ITIAHaiti is a literary, socio-educational, and cultural organization
top of page

LAJENÈS EPI LIDÈCHIP

ITIAHaiti te òganize yon rankont dimanch ki te 16 out 2020-an. Anviron 13 moun te patisipe nan ti batbouch sa ki te tanmen depi 4è nan laprè midi, pou rive 5è. Rankont sa a te fèt sou tèm “jenès epi lidèchip” epi li te gen pou entèvenan: Madam Nikita Lamou. Li se edikatè, epi li gen metriz nan teyoloji tou. Nikita te santre entèvansyon li a sou divès teyori lidèchip ki genyen yo. Pou kòmanse ak sijè-a, entèvenan te esplike kisa ki yon lidè. Li te montre se pa sèlman pratik oudimwens aksyon yon moun ap poze k ap fè l lidè. Men fòk moun nan gen teyori tou, pou l ka rive eskplike sa l ap anseye yo.

 

Nan menm kontèks sa, madam Lamou te pale sou plizyè kategori teyori lidèchip yo. Nou jwenn an premye: ’’Teyori gran zòm”, kote moun nan fèt tou lidè, li fèt ak tout kapasite pou li dirije. Li sèlman bezwen moun pou li dirije yo. Yo konsidere moun sa tankou yon ewo. Li destine pou li nan pozisyon dominan. Daprè Anseyan Nikita Lamou, se Istoryen Toma Calil ki vini ak teyori sila a. Nou jwenn tou: ’’Teyori resanblans nan lidèchip (Théorie des traits du leadership)”. Kategori sa sanble ak teyori gran zòm nan, men se yon moun ki eritye yon pakèt kalite ki ran li pi pèfòman nan fason l ap dirije. Sa ki diferansye l ak premye kategori-a, se kapasite l, ak pesonalite l. Chak kategori moun sa yo dirije nan fason pa yo. Nou jwenn annapre: “Teyori sitiyasyonèl”, moun nan chanje estil li ak fason l ap administre yo an fonksyon sitiyasyon li ladan l lan. Sa vle di: adapte lidèchip li ak chak sitiyasyon.

 

Lisansye-a te pale tou sou “teyori konpòtmantal”. Nan kategori sa, endividi-a, nan aprantisaj li, vin devlope karakteristik yon lidè. Pou kategori sa, ou pa fèt lidè, men ou vin lidè. Ankò, genyen “teyori patisipativ”. Nan teyori sa, lidè yo priyorize enklizyon. Yo penmèt manm y ap dirije yo kontribiye nan avansman gwoup la. Yo ba yo lapawòl, santiman yo valorize, yo itilize lide yo nan yon bagay ki enpotan. Konferansye-a te kontinye pou l pale sou “teyori jesyon”. Se yon teyori ki baze sou konpetans ak pinisyon. Se yon teyori ki òganize an fòm biznis. Se yon echanj sèvis. Dènye kategori nou ta pral wè ak entèvenan se “teyori relasyonèl” oubyen “transfòmasyonèl”; kote gen yon lyen ki fòme ant dirijan ak dirije yo. Lidè-a gen yon bon relasyon ak manm li yo. Teyori sa enterese plis ak pèfomans gwoup la, epi li la pou motive manm gwoup la devlope potansyèl yo. Teyori sa chita sou enterè gwoup la ak chak endividi.

 

An gwosomosodo, Nikita Lamou te montre tout karakteristik yon lidè dwe genyen. Pwofesè Jowèl Teodat, youn nan patisipan yo te ajoute ke: “Yon lidè se yon moun k ap prepare lòt lidè. Sa vle di: fòk se yon moun k ap li. Se pa yon chèf (nan sans pejoratif). Wòl lidè a se evalye bezwen patizan l yo, fè bilan sitiyasyon an pou rive satisfè atant moun l ap dirije yo. Boutofen, yon lidè se yon vizyonè, yon pwòfesè ki gen fasilite pou kominike. Se yon moun k ap mache men nan men ak ekip l ap dirije a”.

 

Jesika Nazè,

Ekriven, Itiyayis

jessica@itiahaiti.org

Wilson Thelimo Louis,

Ko-otè, Editè.

bottom of page