KONSYANS AYISYEN


- Sa k pase ?

- N ap konstwi !


Si nou vle konstwi, si nou ta renmen konstwi tout bon vre. Tande sa! Nou tout dwe kòmanse reveye konsyans nou. Ann tande sa:


La vie se yon gwo liv ke chak paj vin “fomer des chapitres” ki pale de konsyans, e kèk lòt pale de sajès k ap fè laviwonndede, tankou yon revèy. Ala bèl sa t ap bèl si nou tout ta pran tan nou pou n li paj sa yo youn aprè lòt, pratike yo, epi kiltive moralite ki ladan yo chak jou nan la vi nou.


Kontwole, si n ta va kontwole n nan tout sa n ap fè, se ta yon gwo zafè. Wi li tap yon gran depa si nou ta makònen nivo apantisaj ki gen aspè kole zepòl sa nan yon motivasyon kolektif ke nou ta dwe jere ansanm.


Non feminen sa: konsyans, se yon keksyonè ki makònen ak plizyè tèm. Kote abitid kiltirèl sa ta dwe yon konsepsyon ki makònen ak yon pakètt prensip jiridik nan sosyete nou-an. Sa vle di: fòk nou fe “preuve de conscience” nan tout sa n ap antreprann.


Konsyans sitou nan sa ki konsène etik nan sa n ap fè. Lè nou vle aplike etik, li ta dwe yon enperatif pou nou pwouve konsyans pwofesyonèl nou nan tout sa n panse, e sa n ap fè, ou sa nou panse fè.


Identifye konsèp global sa a ap pèmèt nou ale pi lwen. Konsèp idantitè sa ta dwe ede nou abouti nan jwenn yon ti moso pèfeksyon, sitou pou sila k ap chache vin yon modèl demen. Espri konsyans sa-a, li nan tout ti detay nan la vi nou. Et espri sakre sa, lap ede nou tou nan tout ti detay nan anvirònman nou vizavi sèvise n ap ofri yo.


Nan jan n ap vann imaj konsyans sa-a, “mot d’ordre” la se: tout moun mete men nan pat la. Se sèlman konsa n ap abouti ak finalite konsèp la. Tout moun ta dwe mache et travay kòtakòt pou jwenn rezilta kolektif lan nan linyon ak solidarite sa ke n ap bouske depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn.


L’espri konbit sa ap kiltive e l t ap grandi avèk pasyon, jouk nou rive remanbre idantite kiltirèl nou. Alò engaje n! Se pou nou engaje nou nan asosye tout lide kolektif nou yo; tout lide nou yo ki samble: analize yo. Fè bon jan analiz ki pou pemèt nou rantre nan batay rekonstriksyon yon nouvèl Ayiti cheri, “La Perle Des Antilles” nou-an, yon fason pou aveni nouvèl generasyon an ka bati sou yon “bloque d’airain” nan konfyans de yon inspirasyon “d’idées” pliryèl, “déterminées”, pou engaje n nan yon kokenn-chenn chimen siksè. Sosyalman, nou dwe en relasyon avèk envirònman n, e konpòtman n, fe ide yo pase, jouk rèv nou va rive posib pou l pran wout pou l reyalize tout bon vre.


Si nou rive leve defi sa, pitit pitit nou yo pa p kontinye aji tankou n te konn fè l : chen k ap manje chen, chak koukouj klere pou je l, menm jan nou ta dwe repwocche kèk jenerasyon ki pase. Nou vle avni fanmiy nou yo bati sou pilòn solid sa, ak yon bit konfyans ki pral enspire amoni pou siksè demen.


Li lè, li tan pou nou fè yon konkenn-chenn solidarite ak tout kò sosyal la nan etabli bon jan relasyon ki chita sou chanjman konpòtman k ap reyini tout sektè nan kominote nou-an, jouk vizyon nou rive posib. Wi, fòk nou milite jiskobou pou resous entèlektyèl nou yo sèvi kichòy nan peyi-a. Antan ke zantray peyi, batay pou dwa payizan respekte, menm jan mwen t ap li nan vizyon ITIAHaiti k ap travay “d’arrache pied” nan domèn edikasyon ak kiltirèl.


Mezanmi, m ap fini ti prezentasyon sa ak powèt “François Rablais” ki di: “Science sans conscience n’est que ruine de l’âme.” An bon kreyòl: “gen konesanss san ke w pa gen konsyans se yon bagay ki touye nanm ou”.


- SAK PASE?

- NAP KONSTWI!


Marge Etienne

Manm Onè ITIAHaiti

36 views0 comments

Recent Posts

See All
 

Subscribe Form

Subscribe Form

  • Facebook
  • Twitter
  • YouTube
  • Instagram

©2008-2021 by THELIMO Services