou ak pawòl tankou « Se tanbou Lafrik Ginen n ap selebre »… Mwen swete ITIAHaiti va rive fè yon analiz konsekan sou atik mwen an, « La « commercialisation » du créole d’Haïti, une voie sans issue » (http://berrouet-oriol.com/.../la-commercialisation-du.../). Lè sa a diskisyon an va fèt kòm sa dwa, an piblik, nan respè youn pou lòt…”

AVANTAJ EDIKASYON KREYÒL NAN LEKÒL AYITI

Toujou nan lespri pou jije Ayiti nan odyans piblik, ITIAHaiti tou ouvè pòt pou yon jèn etidyan Dominiken ki nan doktora Lengwistik mansyon Semantik ak Semyoloji nan peyi  Lafrans, ki di li se ayisyen pa kilti. Tradiktè panyòl doktrin filozofik ITIAHaiti-a, Luis Armando Cuevas Encarnacion ap vin touse manch chemiz li pou l pwouve jan ansyen koloni-an t ap taye banda si li te itilize lang endepandans lan nan edike tèt li lekòl.

ITIAHaiti kòm òganizasyon k ap fè pwomosyon pou kreyòl la sèl lang ansèyman, twouve temwayaj vivan sa yo bon pou rechèch.

Wilson Thelimo Louis ak Betty Fortunat ap prezide epi anime deba sa SOU ZOUM

Tickets

  • ANDIKAP AK AVANTAJ EDIKASYON

    Aprè konferansye Pwofesè Joseph Marcel Georges ak Emmanuel W. Vedrine te prezante sou ORYANTASYON JENÈS AYISYEN jou 25 oktòb 2020-an, youn nan patisipan yo, mesye Arthur Almeda, te sigjere pou pote yon entèvenan ki ta ka pale sou kontraryete ki fè edikasyon paka fèt an kreyòl nan lekòl Ayiti.

    HTG 0.00
    Sale ended

Total

HTG 0.00

Share This Event

Alfabe kreyol Ayiti

Subscribe Form

Thanks for submitting!

Subscribe Form

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO w.png
bottom of page