ITIAHaiti is a literary, socio-educational, and cultural organization
top of page

RÈGLEMAN

CHAPIT I : IDANTIFIKASYON ITIAHaiti

ATIK 1 : DENOMINASYON

ITIAHaiti se yon òganizasyon literè, sosyo-edikatif, epi kiltirèl.

 

ATIK 2 : ENFLIYANS

ITIAHaiti pa sou lobedyans okenn gouvènman, li pa gen relijyon prefere, ni nan politik.

 

ATIK 3 : OPÒTINITE

ITIAHaiti travay ak lòt òganizasyon sosyo-kominotè ak gouvènmantal ki pataje filozofi li, pandan li kenbe endepandans li ; apwouve tout aksyon legal ki vize ranfòse mwayen manm li yo; epi favorize patisipasyon ak entegrasyon manm li yo nan òganis finansman nasyonal ak entènasyonal.

 

ATIK 4 : KREYASYON

Jou ki te 12 Jiyè 2008, yon òganizasyon ki pote non : INNOVATION DU TERROIR PAR LES ITIHAHISTES POUR L’AVANCEMENT D’HAITI, wè jou aprè brasaj lide pyonye li yo.

 

ATIK 5 : SIG 

Òganizasyon sila gen pou sig : ITIAHaiti

 

ATIK 6 : VIZYON

Jèn yo jwenn travay apwopriye ak ankadreman pou devlope talan yo.

 

ATIK 7 : MISYON

Misyon ITIAHaiti se ankouraje jèn yo ranfòse sivis ak lidèchip yo atravè atizay, epi antreprenarya.

 

ATIK 8 : OBJEKTIF

  • Ankouraje enklizyon ak koyezyon sosyal epi jesyon konfli atravè atizay nan diferan kominote

  • Anseye kreyòl, fè pwomosyon yon kilti ki pentire, tradi ak reflete bote Ayiti

  • Retabli konfyans nan jèn atravè seminè sou otonomi, epi bay konsèy pou ankadre talan.

 

ATIK 9 : DIRE

Egzistans ITIAHaiti pa gen  limit. Li vle sèvi kòm patrimwàn jenès ayisyen-an.

 

ATIK 10 : SYÈJ SOSYAL

Syèj sosyal ITIAHaiti tabli nan : #27, Rue Dormeice (nan antre Moleard), Laplèn, depatman lwès, Ayiti ; epi 901 Coventry Lane, Norwood, MA 02062, USA. Li ka deplase ale nan nenpòt lòt vil sou demann Asanble Jeneral la.

 

ATIK 11 : JIRIDIKSYON

ITIAHaiti blayi kò li sou tout tèritwa Ayiti, epi Etazini.

 

CHAPIT II : MANM

 

ATIK 12 : KONDISYON POU VIN MANM

  • Konprann epi adopte doktrin li-an

  • Respekte estati li yo, epi siyen règleman entèn li yo

  • Montre ou gen yon talan, oubyen yon abilite.

 

ATIK 13: KATEGORI MANM

  • Fondatè

  • Aderan

  • Manm onè

 

ATIK 14 : MANM FONDATÈ

Manm fondatè yo se sa ki patisipe nan tout demach ki akouche premye Asanble Jeneral ki kreye òganizasyon-an, manm ki te vote epi siyen ak konstititif la. Nou ka rele yo tou manm aktif, sa ki vle di : sila ki te patisipe nan tout reyinyon yo, nan aktivite yo ak lè òganizasyon an ap pran desizyon ofisyèl.

 

ATIK 15 : MANM ADERAN

Manm aderan yo se sila ki antre nan òganizasyon-an apre yo fin fè Konsèy Administratif la yon demann, swa sou tit pèsonèl oubyen gwoupman asosyatif. Se tou, manm, ki pou yon rezon oubyen yon lòt, pa patisipe nan tout aktivite òganizasyon-an, men ki kontribye nan reyalizasyon objektif òganizasyon an bay tèt li. 

 

ATIK 16 : MANM ONÈ

Manm onè yo se moun ki chwazi fè byen ak òganizasyon an, oubyen se sila ki, yon mannyè oubyen yon lòt, kontribye sou fòm finansye nan egzekisyon pwojè, oubyen ki angaje nan swiv objektif òganizasyon-an.

 

ATIK 17 : ELEKSYON MANM ONÈ

Sou prezantasyon de (2) manm nan Konsèy Administratif la, epi apre lòt manm Konsèy la fin bay akò yo, tout pèsòn fizik oubyen moral (enstitisyon) ka nonmen manm onè òganizasyon-an. Manm onè-a ka pa bay kotizasyon, men li pa gen dwa vote nan Asanble Jeneral la.

 

ATIK 18 : DIREKSYON

Konsèy Administratif la gen 9 manm. Relasyon manm sa yo defini nan règleman entèn òganizasyon an.

 

Atik19 : KONPOZISYON

Konsèy Administratif la gen nèf (9) manm sa yo :

  1. Prezidan

  2. Vis-Prezidan

  3. Sekretè

  4. Sekretè Adjwen

  5. Trezorye

  6. Trezorye Adjwen

  7. Konseye

  8. Konseye Adjwen

  9. Direktè 

 

CHAPIT III: TACH MANM KONSÈY ADMINISTRASYON-AN

 

ATIK 20 : PREZIDAN

Prezidan ITIAHaiti-a gen pou devwa :

  • Konvoke Konsèy Administrasyon-an nan Asanble Jeneral, kit li òdinè, kit li estwòdinè.

  • Kowòdone epi prezide reyinyon Konsèy la nan Asanble Jeneral la

  • Fè tout enterese yo konnen desizyon ki pran nan Asanble Jeneral epi sipèvize fonksyònman aktivite òganizasyon-an

  • Prepare pwogramasyon, epi soumèt yo bay tout manm konsèy la alavans

  • Siyen tout rapò ak tout pyès enpòtan yo.

 

ATIK 21 : VIS-PREZIDAN

Vis-Prezidan ranplase Prezidan nan ka absans. Li jwi menm dwa ak Prezidan nan kad fonksyon li, epi li ka kowòdone sou demann Prezidan lè okasyon prezante.

 

Atik 22 : SEKRETÈ

  • Sekretè-a responsab tout aktivite ak korespondans òganizasyon an

  • Li redije pwosè vèbal reyinyon konsèy la, Asanble Jeneral la, epi siyen pou yo valid

  • Li se gadyen tout achiv òganizasyon an

  • Li la pou jere kesyon fòmasyon ak edikasyon manm òganizasyon-an

  • Chak ane li dwe prepare yon plan travay ki lye ak fòmasyon manm Konsèy Administrasyon an pou yo valide li si li posib.

 

Atik 23 : SEKRETÈ ADJWEN

  • Sekretè adjwen-an ranplase ranplase Sekretè-a otomatikman lè li gen absans

  • Sekretè adjwen-an jwe tout wòl Sekretè-a, epi aji sou demann li, lè sa posib.

 

ATIK 24 : TREZORYE

  • Trezorye-a la pou administre tout byen ITIAHaiti yo

  • Tout koze ki konsène lajan òganizasyon-an sou kontwòl trezorye-a

  • Li ap egzekite tout depans yo sou sipèvizyon Prezidan ak Konsèy Administratif la

  • Li siyen tout chèk ki sou non òganizasyon-an ak Prezidan

  • Li la pou prezante rapò finansye òganizasyon-an nan Asanble Jeneral la

  • Li la pou li prepare bidjè fonksyònman ak envestisman ITIAHaiti.

 

Anba kontwòl trezorye-a, li posib tou pou nou bay yon espesyalis jere koze finans lan, sitou nan reyalizasyon gwo pwojè ki ta parèt twò difisil.

 

ATIK 25 : TREZORYE ADJWEN

  • Trezorye adjwen-an ranplase Trezorye-a lè li pa la

  • Li jwi menm privilè ak Trezorye-a, epi li aji sou demann Trezorye-a lè sa posib.

 

ATIK 26 : KONSEYE

  • Konseye-a dwe patisipe nan tout reyinyon sou tit manm Manm Konsèy la, epi li bay avi li sou desizyon ki ap pran yo

  • Konsèy la ka ba li manda nenpòt lè pou reprezante òganizasyon-an

  • Li veye bon aterisaj tout lide k ap veyikile anndan òganizasyon-an.

 

ATIK 27 : KONSEYE ADJWEN

  • Konseye adjwen-an dwe patisipe nan tout reyinyon sou tit manm Manm Konsèy la, epi li bay avi li sou desizyon ki ap pran yo tou

  • Menm jan ak premye konseye-a, òganizasyon-an ka ba li manda nenpòt lè pou reprezante

 

CHAPIT IV: KONSÈY ADMINISTRASYON AN

 

ATIK 28: ATRIBISYON KONSÈY ADMINISTRASYON AN

  • Apwouve, oubyen sipann manm, pandan yo ap tann denyè desizyon Asanble Jeneral la

  • Detèmine dat seyans Asanble Jeneral yo

  • Kreye tout komisyon ak sou-komisyon ki nesesè pou etidye, diskite epi fè pwomosyon pou rive atenn objektif ITIAHaiti

  • Resevwa epi etidye kominikasyon Konsèy la, epi soumèt rapò li nan Asanble Jeneral la

  • Konfòme li anba desizyon Asanble Jeneral, kit yo òdinè, oswa estwòdinè

  • Soumèt Asanble Jeneral la tout kesyon ki nesesite yon vòt bò kote manm yo, tankou : eleksyon manm Konsèy Administrasyon-an, demann patenarya, oubyen chanjman estrateji

  • Veye si règleman Asanble Jerenal la aplike jan sa dwe fèt

  • Verifye kont bankè ITIAHaiti a.

 

ATIK 29 : KOWÒM KONSÈY ADMINISTRASYON AN

Kowòm administrasyon-an se 50% + 1, nan totalite manm yo. Si vòt yo ta egal, pa Prezidan ap konte pou de (2). Vòt nan eleksyon manm Konsèy Administrasyon-an fèt an sekrè.

 

ATIK 30 : REYINYON

Konsèy Administrasyon-an reyini de (2) fwa nan yon mwa nan syèj sosyal òganizasyon-an, oubyen nenpòt lòt espas manm yo chwazi, sou konvokasyon Prezidan. Tout desizyon yo pran, swa ak vòt, oubyen antant, nan lidèchip kolektif ki ap fasilite amoni lakay chak manm konsèy la.

 

CHAPIT V : ASANBLE JENERAL – MWAYEN – VÒT

 

ATIK 31 : ATRIBISYON ASANBLE JENERAL LA

Sou kontwòl yon Asanble Jeneral, ITIAHaiti gen yon Konsèy Administrasyon ki ap dirije li. Konsèy Administrasyon sa se pi wo enstans òganizasyon-an. Li reyini yon fwa chak ane sou konvokasyon Prezidan. Men, si gen ijans, ka gen yon konvokasyon estwòdinè sou demann 2/3 manm konsèy la. Atribisyon Asanble Jeneral la se :

 

  • Regle tout sa ki konsène ITIAHaiti ak fonksyònman li

  • Oganize eleksyon manm Konsèy Administrasyon-an

  • Apwouve plan travay, pwojè ak estrateji òganizasyon-an

  • Fè tout sa ki nesesè, pran tout dispozisyon ki pa kontredi lalwa

  • Modifye epi amande estati yo.

 

ATIK 32 : KONPOZISYON

Asanble Jeneral la gen ladan li tout manm regilye ki enskri, epi ki an règ ak ITIAHaiti.

 

ATIK 33 : KOWÒM ASANBLE JENERAL LA

Pou Asanble Jeneraral la posib, dwe gen pou pi piti de tyè (2/3) nan manm yo. Nan yon lòt ka, Asanble jeneral la ap fèt apre 8 jou. Nan dezyèm okazyon sa, Asanble Jeneral la ap fèt ak nenpòt kantite manm ki la.

 

CHAPIT VI

 

ATIK 34: REMINERASYON

Okenn manm Konsèy Administrasyon-an pa touche, men yo ka jwenn mwayen deplasman ak kèk prim espesyal, lè sa nesesè.

 

Atik 35: ELIJIBLITE

Tout manm ki an règ ak ITIAHaiti elijib pou dirije nan konsèy la. Tout manm konsèy la ka re-elijib. Yon manm ki absan ka poze kandidati li sèlman si li bay yon manm òganizasyon-an otorite pou reprezante li selon pwosedi komite elektoral la etabli, souvan Konsèy Administrasyon-an.

 

ATIK 36: DIRE MANDA MANM KONSÈY ADMISTRASYON-AN

Manm Konsèy Admistrasyon-an eli pou 4 ane. Nan fen manda, tout manm Konsèy la dwe bay dechaj ak demisyon yo nan Asanble Jeneral la, an prezans lidè-a. fòmalite sila pa anpeche yo poze kandidati yo pou menm pòs la, oubyen pou yon lòt.

 

CHAPIT VII: DIREKSYON EGZEKITIF, EPI ATRIBISYON LI

 

ATIK 37 : DIREKSYON EGZEKITIF

Direksyon egzekitif la se ògàn teknik ak administratif òganizasyon-an. Li la pou aplike politik jeneral òganizasyon-an, jan Konsèy Administrasyon-an defini sa. Sou tit sa, li la pou li asire kontinite Konsèy la.

 

Atik 38 : Direksyon egzekitif la plase sou kontwòl yon teknisyen kalifye, epi ki esperimante ke Konsèy la chwazi sou non Direktè Egzekitif.

 

ATIK 39 : DIREKTE EGZEKITIF

Direktè Egzekitif la dwe travay anba otorite Konsèy Administrasyon-an. Li gen pou atribisyon planifye, dirije epi kowòdone tout aktivite direksyon li an.

 

ATIK 40 : SEKSYON PILYE AK KOMISYON

Seksyon pilye ak komisyon yo se ògàn sosyo-administratif ki la pou egzekite pwojè ak mizanplas estrikti sèvis ki nesesè yo, jan sa defini nan objektif ITIAHaiti, pou ka asire swivi, antretyen ak pèmanans aktivite òganizasyon-an sou tout teritwa jewografik yo. Antite sa yo ap travay sou lobedyans Direktè Egzekitif la, jan sa defini nan politik Konsèy Administrasyon an.

 

CHAPIT VIII : MODALITE ELEKSYON AK KONDISYON POU VIN KANDIDA

 

Atik 41 : Eleksyon fèt chak kat (4) ane pou eli manm Konsèy Administrasyon-an yo. Pou yon manm patisipe nan eleksyon Konsèy la pandan Asanble Jeneral la, fòk li :

  • Gen volonte pou ede lòt moun

  • Manm aktif pandan yon ane pou pi piti

  • Metrize doktrin ITIAHaiti-a byen.

 

Atik 42 : Direksyon Egzekitif la fòme yon komisyon elektoral pou òganize eleksyon yo. Li ka gen senk (5) manm ; pami yo, twa (3) reprezantan nan Asanble Jeneral la.

 

Atik 43 : Depi Komite Elektoral la fin fòme, li ap pase nan adopsyon règ ak modalite eleksyon yo, epi li ap siveye pou règleman sila yo ak kalandriye-a respekte jan sa tabli.

 

Atik 44 : Kandida yo ap eli nan Asanble Jeneral la apre majorite manm aktif yo fin vote an sekrè. Manm yo ap toujou ka elijib si sifraj la nan avantaj yo. Apre pwosè vèbal Asanble Jeneral la fin prepare, moun ki eli yo ap antre an fonksyon touswit apre eleksyon.

 

CHAPIT IX : RESOUS ITIAHaiti

 

ATIK 45 : RESOUS ITIAHAITI YO SOU DE (2) KATEGORI : ÒDINÈ, EPI ESTWODINÈ.

  • Nou rele resous òdinè : kotizasyon, frè enskripsyon, finansman lokal pwojè ak tout aktivite sosyo-kiltirèl. Kotizasyon anyèl manm yo se 60 dola (nan lajan chak peyi yo). Li ka rive jwenn trezorye a an 12 tranch, sa ki vle di 10 dola chak fwa.

  • Nou rele resous ekstraòdinè : don kèk manm, òganis piblik, prive, nasyonal oubyen entènasyonal chwazi fè ITIAHaiti.

 

Chak trimès, trezoriy-a ap drese yon rapò sou eta finansye òganizasyon an.

 

CHAPIT X: SISPANSYON, RADYASYON, RE-ENTEGRASYON

 

ATIK 46: DEMISYON

Yon manm oubyen yon gwoupman ka prezante demisyon li devan Konsèy Administrasyon-an nan yon delè ki rezonab. Demisyon sa ap apwouvab lè li fèt ekri bay Prezidan Konsèy. Yon manm ki demisyone pèdi tout dwa ak privilèj li depi menm lè li ekri lèt la.

 

ATIK 47: SISPANSYON YON MANM

Konsèy ITIAHaiti-a ka sipann fonksyon tout manm ki:

  • Refize konfòme li devan anganjman li te pran nan òganizasyon an

  • Pa respekte dokrin ITIAHaiti-a, oswa lakoz ITIAHaiti sibi domaj grav

  • Pa vle mache anba desizyon ki pran nan Asanble Jeneral yo, oubyen Konsèy la nan kad atribisyon li yo.

 

ATIK 48 : REKOU

Yon manm ITIAHaiti sispann fonksyon li ka itilize kèk rekou pandan li ap aplike prensip sa yo :

 

Nan 30 jou desizyon-an, manm nan ka ekri konsèy la pou mande sekou, epi prezidan ap akonpaye li ak yon abit. Depi delè sa pase, manm sa tou pa nan lis ITIAHaiti ankò. Abit deziyen-an ap detèmine pwosedi-a, epi li ap tande toulede pati yo avan li deside sou kontestasyon-an. Li dwe bay desizyon li nan yon tan ki pa twò long. Si abit la toujou kenbe sispansyon-an, manm lan ka al mande yon dezyèm rekou devan Asanble Jeneral la. Yo ap tande kontestasyon li-an nan Asanble Jeneral estwòdinè pou yo pran yon desizyon final. Pwosedi sila pa dwe depase 60 jou.

 

ATIK 49 : RE-ENTEGRASYON

Sèl manm ki te demisyone ki ka gen posibilite re-entegre òganizasyon-an. Pou li ka re-entegre, manm lan ap aderese Prezidan Konsèy la yon lèt fòmèl.

 

CHAPIT XI: DISPOZISYON JENERAL

 

ATIK 50 : PWOSEDI

Kòd sou pwosedi pou fonksyònman ITIAHaiti-a ap aplike nan jan Asanble Jeneral yo ap fèt ak nan atribisyon Konsèy Administrasyon-an. Lè yon ka enprevi prezante, oubyen lè yon mizentèpretasyon fèt sou yon atik, Asanble Jeneral ap detèmine yon lòt metòd pou jere sa.

 

CHAPIT XII: AMANDMAN, DISOLISYON AK LIKIDASYON

 

ATIK 51: AMANDMAN ESTATI YO

Estati òganizasyon an ap ka kòmanse aplike lè pifò manm yo apwouve li nan Asanble Jeneral la.

 

ATIK 52: DISOLISYON ITIAHAITI

Tout tan gen manm ki la pou jere pòs nan Konsèy Administrasyon òganizasyon-an, disolisyon volontè-a pa yon opsyon.

 

ATIK.53- LIKIDASYON

Si n ap met bout nan lavi òganizasyon-an, byen yo pral jwenn yon lòt òganizasyon ki ap travay nan menm domèn nan.

Wilson Thelimo Louis,

Prezidan ITIYAyiti.

bottom of page