ITIAHaiti is a literary, socio-educational, and cultural organization
top of page

JENÈS EPI KREYATIVITE

Nèlsonn Nwèl, yon antreprenè epi lidè politik, se entèvenan ki te prezante seyans fòmasyon sou tèm “jenès epi kreyativite” nan reyinyon sosyo-edikatif ITIAHaiti te reyalize dimanch 30 out 2020-an. Yon reyinyon ki pat twò depaman ak lòt yo, selon jan patisipan yo te tanmen prezante tèt yo, jouk yo te bay konferansye-a ouvè kozri-a ak yon bèl parabòl: edikasyon se vektè esansyèl nan devlopman pesonèl ak koletif

 

Pou l te kore fraz entwodiksyon-an, li te pran Mandela kòm referans pou pwouve jan edikasyon se zam ki pi pisan pou bati yon nasyon. Antreprenè-a te kontinye pou li pale sou edikasyon primè, sekondè ak inivèsitè ki ta dwe twa dimansyon nan edikasyon. Li te ajoute ke devlopman pèsonèl ak kolektif ki baze sou esperyans moun resevwa ta dwe yon tatriyèm pilye tou. Pou li menm, yon moun ki gen senk rive dis lane nan yon domèn ta dwe kalifye kòm yon savan. Savan sa ta dwe kapab navige sou mache nasyonal ak entenasyonal la pou pataje sa li konnen, epi enspire lòt moun ki nan menm domèn ak li.

 

Pou ilistre kèk pwen, biznisman nan te fè yon ti rale sou antrepriz “MEFA” ki tabli nan Plato Santral, ak lansman yon inivèsite popilè ki rele Ayiti 2054 li genyen. Anèkdòt sa yo te pral montre jan yo ranfòse oryantasyon kèk pwofesè nan devlopman pèsonèl ak kolektif, ki se yon lòt nivo kotching. Nèlsonn te tou lonje dwèt li sou edikasyon k ap bay an Ayiti ki ta dwe akayik. Pou li menm, edikasyon se yon dwa tout moun ta dwe genyen san eskiz. Nèlsonn kwè fòk ta gen yon refòm ki fèt nan sistèm edikatif lan. Pou li menm, se pa apre katòz lane lekòl klasik ke nou ta sipoze pral kòmanse antreprann... Li panse sa se yon fayit nan sistèm edikatif ayisyen-an. Sou menm aspè sa, Wilsonn Telimo Lwi, Prezidan ITIAHaiti-a te raple youn nan objektif òganizasyon-an ki se ankouraje edikasyon kreyòl nan tout nivo lekòl Ayiti, epi mande legliz ak lekòl pou pouse jèn yo vin pi kreyatif.

 

Nèlsonn Nwèl kontinye pou sigjere yon edikasyon ki chita sou Pratik, epi bidjè peyi-a dwe reponn ak kalite edikasyon nou vle genyen-an. Nou te wè nan rankont sa ke edikasyon pa mache san sivilite. Fòk nou kenbe valè ansyen yo kite pou nou, epi aprann mete nou youn nan plas lòt. Lè sa n ava kiltive sajès ak tanperans, ki se kle sosyete-a. Pou fini, Nèlsonn Nwèl di: inovasyon se remete an kesyon sa ki kreye deja pou w jwenn lòt repons.  Kidonk, siksè se akonpli vizyon w. Nenpòt moun ka kreye, kreyativite pa kòmanse ak lajan, men lide. Pa gen anyen ki ka kenbe yon jèn ki edike, epi ki gen sivilite, si li gen vizyon.

 

 

Jesika Nazè,

Ekriven, Itiyayis

jessica@itiahaiti.org

Wilson Thelimo Louis,

Ko-otè, Editè.

bottom of page