ITIAHaiti is a literary, socio-educational, and cultural organization
top of page

Lajenès, epi lespri ekip

ITIAHaiti te kontinye dyalòge sou “lajenès, epi lespri ekip” dimanch 23 septanm 2020-an. Nèlsonn Nwèl, envite espesyal konferans lan, te kontinye kozri-a ak “kilti antreprenarya” nan mitan jèn yo. Anvan menm li antre nan nannan sijè-a, antreprenè-a te fè diferans ant “vizyon ak pwojè”. Li t ap montre jan pwojè se yon bagay ki limite, epi ki etann li sou yon peryòd tan espesifik. Sou sa ki konsène vizyon menm; se yon bagay ki ta sanble dire pi lonta, pafwa ki san limit. Si nou ta pran egzanp sou vizyon ITIAHaiti; òganizasyon sa vle wè jenès ayisyen-an jwenn bon jan ankadreman pou devlope talan yo, epi avni nouvèl jenerasyon-an asire.

 

Nèlsonn kwè pou jenès la devlope kilti ekip, li ta dwe kòmanse fokis sou edikasyon, ak sivilite tou. Pou li menm, nou ta dwe enspire jenès la yon nouvo Ayiti, kote tout pwojè posib sou plan politik ak sosyal. Taktik sa dwe anchennen domèn sante, dwa moun, travay, jouk li ta rive nan sekirite teritoryal. Kòm rezilta, jenès la pap bezwen parenn ak marenn, oubyen pwostitiye tèt li pou li jwenn yon djòb. Mesye Nwèl kwè jèn yo pa ta sipoze pè antreprann ansanm, epi jèn yo pa oblije tann se lè yo fini katòz lane lekòl pou yo kòmanse kreye, yon fason pou ta ankouraje jèn yo nan planifye avni yo pi bonè.

 

Daprè konpatriyòt la, menm lekòl k ap fòme timoun yo, se li ankò ki koukouwèt yo ankò. Lekòl la ta sanble fè jèn yo konplekse, plis ba yo gwo anbisyon pase lespri antreprenaryal. Envite-a fè konnen tou, chak endividi gen potansyèl ak libète pou l antreprann, epi amelyore kominote l ap viv la.

 

Pou ede konprann tèm antreprenarya pi byen, fòmatè-a te chikannen kat dimansyon ki ladan:

 

  1. Dimansyon pou jèn yo kwè nan lide yo

  2. Aksepte pran risk pou lide sa yo, nan debarase kèk bagay ki enpòtan nan lavi yo, yon fason pou ta fokis epi pou envesti tan yo nan yon lide

  3. Analize lide yo; kote jèn kreyatè-a dwe toujou ap obsève anviwonnman li, konprann inovasyon k ap fèt, pou l ka konpare lide

  4. Aprantisaj: yon etap pou konsilte lòt moun. Fòk antreprenè-a antoure ak lòt moun ki gen kapasite pase li. Yon antreprenè pa ta dwe fonksyone san mentò.

 

Boutofen, nou te wè sèt lòt etap k ap ede jèn yo travay KÒTAKÒT:

 

  1. Espri ekip pèmèt nou asosye ide komen yo, pou akouche pi gran bagay

  2. Idantifye vizyon global ekip la

  3. Dekouvri enterè chak moun nan ekip la

  4. Dekouvri misyon oubyen atribisyon pèsonèl nou nan ekip la

  5. Kiltive disiplin ak espri sèvis, epi sivilite

  6. Travay ak pasyon pou ekip la chanpyon, wè tèt ou tankou yon ewo

  7. Espri òganizasyon nan aktivite nou yo

  8. Alafen, kwayans nan fòs natirèl nou kwè-a.

 

Jesika Nazè,

Powèt, itiyayis

jessica@itiahaiti.org

Wilson Thelimo Louis,

Ko-otè, Editè.

bottom of page