ORYANTASYON JENÈS AYISYEN AN

Jou ki te 25 Oktòb 2020-an, òganizasyon ITIAHaiti te envite ekriven/lengwis Emmanuel W. Védrine ak pwofesè Joseph Marcel Georges pou vin dyalòge sou tèm «ORYANTASYON JENÈS AYISYEN-AN». Rankont vizyèl sa te reyini anviwon trant patisipan pandan plis pase 2è tan, sou zoum. Se te yon anbyans ki makònen bab pou bab ak yon deba filozofik sou lang kreyòl ki ta dwe «lang enstriksyon» nan edikasyon, epi nan oryantasyon jenès ayisyen-an.

 

Pwofesè Védrine pa t ezite pote «ven konsèy» kle pou gide avni tchovi yo. Madam Betty Fortunat ki te prezantatè seyans sa te prezante edikatè Védrine ki fè jibile l nan inivèsite Harvard, Etazini, epi lòt peyi li etidye, tankou : Almay, Aruba, Bonè, Espay, Itali, Kiraso (Charla Lingwista Haitiano Emmanuel W. Védrine na NAAM, Curaçao), Kolombi, Lafrans, Lasuis, Monako, Otrich, Panama, Pòtigal, ak Meksik, elatriye.

 

Savan te wete chapo li devan bèl inisyativ sa, epi li pa te mete dlo nan bouch li pou felisite ekip ITIAHaiti-a k ap fè yon travay kolosal kòm yon jèn òganizasyon ki anbrase koz jèn Ayisyen k ap viv Ayiti epi nan dyaspora). Dabò, li te kòmanse ak «edikasyon» ki ta kle siksè nan tout sosyete; se tou, youn nan pi bon mwayen pou ede moun pwogrese. Li ta renmen ministè konsène yo mete laboratwa enfòmatik depi nan nivo fondamantal dekwa pou timoun yo kòmanse gen aksè pou akeri konesans inivèsèl. Konsa, y ap adapte yo byen bonè ak teknoloji, ki déjà prezan nan lekòl plizyè peyi nan mond lan.

 

Entèvenan an touche nesesite pou gen yon «edikasyon pratik» kòm yon zouti ki dwe makònen teyori ak pratik. Konsa, rezilta aprantisaj la ap benefisyab pou tout elèv. Sa pral tou yon fyète pou enstitisyon yo. Nan menm paramèt la, edikatè a sijere pou ta bani sistèm «bat pakè-a» nan lekòl. Rezon ki lakoz elèv bat pakè sèke majorite anseyan pa prepare o nivo pedagojik, avan yo vin nan yon saldeklas, oubyen kanpe devan yon tablo. Yo ta dwe anseye elèv yo teknik pou «etidye ak konpreyansyon», yon metòd k ap ede yo esplike nenpòt leson anseyan an ta wè nan klas ak yo. Yon sistèm «edikasyon pratik» ka ranplase sistèm bat pakè-a.

 

Edikasyon pratik la ta yon pi bon mwayen pou fè jèn yo entegre tout bon vre nan devlopman Ayiti, atravè kou teknik ak esansyèl yo ta dwe pran. Pa egzanp : anglè ak espayòl t ap yon nesesite, apantay tè, chapant, ekri mànyèl pou seyans fòmasyon, enfòmatik, matematik, mekanik, motè, devlopman biznis, pwoteksyon anviwonnman, refrijerasyon, teknik pou aplike enèji solèy, teknik pou irige oswa awoze tè, epi rebwaze avan yo ta fini nivo segondè. Selon entèvenan, «oryantasyon nan antreprenarya» oubyen «aprann devlope biznis» pandan omwen 2, 3 ane t ap yon bon chwa pou tout jèn, avan yo ta kouri antre nan inivesite, oubyen nan yon seri inivèsite Ayiti ki p ap fonsyone nan nivo entènasyonal.  

 

Katriyèm pwen Védrine mansyone, se te «disiplin». Nou p ap inyore ke Ayisyen se youn nan pèp ki poko janm konplètman kwè nan disiplin. Yo toujou gen yon lèse ale, yon kòd long... Védrine baze sou «kòd disiplinè» pou lekòl yo anseye timoun depi nan kindègadenn, oswa fondamantal. Se yon fason pou timoun yo konnen kisa «sivik, lòd» ak «disiplin» reprezante nan reyisit yo. -- Védrine panse «Pwogram Echanj» se yon pilye nan devlopman entèlektyèl epi sosyal etidyan ayisyen ta dwe esplwate avèk etidyan lòt peyi. Donk, sa enpòtan pou yo ta vwayaje al eksplore reyalite lòt peyi, oubyen etidye ladan yo pandan yon sèten tan, yon fason pou evalye fòs ak feblès yo pa rapò a etidyan entènasyonal yo.

 

Nan yon atik li pibliye ki gen pou tit «Koudèy sou edikasyon siperyè Ayiti: yon lòt etap apre nivo segondè», Védrine mansyone tout yon lis peyi an Amerik Latin, Amerikdinò, Amerikdisid (kote li te gen chans reprezante Ayiti an 2003 nan konferans lengwistik entènasyonal ki te gen pou tit «Écrire les langues de Guyane», ki te patwone pa Laboratoire des Sciences Sociales IRD de Guyane), Amerik Santral ak Ewòp (Kote l reprezante Ayiti pandan plizyè repriz nan pwogram echanj entènasyal ak inivèsite ameriken nan Vil Salamanca - Espay) ke inivèsite an Ayiti ta dwe gen pwogram echanj ak yo.

 

Entèvenan esplike esperyans li fè nan pwogram sa yo, depi lè li kite Ayiti an 1976, an Ewòp kou Amerik. Li avanse pou li di ke pwogram echanj yo gen yon enpak pozitif, pa sèlman sou jèn entèlektyèl ayisyen, men tou, o nivo entènasyonal. – O nivo agrikilti: yon tèm li ekri sou li, prezante nan peyi Kanada nan rankont «ADA» -- Association pour le developpement de L’Asile; epi menm ekri yon woman ki gen pou tit: Sezon sechrès Ayiti, ki santre sou sa kòm pwoblèm prensipal ki pouse peyizan ayisyen kite Ayiti pou al dèyè lavi miyò nan peyi vwazen. Ankò, gen sa k ap riske vi yo nan pran kanntè pou rive Bahamas, oswa Miami, kote pwoteksyon anviwonnman an enkli flò ak fòn. Li ta ankouraje plantasyon mango fransik tou. Paske se ta sèl Ayiti ki pwodui l plis nan mond lan, epi ekspòte l. Men li wè sa ta dwe fèt nan yon pi gran echèl, pa egzanp, ankouraje plantasyon l atravè peyi-a. – Konseye-a fè konprann «envesti nan pwogram agwo-alimantè» tap yon bèl kout kle nan «kanpay oryantasyon lajenès» tou. Si yo prezante nou pami peyi ki pi pòv sou late, se paske nou pa envesti nan agrikilti, elvaj, ak nenpòt lòt resous natirèl nou genyen k ap gaspiye.

 

Pwofesè Védrine te voye gwo kout chapo pou travay dyanm konpatriyòt Nelson Noël (antreprenè, edikatè, epi lidè Multi Fusion Investment Cooperation), nan kad vizyon li, pou ede nan devlopman Ayiti. Noël, lidè ekonomi solidè, entelektyèl epi konferansye entènasyonal li bay nan Amerik Latin, Azi, Etazini, Ewòp. Noël pami konferansye ki prezante deja nan òganizasyon ITIAHaiti kòm konferasyon anba tèm Jenès epi kreyativite. Ayiti bezwen entelektyèl, lidè, epi biznisman de kalib tankou Nelson Noël pou devlopman li nan tout nivo, dekwa pou Ayiti ta tounen yon peyi modèn.

 

Pwofesè Védrine apiye «kan ete» paske li twouve nan moman sa jèn yo ka swiv, oubyen pran diferan fòmasyon tankou: aprann anglè ak espayòl, ki se de lang elèv Ayiti an reta pou metrize, epi enpòtans yo pou ta ede fonksyone nòmalman o nivo entènal san pwoblèm nan kad opòtinite travay, echanj komèsyal, kiltirèl ak edikatif; aprann kouti, pa egzanp : koud inifòm lekòl pandan ete, yon mwayen pou fè lajan; ar masyal (kòm espò pou defann tèt yo); espò lokal yo (aprann jwe yo pou devlope ekonomi); sekouris, pou ede peyi-a lè katastwòf); eskout ki ta ka ranfòse pwogram sivik ak kominotè; espò entènasyonal an jeneral, sitou sa ki ka fè yo antre nan konpetisyon, tankou chanpyona foutbòl; kòman pou devlope lidèchip depi bonè, epi kòman pou ankouraje li; aprann jwe diferan enstriman mizikal tankou gita, piyàno, saksofòn, pou patisipe nan konkou talan o nivo entènasyonal); aprann naje pou konpetisyon tou, kreyasyon pisin piblik nan tout komin pou bay jèn yo aksè pou pratike); metye otèlri, teknik agrikilti; ale nan oto-ekòl pou aprann kondi machin, kamyon, traktè, moto, bisiklèt; aprann devlope chòp pou ranje motè, aparèy, bisiklèt, trisiklèt, moto, machin, awozè tè, fè pepinyè; kreye epi itize angrè natirèl, kapte dlo, plante, rebwaze; tenis. Li mansyone tout sa ki gen rapò ak atizay pou jèn montre talan yo sou echèl entènasyonal la. Si atravè mond lan fanmiy yo rete konekte ak dyaspora, kreye opòtinite pou envesti, epi entegre nan politik peyi; kidonk, «koneksyon ak dyaspora» kapab fèt atravè fowòm rezo sosyal yo, paske gen moun kalib nan dyaspora ki konnen kòman mwayen finans kapab kreye pou ede nan devlopman kominotè.

 

Menm jan nou ka ede yon elèv ki nan menm klas ak nou si li pa konprann yon matyè, se konsa tou nou ka ede yon jèn k ap fè menm biznis avè nou. Mezanmi, «konpetisyon» nan lavi sa, sitou nan yon sosyete kote edikasyon ap mal fèt, konn sanble tèt koupe ak kreyasyon ènmi. Men sa pa ta dwe konsa. Li enpòtan pou nou travay o maksimòm pou n avanse san nou pa ni redui, ni rejte efò yon lòt. Fòk nou pa nye «entegrasyon teknoloji nan travay n ap fè. Jan Védrine te vle mansyone nan yon pwen déjà : lasyans ap avanse.

 

Nan anpil peyi, se depi nan kouchèt timoun yo kòmanse aprann epi konprann fonksyònman òdinatè. Yon etidyan ta sipoze metrize sa byen, si li wè tèt li pami moun ki pral reyisi sou mache travay la. Pwofesè Védrine di konstriksyon sosyete pa ka fèt san egzistans metye, pwofesyon ak karyè. Keseswa metye manyèl oswa teknik (tankou: chapant, ebenis, elektrisyen, fewònri, fotografi, kòdonnri, kwafè, koutiryè, mason, mekanik, menizye, videyografi… pou site kèk); li enpòtan pou anpil nan metye sa yo ta prezan nan tout lekòl (menm legliz tou), kote jèn nan taka tou aprann yo pandan yo sou ban, menm jan sa fèt Etazini ak nan kèk lòt peyi. Se yon enperatif pou oryante jèn yo depi bonè nan sans sa a, non sèlman pou ede tèt yo demen, men tou pou soutni antouray yo.

 

Gen anpil nan metye sa yo ki pa pran anpil tan pou jèn ta aprann. Genyen ki ka dire ant twa a douz mwa pou metrize yo. Li kontinye ankò pou li met aksan sou aprantisay « lang etranje ki se lang komèsyal ak entènasyona alafwa. Nan yon sans oubyen yon lòt, ekriven konesè-a twouve bagay sa yo ta dwe deja nan pwogram lekòl Ayiti, men ki jiskaprezan poko janm ranfòse kòmsadwa. Pou sa fèt, fòk Leta, majò jon tout koze-a, li ki gen pouvwa fè ak defè, ta panche sou sa. Pou sa ta rive ateri ministè desantralize yo ta dwe etabli seyans fòmasyon pou jèn anseyan ta eseye travay kòtakòt avèk Fakilte Lengistik Aplike (FLA)/ Inivèsite Leta Ayiti, kòm yo di y ap anseye lang. Kòlèg la ankouraje oksilyè akademisyen yo pou gade echantiyon videyo kote lòt anseyan pwofesyonèl ap anseye lang, epi pran poul sou diferan metòd ak teknik yo itilize. Li refere yo wè tou, si pwofesyonèl ayisyen ki aletranje ki deja nan domèn ta kapab ede. Nou ka ilistre sa nan yon atik Védrine ekri, ki titre: «Reta nan ansèyman lang etranje nan lekòl Ayiti»  kote li elabore plis sou sa.

 

Pwofesè Védrine touche «lidèchip», yon konsèp ki fè pati nwayo misyon ITIAHaiti. Pou pedagòg la, jèn yo sipoze aprann dirije depi nan lekòl, legliz ak asosyasyon, si yo vle sèvi kòm egzanp pozitif pou lòt jenerasyon k ap vini yo. Kidonk, li ka yon echèk oubyen  yon gran reta si se lè yo vin granmoun epi pou y ap aprann devlope lidèchip. Pou li menm y ap vin tankou menm lidè san lidèchip n ap gade jounen jodi-a yo.

 

Kòm lè-a t ap fè lagè, konpatriyòl la te kouri pwente dwèt li sou «patisipasyon paran» nan edikasyon pitit yo. Nan pwen sa, li touche kreyasyon «Rezo Etidyan Ayisyen ki Ayiti ak nan Dyaspora». Non menm ti rale sa, li ankouraje kreyasyon plis blòg, yon fason pou konsève done pou ede elèv k ap fè rechèch. Védrine ankouraje pou jèn yo aprann kiltive «sajès» nan tout sa y ap fè. Li t ap renmen rale plis sou «travay sivik» nan dyalòg li. Kòm tan te fè defo, li envite piblik la li yon atik li pibliye sou tèm: «Travay sivik ta dwe yon obligwatwa pou tout jèn Ayiti». Tèm sa a se yon sijè kle nan misyon oubyen objektif ITIAHaiti, kote li t apral ramne patisipan yo pou aji kòm bon sitwayen, pandan y ap itil kominote yo nan fè benevola tou.

 

Védrine pa te manke fè redondans sou «aprantisaj teknik», kote li t ap envite jèn kontanporen ITIAHaiti yo vin itilize telefòn, òdinatè, ak tout lòt materyèl ki ka itilize nan syans enfomatik. Li panse pratik sa yo ka fè yo vin milyonè si yo sèvi tankou metye, epi menm fòme lòt moun vin itilize yo pi byen. Chèrchè-a pa te sispann simen «lide inisyatif»; li touche «fòmasyon ki ka fèt jou vandredi nan tout lekòl Ayiti», kote li ilistre pati sa nan yon atik li pibliye ki gen pou tit: «Ayiti, pou yon edikasyon pratik lè vandredi». Se yon jou nenpòt lekòl ta ka itilize pou fè fòmasyon pou elèv, epi bay jèn yo espas pou devlope talan yo nan aktivite kiltirèl ak echanj. Nan ventyèm pwen-an, otè-a ta pral egzòte jèn yo pou yo fè «volontarya». Li envite yo fè tout sa ki nan posiblite yo pou ede Ayiti, an patikilye komin yo soti, oubyen kanton kote yo fèt la. Mèt plim lan te fini konsa: «Nan laj mwen, m ap fè volontarya toujou. Mwen mete anpil domiman mwen sot sita la yo an liy gratis. Se konsa mwen fè pwogram volontarya pa mwen pou m ede jèn pwodui plis, epi enfliyanse sosyete-a. Mèsi»

 

Touswit Lengwis Védrine fin depoze, pwofesè Joseph Marcel Georges ta pral fè yon kout ekspoze sou «demach oryantasyon jèn yo nan dimansyon pratik» la, kòm pi gwo kle pwogrè yon tout sosyete. Anvan menm pwofesè Georges te fè anchennman, ekriven Betty Fortunat, prezantatè konferans lan, te kòmante sou jan li apresye entèvansyon pwofesè Emmanuel W Védrine lan. Pou pwofesè Joseph, reyalizasyon ven pwen mèt Védrine sot site la yo ap posib, sèlman si nou kite «faz teyorik» ki la depi li konnen sosyete sa egziste. Donk, aji, pratike, epi santi nou konsène tout bon vre, avèk yon evèy konsyans, kote n ap bay lang kreyòl la plas li merite nan sistèm edikatif Ayiti-a. Pou chèchè-a, se meyè fason pou nou ta kòmanse chanje Ayiti. Pwofesè Georges te pwofite di nou ki ansanm zouti n ap bezwen pou nou kòmanse travay la, paske travay pratik se travay ak bon zouti.

 

Pwofesè Georges te raple eleman ki lakòz «echèk eskolè Ayiti». Nosyon syantifik ak paramèt sou refleksyon jiris la mansyone ta pral montre a klè, ke de nati, pèp ayisyen-an inyore alèt yo. Se yon bagay ki lakòz nou viktim anpil, epi pase trè lwen siksè tou. Yon lòt eleman ki jwe anpil sou echèk nou antanke pèp, se paske nou manke pragmatik. Nou otomatize nan tann Leta pou vin fè tout bagay pou nou, malgre nou gen solisyon yo nan de plan men nou. Lòt pwen syantifik la soulve, se : «politik edikatif la ki anwole avèk objektif pedagojik nan sistèm edikatif la». Li soutni ke n ap ka itilize zouti nesesè yo pou n adapte ak reyalite pa nou antan ke pèp, pou n ka evite echwe depi nan baz aprantisaj la. Ansuit, pwofesè Georges ta pral mansyone twa (3) eleman ki ka ede nou nan edikasyon timoun yo:

 

  1. Edikasyon-an dwe pedagojik, epi patisipasif.

  2. Fè lang matènèl la tounen «lang ansèyeman» nan tout peyi-a.

  3. Itilize materyèl teknik ak teknolojik nan lang matènèl la.

 

Pou konkli, Chèchè Joseph Marcel Georges ta parafraze konsèp: «ando-epistemisid» pwofesè Obrillant Damus pou montre kòman sistèm edikasyon-an ka chanje. Nan konsèp sa a, li montre patrimwàn ki ka itil nou nan edikasyon nou meprize yo. Apre ekspoze de gran lespri yo, te gen yon faz kesyon kote patisipan yo te gen chans poze kesyon. Sa te rann deba trè rich, epi bay reflè yon flanbo ki ret limen. Pwofesè Georges konprann dimasyon akademik ITIAHaiti ap chache pou pèmèt Leta rekonèt enpòtans lang manman kòmsadwa nan edikasyon peyi-a, si tout fwa yo vle chanjman li vre.

 

Pwofesè Jean Hebert Bellefleur, yon sitwayen ayisyen angaje k ap viv Kanada te entèvni pou esplike rezon ki fè Ayiti nan pye kamyonèt la. Pou kòlèg la, «mank respè ak responsablite» anpil pwofesè konn lakòz elèv vin bandi tou. Move tretman, maltretans ak jouman konn pouse yon jèn rive kite lekòl, epi vanje pwofesè. Pou anpeche sa yo rive fèt, kòmantadis tradiktè te pofite pote kèk konsèy li twouve k ap itil, pou pèmèt nou gen yon sosyete ki gen mwens bandi, chimè oubyen vòlè ; li ankouraje yon sosyete kote moun konn valè moun, kote edikasyon an kreyòl ap gen pye sou inyorans yon minorite entèlektyèl. Konpatriyòt Jean rève yon peyi kote se pou «demen miyò» jèn yo va gen pou vote, men pa pou pase yon grangou.

 

Si nou vle reprezante peyi-a tankou yon peyi pou pitit li santi yo fyè pou di yo se pitit li, se chak ayisyen ki dwe aksepte jwe wòl pa yo, epi pote kontribisyon pa yo. Dwe gen yon konba san esklizivite, san paspouki, ni represay ak twonpri. Tout sektè sipoze mete men, si nou vle jwenn bon jan rezilta. Entèprèt Bellefleur egzòte tout paran, pwofesè, direktè ak pastè, elatriye, pou tounen bon jan egzanp pou ti jèn yo. Se konsa n ava asire avni nouvèl jenerasyon-an pandan n ap kontinye chache meyè mwayen pou sosyete a evolye kòmsadwa.

 

Se te youn nan bèl seyans dyalòg òganizasyon ITIAHaiti te reyalize nan dat 25 oktòb 2020-an. Fòmasyon sa se ta youn nan wòch ITIAHaiti te poze pou kore ak selebre mwa kreyòl la. An nou kontinye simaye mesaj espwa, reveye zonbi k ap kabicha, epi kontinye avanse jiskaske nou rive atenn vizyon nou. ITIAHaiti envite tout moun pou rejwenn li chak dènye dimanch nan mwa yo, dekwa pou fè rèv chak grenn ayisyen ap nouri pou yon Ayiti otonòm nan tounen yon reyalite.

 

Obdiel Dormélus, Ekriven, Jounalis

Responsab Piblikasyon nan ITIAHaiti

Imèl: dormelus@itiahaiti.org

 

Wilson Thelimo Louis,

Ko-otè, Editè.

 

Research note: Nòt pou rechèch

Agro-business: a field that Haitian youth should exploit and invest in it; Careers, Trades and professions you Haitian youth; Emphasis on English, French, and Spanish (to be taught as a foreign language) since elementary level; Exchange programs abroad; Exposing Haitian students in Haiti to entrepreneurship as early as possible; Haiti’s archaic education system; Haitian youths and leadership; Haitian Youths in Haiti and Diaspora; Necessity for practical education in Haiti; Necessity to use technology in education in Haiti; Orientating Haitian Youths; Orientation training for Haitian youths; Problem of schools and education in Haiti; Students’ failure; Summer camps for Haitian Youths; Technical courses that needed to be part of the school program (curriculum) in Haiti.